BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/98 p. 4
  • Pyonye ap ede lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pyonye ap ede lòt moun
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Sèvis pyonye bay benediksyon
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1998
km 9/98 p. 4

Pyonye ap ede lòt moun

1 Jezi te di : “Wi, se yon gwo rekòt, men ouvriye yo pa anpil. Kidonk, sipliye Mèt rekòt la pou li voye ouvriye nan rekòt li a. ” Etandone o premye syèk, kantite ouvriye pou rekòt la pa t anpil, Jezi te kapab voye yo ale youn pa youn pou yo touche piplis moun posib ak bon nouvèl la. Olye li fè sa, li “ te voye yo de pa de ”. (Lik 10:1, 2.) Pou ki sa de pa de ?

2 Disip sa yo te nouvo e yo pa t gen eksperyans. Nan travay ansanm, youn t ap aprann nan men lòt e youn t ap ankouraje lòt. Tankou Salomon te di l, “ de vo plis pase youn ”. (Eklezyas 4:9, 10.) Menm apre lespri sen te fin simaye jou la- pannkòt lane 33 nan epòk nou an, Pòl, Banabas ak lòt ankò, te konn akonpaye kwayan kretyen yo nan ministè a (Ak 15:35). Ala yon privilèj sa dwe te ye pou kèk ladan yo te jwenn pèsonèlman yon fòmasyon nan men kalite moun kapab tankou frè sa yo !

3 Yon bonjan pwogram fòmasyon : Kongregasyon kretyen jodi a se yon òganizasyon k ap preche menm jan ak modèl li o premye syèk la. Li ban nou fòmasyon tou. Dezi sensè nou chak, se ta dwe pou nou pi efikas posib nan prezante bon nouvèl la. Pou plis pwoklamatè reyisi amelyore efikasite yo, gen yon èd ki disponib.

4 Tou dènyèman, nan lekòl ministè Wayòm nan, Sosyete a te anonse yon pwogram pou pyonye yo ede lòt pwoklamatè nan divès aspè ministè a. Èske gen yon bezwen konsa ? Wi genyen l ! Gen plis pase yon milyon pwoklamatè ki te batize nan twa dènye lane yo, e anpil ladan yo bezwen èd pou yo ka vin pi efikas nan predikasyon. Kilès yo ka itilize pou konble bezwen sa a ?

5 Pyonye ki nan sèvis aplentan kapab ede. Òganizasyon Jewova a ba yo anpil konsèy ak yon fòmasyon. Pyonye yo resevwa yon enstriksyon adapte ak bezwen yo pandan de semèn lekòl pyonye a. Yo benefisye tou, de reyinyon siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri a fè avèk yo, ajoute sou konsèy ansyen yo bay. Malgre tout pyonye pa gen menm eksperyans ak Pòl ak Banabas, yo resevwa kanmenm yon bonjan fòmasyon itil y ap byen kontan pataje avèk lòt.

6 Kilès ki va benefisye ? Èske se nouvo pwoklamatè sèlman ak moun ki fèk batize ki kapab patisipe nan pwogram sa a ? Pa ditou ! Genyen ki pi jèn, e genyen ki pi aje, ki konnen laverite depi plizyè ane, men ki ta apresye jwenn èd nan kèk aspè nan ministè a. Genyen ki fè yon trè bon travay nan plase piblikasyon, men ki gen difikilte nan fè nouvèl vizit oubyen nan kòmanse etid biblik. Genyen ki kòmanse etid biblik ak fasilite, men yo konstate etidyan yo pa pwogrese. Ki sa ki pwoblèm yo ? Pyonye ki gen eksperyans kapab ofri èd yo nan ka sa a. Gen sèten pyonye ki efikas nan chofe enterè, nan kòmanse etid biblik, e nan dirije nouvo etidyan nan òganizasyon an. Eksperyans yo va vrèman itil nan nouvo pwogram sa a.

7 Èske pwogram tan ou pa pèmèt ou la regilyèman nan reyinyon predikasyon nan kongregasyon an jan ou ta renmen fè l ? Yon pyonye kapab travay avèk ou nan peryòd kote lòt pwoklamatè yo pa disponib.

8 Fòk gen bon kolaborasyon : De fwa chak ane ansyen yo pral fè aranjman pou pwoklamatè ki vle sa, jwenn yon èd pèsonèl pou yo patisipe nan pwogram Pyonye ap ede lòt moun. Si ou dakò resevwa yon èd kon sa, jwenn ak pyonye yo ba wou pou ede w la. Mete sou pye yon pwogram tan ki pratik pou sèvis la, epi respekte l. Toujou fidèl nan chak randevou. Pandan n ap travay ansanm, egzamine mwayen efikas pou nou prezante bon nouvèl la. Analize pou ki sa sèten metòd pou abòde moun efikas. Apresye sijesyon petèt pyonye a kapab ba wou pou w amelyore prezantasyon ou yo. Pandan w ap mete an pratik sa w aprann yo, pwogrè w nan ministè a pral vizib, ni pou wou, ni pou lòt yo (Gade 1 Timote 4:15). Travay ansanm otan nou kapab, patisipe nar/tout aspè ministè a, san nou pa bliye temwayaj enfòmèl. Men fikse atansyon ou sou domèn menm ou bezwen èd pèsonèl la.

9 Siveyan sèvis la enterese nan pwogrè ki pral reyalize yo. Tanzantan, l ap kontakte kondiktè etid liv kongregasyon an pou l mande ki jan ou pwofite nan pwogram nan. Siveyan sikonskripsyon an pral ede w tou lè l vizite kongregasyon an.

10 Jewova vle pou pèp li a enstwi e pou li “ ekipe pou tout bon zèv ”. (2 Timote 3:17.) Apresye pwogram Pyonye ap ede lòt moun tankou yon bèl dispozisyon pou ede sila yo ki vle amelyore kapasite yo nan preche Pawòl la. Si se privilèj pa nou pou nou patisipe nan pwogram sa a, fè li avèk rekonesans, imilite ak lajwa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje