BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/99 p. 1
  • Èske w ap travay avèk yon objektif ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ap travay avèk yon objektif ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Fè vizit mennen nan etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Byen sèvi ak tan nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Èske w vle fè plis ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
Ministè Wayòm nan — 1999
km 9/99 p. 1

Èske w ap travay avèk yon objektif ?

1 Jewova se yon Bondye ki gen objektif (Iza. 55:10, 11). Yo egzòte nou pou n imite li (Efez. 5:1). Se sèten sa ta dwe konsa nan fason n ap akonpli ministè nou. Se sa k fè kesyon an apwopriye : “ Èske w ap travay avèk yon objektif ? ”

2 Predikasyon pòt an pòt n ap fè a, temwayaj enfòmèl, difizyon piblikasyon, yo tout fè pati yon ministè ki vize yon objektif. Men sonje byen manda nou an pa gen preche ladann sèlman, men li gen fè disip tou (Mat. 28:19, 20). Apre nou fin simen grenn verite Wayòm nan, nou bezwen retounen pou nou wouze e pou nou bay yon swenyaj regilye pandan nou fikse je nou sou Jewova pou l fè grenn yo grandi (1 Kor. 3:6). An tout konsyans nou dwe fè vizit e nou dwe kòmanse etid biblik.

3 Elaji ministè w : Toujou gen bonjan satisfaksyon lè w fè yon koudèy annaryè sou sa w te fè nan sèvis la epi ou di tèt ou : “ Mwen atenn objektif mwen te fikse a. ” Jan yo rapòte sa nan 2 Timote 4:5, men sa Pòl te egzòte : “ Akonpli ministè ou nèt. ” Sa gen ladann elaji efò w pou pouswiv tout enterè ou jwenn. Nan orè pou sèvis ou chak semèn, pwograme yon moman presi pou w fè vizit. Travay nan bi pou w eseye kòmanse etid biblik ak moun ki renmen sa ki jis. Sa ta dwe objektif ou lè w ap patisipe nan ministè a.

4 Mande pwoklamatè yo ki jan yo te santi yo lè yo te wè moun yo te etidye Bib la avèk yo ap batize nan yon asanble. Se pa ti kontan yo te kontan, petèt otanke moun ki t ap batize yo. Yo te reyalize yon kokenn objektif ! Men fason yon moun ki konn fè disip te di sa l santi : “ Fè disip vle di fè plis moun pou bay Jewova louwanj. Li siyifi lavi pou moun ki asepte laverite a. Mwen renmen aprann lòt moun laverite a : Se yon bèl bagay ! [...] Anpil nan pami moun ki vin renmen Jewova vin zanmi ki chè pou mwen.”

5 Imajine ou vin anmezi ede yon moun rive yon sèvitè Jewova vwe ! Ala jwa sa ta gen ladann ! Fwi konsa se rezilta travay ki fèt nan ministè a avèk yon objektif. — Kol. 4:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje