Paran : Kite yon bèl egzanp pou pitit nou
1 Pawòl Bondye a di nou : “ Papa [ak manman] yon jis ap jwenn lajwa san mank. ” (Pwov. 23:24, 25). Ala yon benediksyon pou paran ki kite bon egzanp pou desandan yo ! Yon manm komite filyal t ap pale konsènan paran l, li te di : “ Tout lavi yo te santre sou laverite a, e mwen te vle fè tout lavi m tou santre sou li. ” Ki sa timoun yo ta dwe wè nan paran yo ?
2 Savwaviv ak gran respè : Se reskonsablite paran yo pou ede pitit yo devlope bonjan tanperaman. Savwaviv se aprann moun aprann sa, e se pa senpman nan pawòl nan bouch, men nan obsève ak nan imite jan lòt moun fè. Pakonsekan, ki kalite mannyè nou demontre nou genyen ? Èske timoun nou yo konn tande n ap di “ eskize m ”, “ silvouplè ”, “ mèsi ” ? Nan fanmi an, èske youn montre li gen gran respè pou lòt ? Èske nou koute ak atansyon lè lòt yo ap pale ? Èske n ap koute vre lè timoun nou yo ap pale avèk nou ? Èske bonjan tanperaman sa a vizib ni lè nou nan Sal Wayòm nan ni lè nou an prive, lakay nou ?
3 Espirityalite solid ak aktivite zele : Men sa yon frè ki te depanse li pandan plis pase 50 an nan sèvis a plen tan, raple l : “ Manman m ak papa m te yon bèl egzanp nan jan yo te apresye reyinyon yo, ak jan yo te zele nan ministè a. ” Ki jan nou demontre timoun nou yo nou enterese pou kenbe espirityalite moun ki nan kò kay nou ? Èske nou egzamine tèks pou jounen an ansanm ? Èske nou gen yon etid familyal regilye ? Èske pitit nou yo konn wè n ap li Bib la ak piblikasyon Sosyete a ? Ki jan yo tande nou priye pou fanmi an ? Èske nou konn gen konvèsasyon espirityèl ki enstwi timoun nou yo, nan pale sou bagay pozitif konsènan laverite a ak kongregasyon an ? Èske nou konn montre nou gen anpil anvi pou n al asiste reyinyon epi pou preche antanke fanmi ?
4 Paran, reflechi sou egzanp n ap kite pou pitit nou yo. Fè ansòt se yon bon kalite egzanp, e yo va cheri li pandan tout lavi yo. Madanm yon siveyan itineran ki nan 70 an konsa kounye a te di : “ M kontinye ap pwofite bon egzanp paran kretyen m yo, ki renmen m anpil te kite. E tout priyè m se pwouve total apresyasyon m genyen pou eritay sa a, lè m sèvi avè l kòrèkteman pou tout tan gen tan. ”