BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/99 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa septanm
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 6 septanm
  • Semèn 13 septanm
  • Semèn 20 septanm
  • Semèn 27 septanm
Ministè Wayòm nan — 1999
km 9/99 p. 2

Reyinyon sèvis mwa septanm

Semèn 6 septanm

Kantik 190

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.

17 min : “ Èske w ap travay avèk yon objektif ? ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Ajoute lòt kòmantè ki baze sou liv Notre ministère a, paj 89-90. Ankouraje tout moun pou yo konstan nan ministè yo epi pou yo bay tèt yo afon.

18 min : “ Paran : Kite yon bèl egzanp pou pitit nou ”. Yon ansyen ap fè yon entwodiksyon brèf. Answit de frè ki pèdfami ap fè yon konvèsasyon sou atik la. Y ap pale konsènan sousi yo genyen pou pwoteje pitit yo kont pratik ak atitid nwizib timoun yo espoze pou sibi nan lekòl, devan televizyon, ak fanmi ki pa Temwen ak lòt moun toujou. Frè yo ap egzamine konpòtman moun ki pa gen okenn respè, ki gen langay monden, ki gen aparans ak divètisman malsen. Apre refleksyon sou nesesite pou yo kite yon bèl egzanp, yo pale sou fason pou yo pi chofe pou etid familyal, pou reyinyon kongregasyon an ak pou sèvis predikasyon an. — Gade La Tour de Garde 1e jiyè 1999, paj 8-22 ak Réveillez-vous ! 22 septanm 1991, paj 8-9.

Kantik 101 ak priyè final.

Semèn 13 septanm

Kantik 171

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Ki sa nou te fè ane pase ? Diskou siveyan sèvis la. Gade pwen enpòtan ki genyen nan rapò sèvis kongregasyon an pou ane 1999 la ankò. Felisite kongregasyon an pou sa ki bon li te reyalize. Atire atansyon sou domèn ki bezwen amelyore. Konsantre sou sa kongregasyon an te reyalize nan asistans reyinyon ak nan kondi etid biblik. An gwo, fikse objektif ki reyalis pou ane k ap vini an.

20 min : “ Ki sa pou n di yon Endou ? ” Kesyon/repons. Souliye avantaj pou rete sou yon teren antant ak yon moun, e atire atansyon sou kote li posib pou nou dakò ak yon Endou. Montre prezantasyon yo sijere ki kapab ajiste pou bay moun temwayaj, kèlkeswa fòmasyon relijye yo. Fè yon demonstrasyon byen prepare pou bay yon Endou temwayaj. Pou plis enfòmasyon sou relijyon Endou a, gade paj mitan Le ministère du Royaume fevriye 1998, liv Comment raisonner paj 22 ak L’humanité à la recherche de Dieu, chapit 5. Oubyen si sa pi adapte pou nou, prezante diskou : “ Vos dons représentent-ils un sacrifice pour vous ? ”, ki baze sou La Tour de Garde 1e desanm 1987 paj 28-30, pou ede frè yo pran konsyans sou kesyon ofrann volontè a.

Kantik 140 ak priyè final.

Semèn 20 septanm

Kantik 193

12 min : Anons lokal ak eksperyans moun fè nan predikasyon.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : Byen sèvi ak liv Créateur a. Diskou ak demonstrasyon. Ministè Wayòm avril 1999 la te eksplike nou ka ofri liv Créateur a nenpòt lè bay 1) moun ki pa kwè nan Bondye oswa 2) moun ki kwè nan li, men ki pa konnen kilès li ye toutbonvre, oswa ki pa konnen bon kalite l genyen ak objektif li fikse. Kesyon pou fè reflechi ak kòmantè ki dèyè nan po liv la kapab sèvi pou ensite enterè moun pou li liv la. Oubyen nou kapab sèvi yon fason efikas ak paj 152 a. Yon pwoklamatè kapab mande : “ Ki bò nou ka jwenn pi bon konsèy pou rezoud pwoblèm nou jwenn ki pi konplike yo ? ” Li kapab montre moun nan kòman sèten otorite remakab te fè elòj pou Sèmon sou lamontay Jezi te fè a. Mande l chwazi youn nan sèt pi gwo pwen ki plis enterese l, lèfini li kèk nan vèsè yo site yo. Fè demonstrasyon sou toulede sijesyon yo bay pou ofri liv Créateur a. Ankouraje tout moun pote liv la nan predikasyon, dekwa pou nou tou pare pou ofri li chak fwa sa apwopriye.

Kantik 175 ak priyè final.

Semèn 27 septanm

Kantik 141

15 min : Anons lokal. Raple pwoklamatè yo pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa septanm nan. Ankouraje tout moun fè pwojè pou yo patisipe anplen nan difizyon peryodik pandan mwa oktòb la. Gade kèk nan sijesyon ki te parèt nan Le ministère du Royaume oktòb 1996, paj 8 sou fason pou nou prepare prezantasyon yo. Toupandan n ap sèvi ak peryodik ki fèk vini yo, mansyonnen kèk pwen ki bon pou fè konvèsasyon epi fè demonstrasyon toukout sou youn oswa sou de prezantasyon.

15 min : Repons kesyon w yo. Diskou yon ansyen ap fè.

15 min : “ Vrè adorasyon an gaye ann Ewòp de Lès. ” Yon ansyen ap dirije konvèsasyon an sou fòm kesyon/repons. Site kèk eksperyans oswa montre, daprè dènye Annuaire yo, pwogrè nan peyi yo mansyonnen yo se yon evidans.

Kantik 87 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje