Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 jen
Kantik 136
8 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Fè oditwa a konnen aranjman espesyal ki fèt pou predikasyon 22 jen.
15 min : “ Nou pap travay pou granmesi. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons. Ajoute eksperyans yo rakonte nan La Tour de Garde 15 jen 1996, paj 32 a.
22 min : Kòmanse etid ak bwochi Sa Bondye vle a (Attend). Fè yon diskou sou atik ki te parèt nan Ministè Wayòm janvye 1999, paj 6 la. Fè demonstrasyon sou sijesyon yo bay nan § 6 la. Mande youn oswa de pwoklamatè rakonte an brèf bon rezilta yo te jwenn nan kòmanse etid. Y ap di jan yo te fè pou yo te kòmanse etid la e ki sa yo te fè pou yo kontinye li semèn apre semèn.
Kantik 209 ak priyè final.
Semèn 19 jen
Kantik 14
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont epi anonse yo deja fè verifikasyon kont lan pou twa dènye mwa yo. Si kongregasyon an gen liv Les jeunes s’interrogent oswa Votre jeunesse nan estòk li, montre ki jan yo ka byen sèvi avèk liv sa yo nan ministè a pandan mwa vakans yo, lè gen plis okazyon pou nou jwenn jèn yo lakay yo.
8 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè diskou sa a.
25 min : “ ‘ Kouman m ta janm fè kapab, si yon moun pa gide m ? ’ ” Siveyan sèvis la ap dirije yon dyalòg sou fòm kesyon/repons. Fè li chak paragraf, epi fè li tèks biblik yo ki nan paragraf 3, 4 ak 7 la. Lè n ap fè paragraf 6 la, esplike wòl siveyan sèvis la, pou ede nou deside si nou dwe rekòmanse yon etid biblik pèsonèl ak yon moun ki deja batize. — Gade nan Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm novanm 1998 la.
Kantik 89 ak priyè final.
Semèn 26 jen
Kantik 39
10 min : Anons lokal. Ankouraje tout jèn frè ak jèn sè yo pou yo prezan nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou jen. Repale sou piblikasyon n ap prezante nan mwa jiyè a. Montre bwochi ki disponib yo, e san pèdi tan, endike bi yo chak. Fè yon demonstrasyon byen prepare pou montre jan pou nou prezante youn nan bwochi sa yo nan ministè a.
17 min : “ Se pou nou ‘ jenere, tou pare pou pataje ’. ” Kesyon/repons. Sèvi tou ak kat rezon ki anba soutit “ Pourquoi nous donnons ” ki nan La Tour de Garde 1e novanm 1996, paj 29-30 lan.
18 min : Se pou nou konnen ki jan pou nou reponn (Kol. 4:6). Diskou e konvèsasyon avèk oditwa a. Ki sa nou konn fè lè nou rankontre yon moun ki vini ak yon pwen ki pa chita sou Labib ? Anpil fwa, Liv Comment raisonner a ede nou piske l ban nou sijesyon ki itil sou jan pou nou reponn avèk tak. Paregzanp, menmsi pou nou lanmò se yon lènmi ranson Kris la pral venk, gen lòt moun ki konvenk tèt yo pa gen anyen ki kapab elimine lanmò. Yo menm rive gen lafwa nan fo ansèyman reyenkanasyon an. Diskite repons liv Comment raisonner a bay nan ribrik “ Si quelqu’un vous dit ”, ki nan paj 258-9 ak paj 309 la. Ankouraje chak moun pou yo pote liv la avèk yo nan predikasyon.
Kantik 44 ak priyè final.
Semèn 3 jiyè
Kantik 213
8 min : Anons lokal. Mande pwoklamatè ki te kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye vle a kouman yo te rive fè sa.
20 min : Bezwen kongregasyon an. “ Ne formez pas d’attelage avec les incroyants. ” Yon ansyen ap fè diskou sa a, dapre La Tour de Garde 1e novanm 1989, paj 18-22.
17 min : Se mete prensip biblik yo an pratik ki bay lavi fanmi jarèt. Dyalòg ant de frè dapre uit pwen ki nan liv Comment raisonner a, paj 229-30. Esplike enpòtans sa genyen pou nou ede moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo aprann sekrè bonè nan fanmi chita nan konprann prensip ki nan Pawòl Bondye a, epi nan mete yo an pratik. Sèvi ak leson 8 bwochi Sa Bondye vle a (Attend), pou nou demontre jan sa kapab fèt. Fanmi ki byen reyaji devan konsèy Bib la bay, vin pi sere kole youn ak lòt, e tank gen lanmou ak linyon se tank yo jwenn plis lajwa. Rakonte eksperyans ki nan liv Bonheur familial la, chapit 13 § 1, 21-2.
Kantik 51 ak priyè final.