Se pou nou “ jenere, tou pare pou pataje ”
1 Sa gen plizyè syèk depi apòt Pòl te bay Timote lòd pou l ankouraje lòt kwayan yo pou yo “ travay pou lebyen, pou yo rich nan fè bèl zèv, pou yo jenere, tou pare pou pataje ”. (1 Tim. 6:18.) Pòl te fè kretyen ebre yo sonje tou pou yo pa bliye “ fè lebyen epi pataje ak lòt moun ”. (Eb. 13:16.) Poukisa li te ekri enstriksyon sa yo ? Paske li te konnen ta gen “ laglwa, onè ak lapè pou tout moun ki fè sa ki bon ”. — Wom. 2:10.
2 Dapre pozisyon Jewova Dye antanke Kreyatè, se li ki pwopriyetè tout bagay (Rev. 4:11). Sètènman nou apresye sa l fè anfavè nou ak bagay li genyen yo. Malgre konpòtman engra anpil moun, Trèwo a kontinye pèmèt tout moun pwofite dispozisyon jenere li yo pou antretni lavi a (Mat. 5:45). Li menm bay Pitit ki te pi chè pou li a an sakrifis, dekwa pou nou ka jwenn lavi etènèl. Èske lanmou li te montre li genyen pou nou an pa ta dwe pouse nou montre nou rekonesan epi jenere ak sanblab nou yo ? — 2 Kor. 5:14, 15.
3 Ki sa nou kapab pataje ? Li apwopriye pou nou sèvi ak nenpòt sa nou genyen yon fason pou nou agreyab nan je Bondye. Se sèten nou vle soutni travay Wayòm nan, keseswa defason materyèl keseswa defason espirityèl. Natirèlman bon nouvèl la se pi gwo trezò yon moun kapab posede, paske li se “ pisans Bondye pou sali ” a. (Wom. 1:16.) Lè nou jenere ni ak tan nou ni ak byen nou pou nou patisipe nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an chak mwa, nou gen posiblite pataje trezò espirityèl sa a ak lòt moun. L ap fè yo jwenn lavi etènèl.
4 Jewova kontan anpil lè nou ede moun mwayen yo piti. Li pwomèt nou benediksyon e li fè nou sonje tou : “ Nan jou firè a bagay ki gen valè pap sèvi anyen, men jistis li menm ap delivre moun anba lanmò. ” (Pwo. 11:4 ; 19:17). Pandan n ap kore travay Wayòm nan materyèlman e pandan n ap patisipe san rezèv nan predikasyon bon nouvèl la, se pi bèl fason nou kapab montre vrèman nou jenere, tou pare pou pataje.