Ann preche nan tèritwa ki gen biznis yo avèk asirans
1. Lè nou reflechi sou posiblite pou n al preche nan zòn ki gen biznis yo sa ban nou kè kase, men poukisa nou pa dwe kite sa dekouraje nou?
1 Lè nou reflechi sou posiblite pou n al preche nan zòn ki gen biznis yo, èske sa ban nou kè kase? Si repons lan se wi, nou pa bezwen dekouraje, menm apot Pòl, ki te akonpli ministè l avèk kouraj san l pa pè, te oblije ‘mete kran sou li’ pou l te ka preche bon nouvèl la (1 Tes. 2:2). Pi ba a nou pral jwenn kèk sitiyasyon ki konn fè pwoklamatè yo pè e n ap jwenn kèk sijesyon pratik sou sa yo ka fè nan sitiyasyon sa yo.
2. Poukisa nou pa dwe enkyete nou si wi ou non nou deranje moun k ap travay yo?
2 Lè nou entèwonp moun k ap travay yo, èske nou deranje yo? Nan anpil biznis, moun k ap travay yo la pou yo sèvi piblik la e yo atann pou moun entèwonp yo. Byen souvan y ap janti avèk nou, piske yo ka panse nou se yon kliyan ki vin achte. Lè nou abiye yon fason ki montre respè, nou pale yon fason ki vivan e nou fè sa avèk jantiyès, sa ap fè yo trete nou avèk respè.
3. Ki sa nou ka fè pou nou evite deranje kliyan yo?
3 Èske n oblije fè prezantasyon nou an devan anpil kliyan? Si sa posib, chwazi yon lè kote pa gen anpil moun nan biznis la, tankou lè biznis lan fèk ouvri. Li bon pou nou tann lè manadjè a oubyen moun ki responsab la poukont li anvan nou abòde l. Fè yon prezantasyon ki byen kout.
4. Ki sa nou ka di lè n ap bay temwayaj nan zòn ki gen biznis yo?
4 Ki sa nou ka di? Si gen plizyè anplwaye k ap travay nan biznis lan, nou dwe pale ak moun ki responsab la. Men sa nou ka di: “Li pa fasil pou nou jwenn moun k ap travay nan biznis yo lakay yo, se pou rezon sa a nou vin vizite w isit la. Mwen konnen w ap travay, se sa k fè m pap pran anpil tan.” Pou moun pa panse nou se moun k ap vann, byen souvan li pi bon pou nou pa mande ofrann, sof si moun nan mande ki kote nou jwenn kòb pou nou fè travay n ap fè a oubyen si l mande konbyen kòb pou l peye. Selon sa yo fè nan biznis lan, nou ka mande manadjè a pèmisyon pou nou pale ak lòt anplwaye yo. N ap fè menm prezantasyon an pou yo. Si yon anplwaye okipe, fè prezantasyon an pi kout epi kite yon feyè avè l. Si l pa posib pou nou pale ak anplwaye yo, petèt nou ka mande pèmisyon pou nou kite kèk piblikasyon nan zòn kote anplwaye yo konn pran poz oubyen yon lòt kote ki disponib pou yo.
5. Bay kèk rezon ki fè nou dwe bay temwayaj nan zòn ki gen biznis yo avèk asirans.
5 Jezi ak Pòl te konn preche moun ki nan travay yo avèk asirans, e nou ka fè sa tou (Mat. 4:18-21, 9:9; Tra. 17:17). Mande Jewova pou li ede nou gen yon kè ki kalm e pou l ede nou gen kran (Tra. 4:29). Lè n ap preche nan tèritwa ki gen biznis yo pap gen anpil ka kote nou pa jwenn moun, donk poukisa nou pa eseye bay temwayaj fason efikas sa a?