Pwogram pou semèn 1ye oktòb
SEMÈN 1ye OKTÒB
Kantik 103 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 6 § 7-13 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Dànyèl 4-6 (10 min.)
No 1: Dànyèl 4:18-28 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Rezon ki fè vrè kretyen yo dwe evite tout pratik ki gen rapò ak movèzespri (5 min.)
No 3: Nan tan lontan, ki jan Bondye te konn bay sèvitè li gen sou tè a enstriksyon? — rs-F p. 270 § 4–p. 271 § 1 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Ann kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj sa a pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa oktòb la. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a.
15 min: Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a? Diskou. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Pale sou aktivite kongregasyon an te akonpli pandan ane sèvis ki sot pase a, konsantre sou pwen pozitif nan travay kongregasyon an te akonpli. Felisite pwoklamatè yo lè sa apwopriye. Fè entèvyou ak youn oubyen de pwoklamatè ki te fè bèl eksperyans nan predikasyon. Mansyone youn oubyen de pwen kongregasyon an bezwen travay pandan ane k ap vini an, epi ba moun yo kèk sijesyon pratik ki ka ede yo.
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa oktòb la. Konvèsasyon. Pran 30 oubyen 60 segonn pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la, epi mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun nan tèritwa a e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a epi si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan Toudegad la oubyen ki nan Réveillez-vous! a. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
Kantik 85 ak priyè