Anons
◼ Septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Novanm ak desanm: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn verite a?, Jéhovah: Qui est-il?, Jésus Christ: Qui est-il?, Tout soufrans pral fini talè konsa!, Si moun nan enterese sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2013 la nan semèn 1ye avril 2013. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen ki gen yon asanble nan wikenn sa a ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 1ye avril.
◼ Men Sal Wayòm ki fèk konstwi ann Ayiti: Kavayon, Kanapevè.