Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa oktòb la
“Mwen sèten w ap dakò avèk mwen lavi a sanble kout anpil. Èske w panse yon jou n ap ka rive elimine maladi e n ap ka viv pi lontan? [Kite moun nan reponn.] Gade sa peryodik sa a di.” Bay moun nan Toudegad 1ye oktòb la (fransè), epi fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, e pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye oktòb
“N ap vizite tout vwazen nou yo paske anpil nan yo enkyè lè yo wè jan gen anpil koripsyon nan biznis ak nan gouvènman yo. Èske w panse gen yon bagay moun ka fè pou yo rezoud pwoblèm sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di Jezi pral fè pou moun ki viktim anba koripsyon yo. [Li Sòm 72:12-14.] Peryodik sa a montre jan koripsyon pral fini talè konsa.”
Réveillez-vous! Oktòb
“Pifò paran ta renmen pou pitit yo jwenn bonjan fòmasyon. Lè jèn yo fini lekòl jodi a, èske w panse yo byen prepare pou yo fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di sou enpòtans sa genyen pou yon moun gen konesans ak sajès. [Li Eklezyas 7:12.] Peryodik sa a bay senk konsèy pratik ki ka ede timoun yo reyisi lekòl.”