BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 9/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa oktòb la

“Nou pase rann vwazen nou yo yon ti vizit tou kout pou n pale avèk yo konsènan yon bon gouvènman. Èske w panse gen yon gouvènman ki gen kapasite pou l elimine pwoblèm difisil yo tankou vyolans ak enjistis?” Kite moun nan reponn. Fè moun nan sonje nan priyè Nòtrepè a, Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou yon gouvènman konsa vini ki se Wayòm Bondye a. Montre moun nan do Toudegad 1ye oktòb la, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Toudegad 1ye oktòb

“N ap fè yon ti pale tou kout ak vwazen nou yo konsènan kèk pawòl ki nan yon priyè Jezi te anseye disip li yo tout moun konnen. [Li Matye 6:9, 10.] Èske w deja tande yon bon esplikasyon sou ki sa Wayòm Bondye a ye ak pou ki rezon Jezi te pale anpil de Wayòm sa a nan sa l t ap anseye yo? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a montre ki sa Bib la di sou Wayòm Bondye a ansanm ak kèk nan bèl benediksyon Wayòm sa a pral pote pou tè a.”

Réveillez-vous! Oktòb

“N ap rann moun yo yon ti vizit tou kout pou n ede yo jwenn repons pou kesyon sa a. [Montre moun nan paj kouvèti peryodik la.] Èske w panse yon moun dwe rich pou l reyisi toutbonvre? [Kite moun nan reponn.] Bib la montre nou dwe gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. [Li Lik 12:15.] Selon sa Bib la montre, nenpòt moun ka reyisi toutbonvre. Peryodik sa a esplike sa k fè sa.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje