Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa oktòb la
“Jodi a, n ap vizite kèk moun nan zòn nan pou n fè ti pale avè yo. Pou anpil moun, sitiyasyon ki pi difisil yo rankontre nan lavi yo se lè yo gen yon fanmi pwòch yo ki mouri. Èske se menm bagay la pou ou tou? [Kite moun nan reponn.] Mwen twouve sa yo di nan peryodik sa a vrèman ankourajan.” Montre moun nan do Toudegad 1ye oktòb la, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye oktòb
“Nou vin wè w paske n ap ankouraje tout moun pou yo li Bib la. Nou konnen gen anpil moun ki enterese nan sa Bib la di, men gen lòt moun liv sa a pa enterese yo ditou. E ou menm èske se yon liv ki enterese w? [Kite moun nan reponn.] Gade yon bèl deklarasyon Bib la fè nan vèsè nou pral li a. [Li 1 Tesalonisyen 2:13.] Mwen sèten w ap dakò ak rezònman sa a: Si Bib la se yon liv Bondye fè ekri pou nou, li merite pou nou pran tan pou nou li l. Peryodik sa a fè yon ti rale sou sa yo pale nan Bib la e li esplike poukisa Bib la dwe enterese nou.”
Réveillez-vous! Oktòb
“Mwen ta renmen tande opinyon w sou kesyon sa a: Èske li posib pou nou jwenn satisfaksyon nan lavi nou si nou pa gen anpil byen materyèl? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di nan vèsè sa a. [Li 1 Timote 6:8.] Peryodik sa a montre fason nou ka gen yon pwennvi ekilibre sou byen materyèl epi li pale sou twa bagay moun pa ka achte ak lajan.”