Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa oktòb la
“Nan tan difisil n ap viv la, nou tout konn jwenn pwoblèm ki mete presyon sou fanmi nou. Ki kote w panse nou ka jwenn bonjan direksyon pou ede nou gen kè kontan nan fanmi nou?” Kite moun nan reponn. Bay moun nan Toudegad 1ye oktòb la (fransè), epi fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan youn nan soutit ki nan paj 16 ak 17 la. Ansuit atire atansyon moun nan sou omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Apre sa, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen egzamine youn nan lòt kesyon yo avè l.
La Tour de Garde 1ye oktòb
Montre moun nan kouvèti peryodik la, epi mande l: “Ki jan w t ap santi w si w ta vin konnen gen bagay yo te aprann ou sou Bondye se manti yo ye? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Jezi te di sou fason pou nou fè diferans ant laverite ak manti. [Li Jan 17:17.] Kidonk se sèl Bib la ki di nou laverite sou Bondye. Peryodik sa a pale sou senk bagay moun yo konn di sou Bondye e Bib la montre aklè se manti yo ye.”
Réveillez-vous! Oktòb
“Jodi a n ap vizite tout moun pou nou atire atansyon yo sou kèk konsèy ki ka itil fanmi yo. Dapre ou menm ki pi gwo pwoblèm paran yo konn jwenn lè y ap leve pitit yo? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil paran ki chèche konsèy nan Bib la. Pa egzanp, pawòl saj nou jwenn nan vèsè nou pral li la a ka ede yo lè y ap bay pitit yo disiplin. [Li Efezyen 4:31.] Peryodik sa a montre jan konsèy ki nan Bib la ka ede paran yo nan chak etap nan lavi pitit yo, depi lè yo tibebe pou jis yo rive nan adolesans.”