Jèn yo ap mande tèt yo: Ki sa m ka fè pou m gen bon zanmi?
Jewova te kreye moun pou yo gen relasyon ak lòt moun e pou yo gen zanmi (Pwo. 17:17; 18:1, 24). Pou nou chak ka jwenn byenfè nan relasyon sa a, nou dwe byen chwazi zanmi nou yo (Pwo. 13:20). Apre nou fin gade videyo ki gen tit: Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis? an, èske w ka reponn kesyon ki apre yo?
Entwodiksyon:
1) Ki sa yon bon zanmi ye?
Obstak ki anpeche amitye devlope:
2) Ki jan w ka rive venk santiman kòmkwa pèsonn pa sou bò w (Fil. 2:4)? 3) Poukisa ou ta dwe dispoze amelyore pèsonalite w, e kiyès ki ka ede w fè sa (2 Kor. 13:11)? 4) Ki sa k ap ba w okazyon pou w fè plis zanmi? — 2 Kor. 6:13.
Amitye avèk Bondye:
5) Ki jan w ka vin gen relasyon ki pi sere avèk Jewova, e poukisa sa vo lapèn pou w fè efò pou sa (Sòm 34:8)? 6) Lè se Jewova ki pi bon zanmi w, ki byenfè w ka jwenn nan amitye w gen ak lòt moun?
Move kalite zanmi:
7) Kiyès ki move frekantasyon (1 Kor. 15:33)? 8) Ki jan move zanmi kapab mennen nou nan dezas espirityèl?
Yon dram nan epòk modèn nan:
9) Ki sa sa Bib la rapòte konsènan Dina a aprann nou (Jen. 34:1, 2, 7, 19)? 10) Ki jan Tara te jistifye amitye li te genyen avèk jèn nan monn nan? 11) Anba ki danje zanmi Tara yo te ekspoze l? 12) Poukisa paran Tara yo pa t rive wè danje ki t ap menase l la, men ki atitid yo te genyen ki te pèmèt yo ede l reprann li espirityèlman? 13) Ki jan yon sè pyonye te montre li se yon bon zanmi pou Tara? 14) Ki opinyon diferan Tara te vin genyen?
Konklizyon:
15) Ki leson ou te aprann nan videyo sa a? 16) Ki jan ou ka sèvi avè l pou w ede lòt moun?
Nou swete pou nou fè zanmi ak moun k ap ede nou kenbe pi gwo amitye ki genyen an: amitye ak Bondye! — Sòm 15:1, 4; Iza. 41:8.