Pwogram pou semèn 4 fevriye
SEMÈN 4 FEVRIYE
Kantik 70 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 4 § 5-12, (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Matye 22-25 (10 min.)
No 1: Matye 23:25-39 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Poukisa kretyen yo dwe enterese toutbon nan pwofesi ki nan Bib la? — rs-F p. 291 § 2-6 (5 min.)
No 3: Bay kèk egzanp biblik ki montre sajès ki gen nan pawòl nou jwenn nan Pwovèb 3:5 lan. (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa fevriye a. Konvèsasyon. Pran 30 segonn oubyen 60 segonn pou w di poukisa peryodik sa yo ap enterese moun nan tèritwa a. Atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la. Mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a. Si gen tan pou sa, poze yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan yon lòt peryodik. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
10 min: Si yon moun di nou: ‘Mwen pa kwè nan Bondye.’ Konvèsasyon. Li baze sou liv Comment raisonner, paj 111 paragraf 1 rive nan paj 112 paragraf 1.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
Kantik 95 ak priyè