BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/13 p. 3
  • “Renmen tout frè nou yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Renmen tout frè nou yo”
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Yon fanmi ki ini
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Fason nou ka fè bonjan lanmou an grandi nan nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Èske nou konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Ministè Wayòm nan — 2013
km 1/13 p. 3

“Renmen tout frè nou yo”

Gen prèske de mil an depi yo te ekri pawòl enspire ki nan tit sa a (1 Pyè 2:17). Men, plis pase tout lòt lè, se jodi a nou pi bezwen aplike pawòl sa yo. Ki sa n ka fè pou n renmen tout frè nou yo piske yo gaye toupatou sou tè a? Epi nan monn sa a kote moun yo san lanmou, ki sa nou ka fè pou nou sèten lanmou nou pap janm rafredi (Mat. 24:12)? Pandan w ap gade videyo sa a ki gen tit: “Toute la communauté des frères”, eseye reponn kesyon ki pi ba yo.

1) Nòmalman, ki lè nou vin fè pati kominote frè nou yo? 2) Site twa aktivite nou fè menm jan ak tout frè nou yo nan lemonnantye. 3) Ki sa frè yo fè ki montre detèminasyon yo genyen pou yo preche a) nan zòn ki trè lwen nan Alaska, b) nan gwo pò ki ann Ewòp yo, ak c) nan gwo rak bwa ki gen nan peyi Pewou? 4) Poukisa nou pa dwe janm panse travay predikasyon an se yon travay òdinè? 5) Bay kèk egzanp ki montre fason Temwen Jewova yo rekonfòte youn lòt e youn ede lòt a) lè tranblemanntè fin pase, b) lè gen siklòn, c) lè gen lagè sivil. 6) Ki fason pratik nou tout ka demontre bèl kalite ki idantifye nou kòm kretyen an (Jan 13:35)? 7) Ki byenfè nou jwenn lè n travay ansanm pou n bati pwòp Sal Wayòm nou? 8) Ki sa frè nou yo ann Ewòp delès ak nan peyi Risi te fè pou yo rete pwòch ak Jewova lè yo te entèdi travay predikasyon an? 9) Ki efò estrawòdinè anpil Temwen Jewova fè pou yo asiste kongrè, e poukisa? 10) Kòman videyo sa a ranfòse detèminasyon w a) pou w adore Jewova nan inite nan reyinyon yo ansanm ak frè w yo, b) pou w ede lòt moun nan moman difisil, e c) pou w preche moun yo fidèlman tout kote w gen posiblite fè sa e tout jan w kapab? 11) Kòman ou ka sèvi ak videyo sa a nan ministè a e ki lè w ka fè sa?

Prensipal rezon ki fè nou chwazi fè pati bèl kominote nou fòme antanke kretyen an se paske nou renmen Jewova. Se sa k fè nou renmen chèche konn plis sou Jewova e nou renmen fè lòt moun konnen l. Mete sou sa, nou renmen moun Jewova renmen. Lè n ede moun sa yo nan moman difisil, nou pa atann pou Bondye di nou mèsi pou sa. Okontrè, nou di Bondye mèsi paske nou konsidere bèl fratènite ki gen nan mitan nou an kòm yon kado ki gen anpil valè Jewova ban nou. Etandone dènye jou monn sa a ki san lanmou an ap pwoche, ann kontinye montre nou gen lanmou pou tout frè nou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje