Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa avril la
“Nou t ap ankouraje vwazen nou yo pou yo li Bib la. Men anpil moun panse Bib la se yon liv ki difisil pou moun konprann. Èske w panse sa yo di a se laverite? [Kite moun nan reponn.] Gade sa peryodik sa a di.” Montre moun nan do Toudegad 1ye avril la, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye avril
“Anpil moun nou rankontre ap fas ak gwo pwoblèm. Sa fè kèk moun ap mande ki bi lavi a. Dapre ou menm ki pi gwo obstak ki anpeche moun gen kè kontan jodi a? [Kite moun nan reponn.] Nan Bib la, Bondye pwomèt nou li pral retire pwoblèm nou rankontre yo talè konsa. [Li Revelasyon 21:4.] Peryodik sa a esplike sa demen sere pou nou e li fè nou konnen ki sa nou ka fè pou lavi nou ka gen yon sans depi kounye a.”
Réveillez-vous! Avril
“Toupatou sou tè a moun fè vyolans sou manm fanmi yo. Gen anpil moun ki di se akoz kilti moun yo, akoz fanmi yo soti, oubyen se detant ki gen vyolans ladan yo ki lakòz sa. Dapre ou menm, ki pi gwo rezon ki fè moun fè vyolans sou manm fanmi yo? [Kite moun nan reponn.] Bib la montre bon relasyon ki dwe egziste ant yon mari ak madanm li. [Li Efezyen 5:33.] Peryodik sa a pale sou fason kèk moun rive sove maryaj yo lè yo aplike prensip ki nan Bib la.”