Kèk modèl prezantasyon
Nouvèl Wayòm no 38
“N ap patisipe nan yon kanpay n ap fè toupatou sou tè a pou n distribye feyè sa a bay tout moun, li gen yon mesaj enpòtan ladan l. Men feyè pa w nou pote pou ou.”
Nòt: Pou nou ka kouvri tout tèritwa a, se pou nou fè yon prezantasyon tou kout. Sepandan, nan kèk ka, moun nou rankontre a ka montre li enterese toutbon e li ka mande nou pou n pale plis avè l. Nan ka sa a, nou ka mande l opinyon l sou kesyon yo poze nan premye paj feyè a e nou ka li repons Bib la bay la anndan feyè a. Ansuit si gen tan pou sa, nou ka egzamine yon pati nan sa yo di nan feyè a avè l. Anvan n ale, montre l kesyon ki nan do feyè a anba soutit “Fè yon ti reflechi” a. Epi pran randevou pou n retounen pale avè l sou kesyon sa a.
Toudegad 1ye novanm
“Dapre ou menm, ki pi gwo manti yo bay sou Bondye? [Kite moun nan reponn.] Selon Bib la, Bondye vle pou moun renmen l e li vle pou yo kwè nan li. [Li Izayi 41:13.] Peryodik sa a pale sou twa manti byen souvan yo bay sou Bondye ki fè li difisil pou kèk moun pwoche bò kote l.”
Réveillez-vous! Novanm
“Nou pase wè w pou yon ti moman paske nou remake gen anpil moun ki enkyè akoz prensip moral yo k ap pèdi valè de jou an jou. Èske w panse sosyete a bese nivo prensip moral li yo? [Kite moun nan reponn.] Bib la te predi nan epòk nou an etadespri moun yo ak konpòtman yo t ap chanje. [Li 2 Timote 3:1-5.] Peryodik sa a fè konnen poukisa nou ka fè prensip moral ki nan Bib la konfyans.”