Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Montre nou enterese nan moun yo
Rezon ki fè sa enpòtan: Jezi wè chak moun apa, e avèk amou li montre li enterese nan chak moun. Pa egzanp, yon lè Jezi te remake jan yon mesye ki soud te yon jan malalèz, konsa, pou Jezi te geri mesye a li te fè sa yon kote apa, yon kote foul moun yo pa t wè sa k ap pase (Mak 7:31-35). Jezi te montre konsiderasyon pou disip li yo, li te rekonèt yo gen limit e li pa t ba yo twòp enfòmasyon yon sèl kou (Jan 16:12). Menm lè Jezi nan syèl la, li montre li enterese nan moun yo (2 Tim. 4:17). Antanke disip Kris, nou dwe imite l (1 Pyè 2:21; 1 Jan 3:16, 18). Anplis de sa, si nou montre konsiderasyon pou moun nou rankontre a, nou chèche konprann sitiyasyon l, sa ki enterese l, sa k ap domine lespri l, n ap pi efikas nan ministè a. Petèt moun nan ap pi dispoze tande nou si l remake nou pa jis vin preche l oubyen nou jis vle kite yon piblikasyon pou li, men nou enterese nan li pèsonèlman.
Eseye sa a pandan mwa a:
Fè seyans repetisyon pandan adorasyon an fanmi an, oubyen petèt pandan nou nan predikasyon, kote yon pwoklamatè oblije chanje prezantasyon li t apral fè a pou l ka pale sou yon bagay moun li rankontre a di.
Pandan kèk reyinyon predikasyon, frè k ap fè soti a ka pale sou kèk fason nou ka montre nou enterese nan moun yo oubyen li ka fè demonstrasyon sou fason pou n montre nou enterese nan moun yo.