Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye out
“Nou t ap vizite vwazen nou yo pou n fè yon ti pale ak yo sou fason nou ka ede yo fè fas ak kèk pwoblèm ki kouran jodi a. Youn nan bagay ki pi difisil pou nou sipòte se lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Èske w pa dakò ak sa? [Kite moun nan reponn.] Gade yon pwomès ankourajan nou jwenn nan Bib la. [Li Revelasyon 21:3, 4.] Bib la ban nou espwa yon jou moun pa nou yo ki mouri pral reviv ankò. Peryodik sa a esplike kòman sa pral fèt.”
Réveillez-vous! Out
“Nou t ap montre tout vwazen nou yo yon atik ki pale sou kantite enfòmasyon ki gen nan selil nou yo. [Montre moun nan kouvèti Réveillez-vous! a.] Gen anpil moun ki kwè se grasa evolisyon ki fè lavi egziste, men gen lòt moun ki panse se kreye Bondye te kreye lavi. E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a atire atansyon nou sou kèk dekouvèt yo fè ki montre jan selil nou yo konplike e sa fè kèk syantifik ap mande tèt yo si pa gen yon Moun ki kreye lavi.”