Apati mwa sa a, reyinyon lasemèn nan pap gen twa diferan modèl prezantasyon ankò. Olye de sa, nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè, n ap jwenn modèl konvèsasyon k ap gen yon kesyon pou kòmanse konvèsasyon an, yon vèsè ak yon kesyon n ap gen pou n reponn nan pwochen vizit la. Chak semèn, y ap pase yon sèl videyo sou modèl konvèsasyon yo. Chak pwoklamatè ka deside ki piblikasyon nan piblikasyon nou gen pou anseye yo li ka itilize nan prezantasyon l ap fè a e ki lè l ap fè sa, se gendwa nan premye rankont lan oswa nan yon nouvèl vizit. Mete sou sa, pwogram reyinyon an ap bay kèk ide sou sa n ka di nan de pwochen vizit yo. Dispozisyon sa a ap ede nou konsantre nou sou objektif nou genyen pou n anseye “tout moun ki [...] nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tr 13:48.
Asiyasyon pou elèv: Si yo pa bay lòt enstriksyon, elèv yo dwe fè demonstrasyon sou modèl konvèsasyon yo.