BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 11 p. 1-6
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 4-10 NOVANM
  • 11-17 NOVANM
  • 18-24 NOVANM
  • 25 NOVANM–1YE DESANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 11 p. 1-6

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

4-10 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 JAN 1-5

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 491 § 1

Padon

Li nòmal pou nou priye Bondye pou n mande l padon pou frè ak sè nou yo, nou ka menm fè sa pou tout yon kongregasyon. Moyiz te fè sa pou nasyon Izrayèl la, lè l te konfese peche tout nasyon an te fè a e li te mande Jewova padon pou yo. Jewova te koute priyè l te fè a (Nb 14:19, 20). Salomon te fè menm bagay la tou. Lè yo t ap inogire tanp lan, li te priye pou Jewova padone moun nan pèp la ki fè yon peche e ki kase tèt tounen kite move aksyon yo t ap fè yo (1Wa 8:30, 33-40, 46-52). Esdras te aji antanke pòtpawòl pèp la lè l te konfese peche Juif ki te sot ann egzil yo devan tout moun. Li te ouvri kè l bay Jewova nan lapriyè e li te bay pèp la bonjan ankourajman. Kòm rezilta, pèp la te aji byen vit pou yo jwenn padon (Esd 9:13–10:4, 10-19, 44). Jak te ankouraje yon moun ki te malad nan domèn espirityèl pou l rele ansyen yo pou priye pou li, epi “si l te fè peche, l ap jwenn padon”. (Jk 5:14-16.) Sepandan, gen “yon peche ki mennen nan lanmò” se peche kont lespri sen, anpalan de peche yon moun chwazi pratike volontèman e ki pa gen padon. Yon kretyen pa dwe priye pou moun ki peche nan sans sa a. — 1J 5:16; Mt 12:31; Eb 10:26, 27; gade ESPRIT; PÉCHÉ; fransè.

11-17 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 JAN 1-13; 3 JAN 1-14; JID 1-25

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 879

Fèt nou fè pou nou demontre lanmou

Labib pa bay okenn detay konsènan ki kalite fèt fèt sa yo te ye ni konbyen fwa yo te konn fèt (Jid 12). Yo pa t fè pati enstriksyon Jezi oubyen apot yo te bay, e sa te parèt klè kretyen yo pa t gen pou yo konsidere fèt sa yo kòm yon obligasyon oubyen kòm yon bagay ki t ap la pou toutan. Gen kèk moun ki fè konnen se te yon okazyon pou kretyen ki gen gwo mwayen ekonomik yo fè yon gwo resepsyon kote yo envite frè ak sè nan kongregasyon an ki pòv yo. Nan moman sa yo, timoun ki pa gen papa yo, vèv yo, moun ki rich yo ansanm ak moun ki pa t gen gwo mwayen ekonomik yo, yo tout reyini pou yo pataje yon bon ti manje tankou yon fanmi ki ini.

it-2-F 805

Wòch

Mo grèk spilas la fè referans ak yon wòch oswa yon resif ki kache anba dlo. Jid te sèvi ak mo sa a pou l pale de kèk moun ki te fofile kò yo nan mitan kongregasyon kretyen an nan objektif pou kòwonp li. Menm jan resif ki kache te reprezante yon gwo danje pou batiman yo, se konsa tou moun sa yo te yon veritab danje pou lòt moun yo nan kongregasyon an. Men sa Jid di de moun sa yo: “Mesye sa yo k ap fete ansanm ak nou nan fèt nou fè pou nou demontre lanmou youn pou lòt, se resif ki kache anba dlo yo ye.” — Jid 12.

18-24 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 1-3

“Mwen konnen sa w fè”

w01-F 15/1 20-21 § 20

Mache pazapa ak òganizasyon Jewova a

20 Pou nou mache pazapa ak òganizasyon Jewova a ki pa sispann avanse, sa mande pou nou rekonèt responsablite Jewova bay Jezi Kris antanke “chèf kongregasyon an”. (Efezyen 5:22, 23.) N ap note yon bagay enpòtan tou li di nou, nou jwenn nan Ezayi 55:4: “Gade! Mwen [Jewova] fè l vin yon temwen pou nasyon yo, yon dirijan e yon chèf pou dirije nasyon yo.” Jezi byen konnen jan pou l dirije. Epitou, li konnen mouton l yo e li konnen sa yo fè. Anfèt lè li t ap enspekte sèt kongregasyon yo ki te nan Azi Minè a, an senk fwa li te di: “Mwen konnen sa w fè.” (Revelasyon 2:2, 19; 3:1, 8, 15). Jezi konnen sa nou bezwen tou menm jan ak Papa l. Anvan l te bay priyè modèl la, Jezi te di: “Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” — Matye 6:8-13.

25 NOVANM–1YE DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 4-6

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

re-F 77 § 8

Twòn Jewova a ki nan syèl la gen anpil glwa

8 Jan te byen konnen se prèt yo te mete pou sèvi nan ansyen tabènak la. Kidonk, li dwe te sezi lè l te wè sa l esplike annapre yo: “Toutotou twòn nan, te gen 24 twòn, e mwen te wè 24 ansyen ki chita sou twòn sa yo. Yo te abiye ak rad blan e yo te gen kouwòn annò sou tèt yo.” (Revelasyon 4:4). Poutan, olye se prèt li wè, li wè 24 ansyen ki chita sou twòn ak kouwòn sou tèt yo menm jan ak wa. Kiyès ansyen sa yo ye? Yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ki fè pati kongregasyon kretyen an, ki resisite e ki nan pozisyon Jewova te pwomèt yo nan syèl la. Ki jan nou fè konn sa?

re-F 80 § 19

Twòn Jewova a ki nan syèl la gen anpil glwa

19 Ki sa kreyati sa yo reprezante? Gen yon vizyon Ezekyèl, yon lòt pwofèt te fè, ki ede nou jwenn repons lan. Ezekyèl te wè Jewova sou twòn li sou yon cha nan syèl la, e cha sa a te gen yon seri kreyati vivan ki akonpaye l e ki te sanble ak kreyati Jan te pale de yo a (Ezekyèl 1:5-11, 22-28). Annapre, Ezekyèl te wè cha a ankò avèk yon twòn sou li ki te gen kreyati vivan yo bò kote l. Men, fwa sa a, li fè konnen kreyati vivan yo se cheriben (Ezekyèl 10:9-15). Siman kat kreyati vivan Jan te wè yo reprezante pakèt cheriben Bondye yo, yon seri kreyati ki gen gwo pozisyon nan pati òganizasyon l lan ki nan syèl la. Lefètke cheriben yo te toupre Jewova, sa pa t dwòl pou Jan paske nan epòk te gen tabènak la, te gen de cheriben annò sou kouvèti lach alyans lan, ki te reprezante twòn Jewova a. Lè pou Jewova te bay nasyon an kòmandman l yo, se apati kouvèti kote cheriben yo te ye a vwa l te konn soti. — Egzòd 25:22; Sòm 80:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje