BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr20 me p. 1-5
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
  • Soutit
  • 4-10 ME
  • 11-17 ME
  • 25-31 ME
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
mwbr20 me p. 1-5

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

4-10 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 36-37

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 693

Edòm

[Wouj], Moun Edòm yo.

Edòm se te dezyèm non oubyen yon lòt non yo te bay Ezaou, frè jimo Jakòb la (Jen 36:1). Yo te ba l non sa a paske l te vann dwa li te genyen kòm premye pitit la pou yon bòl bouyon wouj (Jen 25:30-34). Yon bagay nou pa ta panse ki te rive, sèke lè Ezaou te fèt, li te vrèman wouj (Jen 25:25) e gen kèk pati nan peyi kote li menm ak desandan l yo te abite annapre a ki te gen yon koulè wouj menm jan an.

it-1-F 964

Gadò

Lè yon bèje oubyen yon gadò bèt te di li t ap kenbe oswa veye yon twoupo bèt, li montre yon fason legal li te aksepte gade bèt sa yo. Se te yon garanti li te bay mèt bèt yo li t ap ba yo manje e l pa t ap kite yo vòlè yo, e si l pa ta fè sa, li t ap peye pou yo. Sepandan, sa pa vle di tout responsablite a t ap tonbe sou do l, paske selon lwa sou kesyon gade bèt la, yon gadò bèt pa t ap responsab nan ka kote gen bagay ki rive kote yon moun pa t ka fè anyen pou sa, tankou lè yon bèt sovaj atake twoupo a. Lè sa a, pou gadò bèt la pa t pote responsablite a, li te dwe bay mèt bèt la prèv, pa egzanp, li t ap montre l kadav bèt ki mouri a. Lè mèt bèt la fin egzamine prèv sa yo, li te oblije deklare gadò a inosan.

An jeneral, se menm prensip la ki te aplike pou nenpòt bagay yo te konfye yon moun, menm nan kad fanmi. Pa egzanp, yo te konsidere pi gran frè a kòm gadò legal ti frè ak sè l yo. Donk, nou ka konprann enkyetid Ribenn, pi gran frè a, te genyen pou lavi Jozèf lè lòt frè l yo te di yo t ap touye Jozèf, jan yo rapòte sa nan Jenèz 37:18-30. “Li di yo: ‘Pinga nou touye l!’ [...] ‘Pinga n fè san koule. [...] pinga n fè l mechanste.’ Li te di yo sa pou l te ka delivre l anba men yo e pou l te ka fè l retounen al jwenn papa l.” E lè Ribenn wè Jozèf pa la, sa te tèlman ba l pwoblèm, “li chire rad sou li” e li di: “Apa pitit la pa la! Kounye a, ki sa m pral fè?” Li te konnen yo te ka ba l responsab lanmò Jozèf. Pou l pa t pot responsablite a, frè Jozèf yo te fè yon plan entèlijan pou yo fè konnen se yon bèt sovaj ki te touye Jozèf. Yo tranpe rad Jozèf la nan san bouk kabrit. Epi yo bay Jakòb sa kòm prèv, li menm ki se papa yo e jij fanmi an ki pa t bay Ribenn responsab sa k te rive a. Piske sou baz prèv sa a yo te bay Jakòb la, li te rive konprann se yon bèt ki te touye Jozèf. — Jen 37:31-33.

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

Poukisa kretyen yo ta dwe chèche gen jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye a?

w02-F 15/10 30-31

Èske kretyen yo ta dwe jalou?

Sepandan, jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye a gen plas li nan vrè adorasyon an. Si n kòmanse ap enkyete nou yon fason ki pa kòrèk konsènan repitasyon n oswa dwa n genyen, jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye a ap fè se Jewova nou bay plis valè. L ap pouse n chèche okazyon pou n pataje verite sou li yon fason pou n defann chemen l yo ak pèp li a.

Yon dam ki pa t byen wè lwa Bondye bay sou san an te repouse Akiko, yon Temwen Jewova e yon sèvitè aplentan, yon fason ki di. Avèk ladrès, Akiko te defann Pawòl Bondye a e li te menm site tout pwoblèm ki genyen nan kesyon pran san an. Gwo anvi l te genyen pou l pale de Jewova te fè l chanje konvèsasyon an pou l pale sou yon sijè li te rann li kont ki te vrè pwoblèm dam nan: dam nan pa t vrèman kwè gen yon Kreyatè. Akiko te rezone ak dam nan sou fason kreyasyon an fè moun kwè gen yon Kreyatè. Fason l te defann Pawòl Bondye a avèk kran te retire nonsèlman prejije san fondman dam nan te genyen, men tou, sa te fè dam nan aksepte yon etid Labib. Dam sa a ki te an kòlè a se yon moun k ap bay Jewova louwanj jodi a.

Jalouzi ki kòrèk la, oubyen zèl pou vrè adorasyon an, pouse n veye epi sezi okazyon n jwenn pou n pale de lafwa nou epi defann li nan travay nou, nan lekòl nou, lè n al achte nan magazen e lè n ap vwayaje. Pa egzanp, Midori fikse objektif pou l pale konsènan lafwa l ak kòlèg travay li yo. Gen yon kòlèg li ki nan karantèn yo ki te di Midori li pa vle annafè ak Temwen Jewova yo. Annapre, pandan yon lòt konvèsasyon, dam nan t ap plenyen konsènan fason l wè pitit fi l la vin ap devlope yon vye pèsonalite. Midori te montre l liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze a, e li te ofri l pou l fè yon etid ak pitit fi l la nan liv la. Etid la te kòmanse, men manman an pa t vin nan etid la. Midori te deside montre dam nan videyo Les Témoins de Jéhovah: un nom, une organisation. Sa te retire anpil nan move lide li te genyen yo. Sa l te wè yo te touche l, li te di: “Mwen ta renmen tankou Temwen Jewova yo.” Li te vin etidye Labib ansanm ak pitit fi l la.

Jalouzi ki kòrèk la gen plas li nan kongregasyon kretyen an tou. Li chofe nou pou n kontinye demontre lanmou ak konsiderasyon pou lòt moun e l pouse nou konbat nenpòt move enfliyans ki ta ka fè frè ak sè n yo mal, tankou tripotay ak ide aposta. Jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye a pouse nou soutni desizyon ansyen yo ki konn wè dèfwa li nesesè pou yo reprimande moun k ap fè sa ki mal (1 Korentyen 5:11-13; 1 Timote 5:20). Lè Pòl te ekri kwayan parèy li yo nan kongregasyon Korent konsènan jalouzi li genyen pou yo, li te di: “M ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye. Paske, mwen te pwomèt pou m marye nou ak yon sèl mari, sètadi Kris, dekwa pou m ka prezante nou ba li kòm yon vyèj k ap mennen yon vi pwòp.” ​(2 Korentyen 11:2). Kidonk, nou menm tou, jalouzi nou genyen an pouse n fè tout sa n kapab pou nou pwoteje kwayans tout moun nan kongregasyon an, relasyon yo ak Bondye epi ede yo rete pwòp nan domèn moral.

Se sèten, lè se jalouzi ki kòrèk la, oswa jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye a, ki motive nou, sa gen bonjan enfliyans sou lòt moun. Li fè nou gen apwobasyon Jewova e l ta dwe youn nan kalite kretyen yo manifeste jodi a. — Jan 2:17.

11-17 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 38-39

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 445

Onan

[Soti nan rasin yon mo ki vle di “pouvwa pou fè pitit; pakèt fòs”].

Yon pitit gason Jida, dezyèm pitit li fè ak pitit fi Chouwa, ki se yon moun Kanaran (Jen 38:2-4; 1Kw 2:3). Apre È, gran frè Onan an, te mouri san pitit paske Jewova te touye l poutèt li te konn fè sa k mal, Jida te mande Onan pou l fè yon maryaj leviratik avèk Tama, madanm frè l la. Si yon pitit gason te vin fèt, li pa t ap vin chèf fanmi Onan an, e antanke yon eritye È, eritaj premye pitit la t ap vin pou li. Men, si pa t gen eritye, tout eritaj la t ap pou Onan. Lè Onan te konn kouche ak Tama, li “te ejakile atè” olye l te ejakile nan pati entim Tama. Se pa t mastibasyon Onan te fè, paske istwa a di “lè li te konn kouche ak madanm frè l la”, li te ejakile atè. Ta sanble se te yon ka kote lè Onan pral ejakile, li fè espre pou l pa ejakile nan pati entim Tama. Jewova te touye Onan, e l te mouri san pitit tou, pa paske l te fè mastibasyon, men paske l te dezobeyi papa l, li te montre l gen tanta e l te peche anrapò ak dispozisyon Jewova pran konsènan maryaj. — Jen 38:6-10; 46:12; Nb 26:19.

w04-F 15/1 30 § 5-6

Kesyon lektè yo poze

Jida te mal aji lè l pa t bay Tama pitit gason l lan, Chela, jan l te pwomèt li sa. Li te kouche tou ak yon fi li te panse ki te yon pwostitye. Sa te kontrè ak volonte Bondye ki te mande pou yon gason kouche ak yon fi sèlman lè yo marye (Jenèz 2:24). Men, anfèt, Jida pa t kouche ak yon pwostitye. Okontrè, san l pa t konnen, li te pran plas Chela, pitit gason l lan, li te fè maryaj leviratik la e konsa, li te fè yon desandan lejitim.

Tama bò kote pa l pa t gen relasyon seksyèl ki imoral. Yo pa t konsidere jimo l yo kòm pitit ki fèt nan imoralite. Lè Bowaz te fè maryaj leviratik la avèk Rit, moun Mowab la, ansyen ki nan vil Betleyèm yo te pale anbyen de Perès, pitit gason Tama a, lè yo te di Bowaz: “Nou swete pou fanmi w vin menm jan ak fanmi Perès, pitit Tama te fè pou Jida a, grasa desandans Jewova ap ba ou pa mwayen jèn dam sa a.” ​(Rit 4:12). Epitou, Perès fè pati lis zansèt Jezi Kris yo. — Matye 1:1-3; Lik 3:23-33.

25-31 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 42-43

“Jozèf montre li gen anpil metriz”

it-2-F 50 § 4

Jozèf

Lè demi frè Jozèf yo te wè jan bagay yo ap pase, yo te santi se Bondye ki t ap fè yo peye pou sa yo te fè lè yo te vann Jozèf an esklavaj kèk ane anvan sa. Yo t ap fè diskisyon devan frè yo a yo te toujou pa rekonèt la, konsènan jan yo koupab. Lè Jozèf tande pawòl y ap di ki montre yo repanti, sa te tèlman touche l, li te oblije kite kote yo ye a pou l al kriye. Lè l retounen, li te kenbe Simeyon kòm prizonye pou jiskaske yo retounen ak pi piti frè yo a. — Jen 42:21-24.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 835

Ribenn

Kèk nan bèl kalite Ribenn gen lakay li te parèt aklè lè l te eseye konvenk nèf lòt frè l yo pou yo jete Jozèf nan yon pi ki sèch pito olye yo touye l, paske l te gen entansyon retounen san yo pa konnen pou l delivre Jozèf nan pi a (Jen 37:18-30). Plis pase 20 an annapre, lè menm frè sa yo te panse se paske yo te fè Jozèf enjistis ki fè yo te akize yo kòm espyon ann Ejip, Ribenn te fè yo sonje li pa t met ansanm avèk yo nan konplo yo te fè pou yo touye Jozèf la (Jen 42:9-14, 21, 22). Yon lòt fwa ankò, lè Jakòb te refize kite Benjamen ale avèk frè l yo nan dezyèm vwayaj yo t ap fè pou y al ann Ejip la, se Ribenn ki te bay de pitit gason l yo kòm yon garanti lè l te di: “Ou mèt touye [...] yo si m pa mennen [Benjamen] tounen ba ou.” — Jen 42:37.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje