BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp23 no 1 p. 3-4
  • Pwoblèm sante mantal, yon kriz ki gaye toupatou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoblèm sante mantal, yon kriz ki gaye toupatou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa sante mantal ye?
  • Yon twoub mantal...
  • Fason w ka jwenn èd pou pwoblèm sante mantal
  • Bondye pwomèt yon sante mantal ki pafè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • 4 | Konsèy pratik Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Sa Wayòm Bondye a pral fè pou n jwenn swen sante
    Kèk lòt sijè
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
wp23 no 1 p. 3-4
Yon dam ki dekouraje ki chita bò yon fenèt.

Pwoblèm sante mantal, yon kriz ki gaye toupatou

“M toujou santi m yon ti jan enkyè, menmsi m jis chita poukont mwen nan yon chanm.”

“Lè m santi m vrèman byen, m kòmanse enkyè. M gentan konnen depi m santi m ‘kontan’ konsa, apre sa m pral nan gwo ‘tristès’.”

“M eseye viv yon jou alafwa, men, pafwa, bridsoukou m kòmanse enkyete m pou anpil lòt bagay.”

Èske pawòl sa yo fè w sonje kèk moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal? Èske ou menm, oswa yon moun ou renmen ap fè fas ak pwoblèm sa a?

Ou mèt gen asirans ou pa poukont ou. Jodi a, anpil moun ap fè fas ak pwoblèm sante mantal, kit se yo menm oswa moun yo renmen.

Pa gen dout nan sa, n ap viv nan ‘tan ki di, ki difisil pou moun sipòte’ ki lakòz divès kalite tètchaje (2 Timote 3:1). Yon etid yo fè toupatou sou tè a, fè konnen sou chak uit moun gen yon moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal. Nan ane 2020 an, pandemi COVID-19 la te lakòz kantite moun ki t ap soufri akoz enkyetid yo te ogmante rive anviwon 26 pousan, e kantite moun ki t ap soufri anba gwo depresyon yo te ogmante rive anviwon 28 pousan parapò ak ane 2019 la.

Sepandan, sante mantal nou pa rete nan chif sèlman. Sa gen rapò ak fason nou menm ak moun nou renmen yo santi nou e ak fason nou viv lavi nou.

Ki sa sante mantal ye?

Ou gen yon bon sante mantal lè w santi w byen e w ka fonksyone kòrèkteman. Ou ka fè fas ak strès nòmal ki gen nan lavi a, ou efikas nan travay ou, e w santi w satisfè ak lavi a.

Yon twoub mantal...

  • SE PA feblès yon moun genyen ki lakòz li.

  • SE yon kondisyon medikal ki lakòz gwo pwoblèm e ki deranje fason yon moun panse, emosyon l ak atitid li.

  • Souvan, li ka twouble kapasite yon moun genyen pou l antann li ak lòt moun, e pou l jere aktivite l ap fè chak jou nan lavi a.

  • Li ka afekte moun tout laj, kilti, ras, tribi, relijyon, edikasyon oswa nivo ekonomik.

Foto ki ansanm: 1. Yon jèn ti gason ki sanble tris e deprime. 2. Yon mesye k ap rekonfòte madanm li ki dekouraje. 3. Yon dam k ap pale ak yon pwofesyonèl medikal.

Fason w ka jwenn èd pou pwoblèm sante mantal

Si ou menm oswa yon moun ou renmen remake gen chanjman klè nan pèsonalite w, twoub anrapò ak fason w dòmi ak fason w manje, strès ki dire lontan, enkyetid oswa tristès, ou ka bezwen wè yon pwofesyonèl ki pou ede w idantifye epi trete rasin pwoblèm nan. Men, ki kote w ka jwenn èd?

Jezi Kris, moun ki te pi saj ki te viv sou tè a, te di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” (Matye 9:12). Moun k ap goumen ak pwoblèm sante ki fè terapi e ki pran medikaman apwopriye gen plis posiblite pou yo redui sentòm yo, e yo ka jwenn èd pou yo viv pi byen e pou yo gen kè kontan. Li saj pou moun sa yo pa pran tan pou yo fè tretman yo si sentòm yo grav oswa yo dire lontan.a

Byenke Bib la pa yon gid medikal, sa ki ladan l yo ka pote byenfè pou sante mantal nou. Nou envite nou ak tout kè nou pou nou egzamine atik ki annapre yo ki pale sou fason Bib la ka ede n jere pwoblèm sante mantal yo.

a Toudegad pa bay okenn tretman an patikilye. Se chak moun ki pou pran san l pou l egzamine opsyon l genyen yo anvan l pran yon desizyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje