BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 193
  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Kiyès Dànyèl te ye?
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Repons Bib la bay
ijwbq atik 193
Pwofèt Dànyèl k ap priye Jewova pandan l nan yon twou lyon.

Ki sa Bib la di sou Dànyèl?

Repons Bib la bay

Dànyèl se te yon bon pwofèt Juif ki te viv soti setyèm syèk rive sizyèm syèk anvan epòk nou an. Bondye te ba l kapasite pou l entèprete rèv e pou l fè vizyon sou evènman ki t ap gen pou rive alavni. E se Bondye ki te enspire l pou l ekri liv ki nan Bib la ki pote non l lan.— Dànyèl 1:17; 2:19.

Kiyès Dànyèl te ye?

Dànyèl te leve nan Jida, yon wayòm ki te gen ladan l vil Jerizalèm ak tanp Juif la. An 617 anvan epòk nou an, Nebikadneza wa Babilòn nan, te pran vil Jerizalèm e li te mennen “moun ki te pi enpòtan ki te gen nan peyi a” ann egzil nan Babilòn (2 Wa 24:15; Dànyèl 1:1). Nan epòk sa a, sanble Dànyèl te yon adolesan, yo te mennen l ann egzil tou.

Dànyèl ak kèk lòt jèn gason gad palè wa a ap eskòte pou mennen yo nan palè Babilòn nan.

Yo te mennen Dànyèl ansanm ak kèk lòt jèn gason nan palè Babilòn nan, pami yo te gen Chadrak, Mechak ak Abèdnego, pou yo resevwa fòmasyon espesyal pou yo travay nan gouvènman an. Menm lè otorite yo t ap eseye fòse yo fè sa yo te konnen ki pa t bon, Dànyèl ak twa zanmi l yo te rete fidèl devan Jewova, Bondye yo a (Dànyèl 1:3-8). Apre yo te fin pase twazan ap resevwa fòmasyon, Wa Nebikadneza te fè louwanj pou sajès ak kapasite yo te genyen, li te wè yo te “dis fwa pi fò pase tout prèt ki konn fè maji yo ansanm ak divinò ki te nan tout wayòm li, an Li te chwazi Dànyèl ak zanmi l yo pou yo sèvi nan palè wa a.—Dànyèl 1:18-20.

Plizyè dizèn ane annapre, petèt lè Dànyèl te nan 90 an yo, yo te konvoke l nan palè a. Bèlchaza, wa ki t ap dirije Babilòn lè sa a, te mande Dànyèl pou l entèprete sa yon men te ekri sou mi palè a. Jewova te ede l pou l konprann sa k te ekri a e Dànyèl te fè konnen Babilòn t ap tonbe anba men anpi Medi ak Pès la. Menm jou swa sa a yo te pran Babilòn.—Dànyèl 5:1, 13-31.

Dànyèl k ap entèprete sa yon men te ekri sou yon mi.

Nan moman sa a se Medi ak Pès ki t ap dirije. Yo te mete Dànyèl nan gwo pozisyon e wa Dariyis te vle ba l plis otorite toujou (Dànyèl 6:1-3). Jalouzi te pouse kèk otorite nan gouvènman an fè konplo pou yo lage Dànyèl nan yon twou lyon pou l mouri, men Jewova te delivre l (Dànyèl 6:4-23). Yon ti tan anvan Dànyèl te mouri, yon zanj te parèt devan l e pandan de fwa zanj lan te fè Dànyèl sonje li se yon moun “ki gen anpil valè”.—Dànyèl 10:11, 19.

Gade evènman sa yo nan dram sa a ki fèt an de pati, Dànyèl: Li te demontre lafwa pandan tout vi l.

Ki sa listwa aprann nou sou liv Dànyèl la?

Sa Dànyèl te ekri: Nebikadneza te fè yon gwo estati, e l te pase lwa pou tout moun nan peyi a adore estati a. Li te lage tout moun ki pa t dakò adore estati a nan yon founèz dife ki byen limen.—Dànyèl 3:1-6.

Ki sa listwa aprann nou: Selon yon ansiklopedi Nebikadneza te fè plizyè gwo konstriksyon “nonsèlman pou l te bay tèt li glwa, men tou, pou l te onore dye yo”. Ansiklopedi a di tou: “Li te fè konnen se li ki fè moun yo ap adore gran dye yo.”—Encyclopædia Britannica. Kanta pou kesyon boule moun nan dife a, yo pale de sa plizyè fwa nan

ansyen dokiman Babilónyen yo. Dokiman yo menm mansyone lè se gwo otorite yo ki te mande pou yo boule moun nan dife. Yon ansyen dokiman ki te la depi sou rèy Nebikadneza a pale de pinisyon yo te konn bay fonksyonè ki te derespekte dye Babilónyen yo. Men sa tèks la di: Detwi yo, boule yo, griye yo, [...] mete yo nan fou, [...] Chofe dife a pou l ka fè gwo lafimen pou yo tout ka mouri.”a

Sa Dànyèl te ekri: Wa Nebikadneza te vante tèt li pou bèl konstriksyon li te fè yo.—Dànyèl 4:29, 30.

Yon brik yo dekouvri nan Babilòn ki gen non Nebikadneza ekri sou li

Sa listwa aprann nou: “Achiv Nebikadneza te kite yo, pale de [...] yon gran wa ki te kwè nan pwòp jistis li ak pisans li.”b Pa egzanp, men sa Nebikadneza te fè ekri sou mi yon bilding pou l vante tèt li: “Se ak goudwon ak brik mwen konstwi yon mi ki solid, tankou yon mòn yo pa ka deplase [...] M te fè konstriksyon ki nan Esagila ak nan Babilòn yo vin pi solid pou moun pa janm bliye sa wayòm mwen an te fè.”c Anpil brik yo dekouvri nan vil Babilòn gen non Nebikadneza ekri sou yo.

Sa Dànyèl te ekri: Wa Bèlchaza te pwopoze pou Dànyèl “vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm [Babilòn] nan”.—Dànyèl 5:1, 13-16.

Ansyen silenn sa a, ki la depi 550 anvan epòk nou an, gen non Nabonid ak Bèlchaza ekri sou li

Sa listwa aprann nou: Se Nabonid ki te wa lè evènman yo pale de yo nan Dànyèl chapit senk lan te pase. Men, se nan Arabi, se pa t nan Babilòn Nabonid te pase pifò tan l lè l te wa. Kiyès ki t ap dirije Babilòn lè Nabonid pa t la? Men sa yon biblis ki rele Raymond Philip Dougherty fè konnen nan yon liv li te ekri ki gen tit Nabonid ak Bèlchaza: “Yon ansyen silenn fè konnen Nabonid te kite Bèlchaza, pi gran pitit gason l lan, pou l dirije”. Men sa l di ankò: “Bèlchaza te reprezante papa l, wa a, donk se li ki te aji antanke wa lè papa l pa t la.” Piske Nabonid ak Bèlchaza te deja nan premye ak dezyèm pozisyon nan wayòm nan, Bèlchaza te vle mete Dànyèl nan twazyèm pozisyon an.

a Journal of Biblical Literature, volim 128, nimewo 2, paj 279, 284.

b Babylon— City of Wonders, ekriven Irving Finkel ak Michael Seymour, paj 17.

c Archæology and the Bible, ekriven George Barton, paj 479.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje