BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 67
  • Ki kote Alowin soti?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kote Alowin soti?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Kote Alowin ak koutim ki mache avè l yo soti
  • Èske orijin Alowin gen enpòtans?
  • Laverite sou Alowin
    Reveye n! — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Èske nou dwe selebre fèt?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 67
Twa timoun ki met kostim Alowin, yo kanpe devan pòt yon kay ki gen dekorasyon pou Alowin.

Ki kote Alowin soti?

Repons Bib la bay

Nou pa jwenn mo Alowin nan nan Bib la, yon fèt anpil moun selebre chak ane nan dat 31 oktòb. Orijin fèt sa a avèk tradisyon ki mache avè l yo pa ann amoni avèk sa Bib la anseye.

Nan atik sa a

  • Kote Alowin ak koutim ki mache avè l yo soti

  • Èske orijin Alowin gen enpòtans?

  • Poukisa yo te rele l Alowin?

Kote Alowin ak koutim ki mache avè l yo soti

  • Samen: Gen yon ansiklopedi ki fè konnen Alowin soti nan yon “ansyen fèt payen ansyen pèp Sèlt la te konn selebre sa gen plis pase 2 000 an”. (The World Book Encyclopedia.) “Sèlt yo te kwè moun ki mouri yo te ka mache pami moun ki vivan yo nan moman fèt sa a e moun ki vivan yo te ka vizite moun ki mouri yo lè sa a tou.” — Gade kare “Poukisa yo te rele l Alowin?”

  • Degizman Alowin, sirèt, timoun k ap fè menas si yo pa ba yo sirèt: Selon yon liv gen kèk Sèlt ki te konn mete yon seri degizman sou yo, yon seri kostim ki efreyan, ki fè moun pè, yon fason pou espri k ap flannen sou tè a nan moman sa a ka panse se espri yo ye tou pou yo pa nui yo. Gen lòt moun ki te konn bay espri yo bagay dous pou kalme yoa.

    Yon bokit ki oranj ki gen fòm yon joumou ki kouche sou kote e ki gen tout kalite sirèt ak bagay dous k ap sot ladan l pou yo tonbe sou yon tab.

    Ann Ewòp nan epòk mwayennaj la, chèf nan legliz katolik yo te vin adopte yon seri koutim ki soti nan relijyon payen e fidèl yo te konn mete degizman sou yo pou y al lakay moun pou mande yo ti kado.

  • Fantom vanpi lougawou sòsye ak zonbi: Depi lontan yo asosye bagay sa yo ak movèzespri. Gen yon liv ki pale de yo tankou “mons sinatirèl”, li di yo “gen rapò avèk lanmò, moun ki mouri oubyen pè moun pè pou yo pa mouri”. — Halloween Trivia.

  • Joumou ki gen bouji anndan yo yo sèvi pou Alowin: Nan epòk Mwayennaj la, nan Grann Bretay, gen moun ki te konn “al nan chak pòt, e yo te konn di moun ki nan kay la si yo ba yo manje y ap priye pou moun yo genyen ki mouri yo”. Yo konn gen “navè yo fè twou ladan yo, pou yo mete yon bouji tou limen ladan yo, bouji yo te reprezante nanm moun mouri ki nan pigatwa.” ​(Halloween — Froom Pagan Ritual to Party Night). Gen lòt moun ki di yo te sèvi ak bouji sa yo pou fè movèzespri yo rete lwen yo. Ann Amerik dinò, nan ane 1800 yo, yo te kòmanse sèvi ak joumou nan plas navè paske te gen anpil joumou e yo te pi fasil pou yo fè twou ladan yo.

Èske orijin Alowin gen enpòtans?

Wi. Menm lè anpil moun wè Alowin kòm yon amizman ki pa gen danje, men pratik ki asosye avè l yo dozado ak sa Bib la anseye. Alowin soti nan kwayans ki gen rapò avèk mò yo, avèk espri envizib yo rele demon yo.

Gade vèsè ki vin annapre yo pou n wè ki jan Bondye konsidere kwayans ki mache ak Alowin yo:

  • “Piga pesonn nan nou [...] rele mò pou pale ak yo.” — Detewonòm 18:10-12, Bib la.

    Sa l vle di: Bondye pa dakò ak moun k ap chèche pale ak mò yo menmsi se an jwèt.

  • “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5.

    Sa l vle di: Piske moun ki mouri yo pa konn anyen, yo pa ka kominike ak moun ki vivan yo.

  • “[Nou pa dwe] an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n’ap bwè nan gode denmon yo tou.” — 1 Korentyen 10:20, 21, Bib la.

    Sa l vle di: Moun ki ta renmen gen favè Bondye pa dwe gen okenn kontak ak demon yo.

  • “Kenbe fèm kont manèv Dyab la; [...] paske, nou nan yon konba kont espri mechan yo.” — Efezyen 6:11, 12.

    Sa l vle di: Kretyen yo dwe opoze ak espri mechan yo, yo pa dwe fè kòmsi y ap fete ansanm avèk yo.

a Gade liv Halloween: An American Holiday, an American History, paj 4.

Poukisa yo te rele l Alowin?

Non Alowin nan gen rapò ak fèt Samen, yon fèt payen Sèlt yo te konn selebre. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Samen vle di fen sezon chalè. Fèt sa a te montre sezon fredi a, yon sezon ki sonm, t apral kòmanse e yo te konn selebre l nan zòn premye novanm. Nan ane 700 pou rive nan 800 nan epòk nou an, legliz kretyen yo te kòmanse selebre yon fèt nan dat sa a, se te jou tout sen yo. Mo Alowin nan se yon kontraksyon yon ekspresyon anglè, All Hallow even ki vle di sware tout sen yo e se lavèy jou Latousen.” — World Book Encyclopedia.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje