BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 72
  • Èske laverite toujou enpòtan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske laverite toujou enpòtan?
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske laverite egziste vre?
  • Ki jan w ka jwenn laverite?
  • Kiyès ki te bay premye manti a?
  • Poukisa anpil moun ap bay manti jodi a?
  • Poukisa laverite enpòtan?
  • Poukisa Bondye vle m konnen laverite?
  • Èske Bondye ap elimine manti?
  • Annou imite Bondye verite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • ‘Kontinye mache nan laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • “M ap mache nan verite w yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 72
Yon politisyen k ap fè kanpay k ap pale ak yon gwo foul moun.

Èske laverite toujou enpòtan?

Èske l vin pi difisil pou w fè diferans ant sa ki vrè ak sa ki pa vrè? Jodi a, sanble moun yo pi fasil kwè yon bagay sou baz sa yo santi oswa sa yo panse, olye yo baze yo sou laverite oswa reyalite. Se sa nou wè toupatou nan monn nan jodi a, kote anpil moun panse laverite pa egziste.

Depi lontan, gen moun ki te toujou panse konsa. Sa gen anviwon 2 000 an, Pons Pilat, gouvènè women an, te mande Jezi: “Sa k laverite a?” (Jan 18:38). Menmsi Pilat pa t poze kesyon an pou l jwenn yon repons, kesyon l lan te enpòtan. Bib la bay yon repons ki ka satisfè w e li ka ede w jwenn laverite nan monn sa a ki gen konfizyon.

Èske laverite egziste vre?

Wi. Bib la sèvi ak mo “laverite” lè l pale de bagay ki fèt vre e lè l ap pale de sa ki byen. Bib la di nou laverite soti nan Jewovaa Dye, e li pale de Bondye kòm “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Pawòl ki nan Bib la se verite ki soti nan Bondye. Bib la konpare laverite ak limyè paske li kapab ede nou wè klè jodi a nan yon monn ki gen konfizyon. — Sòm 43:3; Jan 17:17.

Ki jan w ka jwenn laverite?

Bondye pa vle nou aksepte laverite ki nan Bib la je fèmen. Okontrè, li mande pou nou sèvi ak kapasite nou genyen pou n rezone pou nou egzamine verite ki nan Bib la olye pou n jis kite santiman dirije nou (Women 12:1). Li vle nou sèvi ak “tout lespri nou” pou n aprann konnen l e pou n renmen l, e li ankouraje nou pou n verifye verite nou aprann nan Bib la. — Matye 22:37, 38; Travay 17:11.

Kiyès ki te bay premye manti a?

Bib la di se Satan Ledyab, ènmi Bondye a, ki te bay premye manti a, e Bib la rele l “papa manti”. (Jan 8:44.) Satan te bay premye moun Bondye te kreye yo manti sou Bondye (Jenèz 3:1-6, 13, 17-19; 5:5). Depi lè sa a, Satan kontinye ap bay manti e l ap anpeche moun jwenn laverite sou Bondye. — Revelasyon 12:9.

Poukisa anpil moun ap bay manti jodi a?

Nan epòk n ap viv la, epòk Bib la rele “dènye jou yo”, Satan rive twonpe moun yo plis pase anvan. Moun yo renmen bay manti pou yo twonpe lòt moun e pou yo pwofite yo (2 Timote 3:1, 13). Manti gaye tou nan pifò relijyon jodi a . Jan Bib la te anonse sa pou epòk nou an, moun “yo pral chèche gen yon bann anseyan toutotou yo pou fè zòrèy yo dous”, “y ap vire do yo pou yo pa koute laverite”. — 2 Timote 4:3, 4.

Yon pastè ki kenbe yon bib nan men l pandan l ap pale ak yon gwo foul moun k ap bat bravo pou li.

Poukisa laverite enpòtan?

Nou bezwen di laverite pou youn ka fè lòt konfyans. Si pa gen konfyans, zanmitay ap kraze e sosyete a pap ka kenbe. Bib la fè konnen Bondye vle pou n adore l avèk laverite. Li di: “Moun k ap adore [Bondye] yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.” (Jan 4:24). Pou w aprann ki jan laverite ki nan Bib la kapab ede w libere anba manti ki gen nan relijyon yo, li seri atik ki gen tit “Manti yo bay ki fè moun pa renmen Bondye.”

Poukisa Bondye vle m konnen laverite?

Bondye vle w viv pou toutan, e w bezwen aprann laverite sou li pou w ka jwenn lavi sa a (1 Timote 2:4). Si w aprann konnen sa ki byen ak sa ki mal nan je Bondye e ou viv ann amoni ak sa w aprann yo, w ap vin bon zanmi l (Sòm 15:1, 2). Bondye te voye Jezi sou tè a pou l ede moun yo aprann laverite. Bondye vle nou koute ansèyman Jezi yo. — Matye 17:5; Jan 18:37.

Èske Bondye ap elimine manti?

Wi. Bondye pa renmen moun k ap twonpe moun pou jwenn avantaj. Li pwomèt l ap retire tout moun k ap bay manti sou tè a (Sòm 5:6). Lè sa a, men ki pwomès li fè ki pral reyalize: “Bouch k ap di laverite a ap la pou toutan.” — Pwovèb 12:19.

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak laverite e ak manti

Jan 8:44: “[Dyab la] se yon mantè e li se papa manti.”

Ki sa sa vle di: Se Satan Ledyab ki bay premye manti a e se nan li tout manti soti.

Pwovèb 12:22: “Moun k ap bay manti bay Jewova degoutans.”

Ki sa sa vle di: Moun ki renmen Bondye yo dwe rayi manti menm jan avè l.

Jan 4:24: “Moun k ap adore [Bondye] yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.”

Ki sa sa vle di: Bondye vle pou nou adore l ann amoni ak laverite nou aprann sou li.

Jan 8:32: “Laverite ap libere nou.”

Ki sa sa vle di: Verite Jezi anseye a kapab libere nou anba fènwa, anba sipèstisyon, anba manti relijyon yo bay ak lòt bagay ankò. Gade atik “‘La vérité vous libérera ” : Comment?”

1 Timote 2:4: “[Bondye] vle pou tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite.”

Ki sa sa vle di: Bondye vle nou aprann laverite sou li pou nou ka sove.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje