BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 89
  • Byennèt fi yo — Sa Bib la di

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byennèt fi yo — Sa Bib la di
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan Bondye konsidere fi?
  • Ki sa k ka ede w santi w byen?
  • Èske Bondye ap fè yo pa maltrete fi ankò?
  • Yo gen respè ak diyite anba pwoteksyon Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Èske Bondye gen sousi pou fi yo toutbonvre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Diskriminasyon fi sibi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 89
Fi tout laj ki soti nan plizyè peyi.

Byennèt fi yo—Sa Bib la di

Gen plizyè milyon fi, timoun kou granmoun, toupatou nan monn nan yo fè abi sou yo. Èske sa te rive w? Nan atik sa a, ou pral wè poukisa byennèt medam yo gen enpòtans pou Bondye e ki sa Bondye pral fè pou medam yo pa kontinye sibi move tretman.

“Lè m te timoun, gran frè m nan te konn maltrete m e li te konn joure m chak jou. Apre m fin marye, bèlmè m te konn maltrete m. Li menm ak bòpè m te trete m tankou yon esklav. M te vle touye tèt mwen.” — Madhu,a End.

Òganizasyon mondyal lasante di: “Se toupatou nan monn nan y ap fè vyolans sou medam yo.” Li fè konnen sou prèske chak twa fi, ap gen youn k ap sibi move tretman oubyen y ap vyole yon lè nan lavi l.

Si sa te rive w, ou ka santi w pa an sekirite, paske ou ka toujou santi kèlkeswa kote w ye yo ka frape w, yo ka joure w oswa yo ka vyole w. Lefètke w sibi move tretman ak vyolans poutèt ou se yon fi, ou ka panse fi pa gen enpòtans pou pifò moun. Men, èske fi gen enpòtans pou Bondye?

Imaj yon fi k ap li Labib.

Bib la fè konnen Bondye vle pou fi yo santi yo an sekirite.

Imaj yon fi k ap li Labib.

Ki jan Bondye konsidere fi?

Vèsè: “[Bondye] te kreye gason ak fi.” — Jenèz 1:27.

Sa sa vle di: Bondye kreye ni gason ni fi. Pou Bondye, yo toule de merite respè. Anplis de sa, li vle pou yon mari “renmen madanm [li] menm jan [li] renmen tèt [li]”, li pa dwe chèche kontwole l lè l di l move pawòl oswa lè l frape l (Efezyen 5:33; Kolosyen 3:19). Sa klè, Bondye vle pou fi yo santi yo an sekirite.

“Lè m te timoun, gen kèk moun nan fanmi m ki te vyole m. Lè m te gen 17 an, patwon m te di m l ap revoke m si m pa kouche avè l. Lè m vin pi gran, mari m, paran m ak moun nan vwazinaj la te konn derespekte m. Men, pi devan, lè m te vin aprann konnen Jewovab, Kreyatè nou an, mwen te aprann li trete fi avèk respè. Sa fè m gen asirans li renmen m e m gen valè nan je l.” — Maria, Ajantin.

Imaj yon fi k ap koute yon lòt fi.

Ki sa k ka ede w santi w byen?

Vèsè: “Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.” — Pwovèb 18:24.

Sa sa vle di: Yon bon zanmi ap soutni w. Si w santi sa ka ede w, di yon moun ou fè konfyans jan w santi w.

“M te fè 20 an m pa di pèsonn si yo te vyole m. Sa te fè m pase tout tan sa yo san kè kontan, m te toujou gen kè kase, e mwen te deprime. Finalman, lè m te vin esplike yon moun ki te dispoze tande m sa k te rive m, m te santi yon gwo chay sot sou do m.” — Elif, Tiki.

Vèsè: “Lage tout tètchaje nou genyen sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

Sa sa vle di: Lè w priye, Bondye tande w toutbonvre (Sòm 55:22; 65:2). Piske li enterese nan ou, l ap ede w konprann ou se yon moun ki gen valè.

“Lè m te vin aprann konn Jewova, sa te ede m pa santi gwo tristès mwen te gen nan kè m nan ankò. Kounye a, mwen ka priye Bondye pou m di l tout bagay. Li tankou yon zanmi ki vrèman konprann jan m santi m.” — Ana, Beliz.

Imaj yon fi k ap gade anlè.

Èske Bondye ap fè yo pa maltrete fi ankò?

Vèsè: “Jewova [...] ap fè moun ki pa gen papa yo ak moun yo kraze yo jwenn jistis, yon fason pou moun sou tè a sispann fè yo pè.” — Sòm 10:​17, 18.

Sa sa vle di: Talè konsa, Bondye pral retire tout enjistis y ap fè sou tè a, san wete move tretman ak vyolans y ap fè sou fi.

“Sa soulaje m anpil lè m vin aprann talè konsa Jewova pral fini ak move tretman y ap fè sou fi, ni granmoun ni timoun. Sa fè lespri m anpè.” — Roberta, Meksik.

Pou w aprann plis sou espwa Bib la bay, sou rezon ki fè ou ka fè pwomès li yo konfyans, e sou jan Temwen Jewova yo sèvi ak Bib la pou yo ede moun, mande moun ki ba w feyè sa a pou l retounen vizite w.

Telechaje atik sa a.

a Gen non ki chanje.

b Jewova se non Bondye. (Sòm 83:18) Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje