BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 13
  • Ki lè yo te ekri istwa sou Jezi yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki lè yo te ekri istwa sou Jezi yo?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Bib la di nou tout laverite sou Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske sa te fèt vre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Repons Bib la bay
ijwbq atik 13
Yon mesye k ap ekri nan yon woulo

Ki lè yo te ekri istwa sou Jezi yo?

Repons Bib la bay

Men sa apot Jan te ekri konsènan istwa li te rakonte sou lavi Jezi: “Moun ki te wè sa a bay temwayaj sou sa, e temwayaj li a se laverite. Moun sa a konnen sa l ap di yo se laverite, dekwa pou nou menm tou nou ka kwè.” — Jan 19:35.

Youn nan rezon n genyen pou n kwè nan Evanjil Matye, Mak, Lik ak Jan te ekri yo, sèke yo te ekri istwa yo a nan yon epòk kote anpil nan moun ki te wè evènman yo t ap pale de yo a te vivan toujou. Selon sa kèk moun rapòte, Matye te ekri Evanjil li a uit an sèlman apre lanmò Kris, sa vle di anviwon ane 41 epòk nou an. Anpil biblis panse li te ekri l pi ta pase sa, men, an jeneral, tout moun dakò se pandan premye syèk epòk nou an yo te fin ekri Liv ki te ekri an grèk yo ki fè pati Bib la.

Moun ki te wè Jezi pandan l te sou tè a, ki te la lè l te mouri e ki te konnen li resisite yo te ka verifye istwa ki nan Evanjil yo. Konsa, si gen yon bagay nan sa yo te ekri yo ki pa t fin egzak, li te fasil pou yo fè konn sa. Men sa pwofesè Frederick F. Bruce fè konnen: “Youn nan pwen ki gen plis fòs nan predikasyon apot yo se konfyans yo te genyen nan konesans moun ki t ap koute yo te genyen, se sa k fè yo pa t annik di yo temwen bagay sa yo, men yo te di moun ki t ap koute yo tou: ‘Jan nou menm nou konn sa.’ (Travay 2:22).”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje