BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 46
  • Èske Dyab la egziste toutbonvre?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Dyab la egziste toutbonvre?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Kèk bagay moun pa fin konprann sou Dyab la
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Kiyès k ap dirije monn nan toutbonvre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 46

Èske Dyab la egziste toutbonvre?

Repons Bib la bay

Wi, Dyab la egziste toutbonvre. Li se “chèf monn nan” e li se yon zanj ki te vin mechan e ki te vire do bay Bondye (Jan 14:30; Efezyen 6:11, 12). Nan Bib la, nou jwenn yon seri non ak tit ki gen rapò ak Dyab la ki ede n wè kiyès li ye toutbonvre. Men kèk ladan yo:

  • Satan ki vle di “Opozan”. — Jòb 1:6.

  • Dyab ki vle di “[moun] k ap twonpe tout moun”. — Revelasyon 12:9.

  • Sèpan se yon non yo itilize nan Bib la ki vle di ‘Moun k ap aji avèk riz’. — 2 Korentyen 11:3.

  • Sila a k ap tante moun nan. — Matye 4:3.

  • Mantè. — Jan 8:44.

Li pa yon fòs oswa yon prensip ki dèyè sa ki mal

Gen kèk moun ki panse Satan Ledyab se jis yon fòs oswa yon prensip ki dèyè sa ki mal ki anndan nou. Sepandan, Bib la fè konnen Bondye te gen yon konvèsasyon ak Satan. Piske Bondye pafè, li pa t ap janm pale ak yon bagay mal ki anndan l (Detewonòm 32:4; Jòb 2:1-6). Menm jan an tou, Satan te tante Jezi ki pa t konn fè peche (Matye 4:8-10; 1 Jan 3:5). Kidonk, Bib la montre Satan egziste toutbonvre e li pa sèlman yon fòs ka p pouse moun fè sa ki mal.

Èske n ta dwe sezi aprann gen yon pakèt moun ki pa kwè Dyab la egziste toutbonvre? Non, paske Bib la di Satan konn chèche twonpe moun pou l atenn objektif li (2 Tesalonisyen 2:9, 10). Youn nan pi gwo taktik li itilize pou l twonpe anpil moun se fè yo kwè li pa egziste. — 2 Korentyen 4:4.

Kèk bagay moun pa fin konprann sou Dyab la

Lejann: Lisifè se yon lòt non Satan genyen.

Reyalite: Mo ebre nan kèk tradiksyon Labib lè yo tradui l yo mete “Lisifè” pou li a vle di yon moun k ap “klere”. (Ezayi 14:12.) Kontèks vèsè a gen rapò ak fanmi kote wa Babilòn yo te soti, yon seri wa Bondye t apral imilye paske yo te awogan (Ezayi 14:4, 13-20). Yo te konn sèvi ak ekspresyon moun k ap “klere” a pou yo te pase wa Babilòn yo nan rizib lè yo pèdi pouvwa yo.

Lejann: Satan ap travay kòm “avoka” Bondye.

Reyalite: Dyab la se ènmi Bondye, li pa sèvitè Bondye. Satan Ledyab kont tout moun k ap sèvi Bondye e li lage fo akizasyon sou yo. — 1 Pyè 5:8; Revelasyon 12:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje