BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 1 p. 4
  • Kèk bagay ki lakòz strès

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk bagay ki lakòz strès
  • Reveye n! — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki sa strès ye?
    Reveye n! — 2020
  • Èske w anba strès?
    Reveye n! — 2020
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 1 p. 4

FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS

Kèk bagay ki lakòz strès

Gen yon klinik moun byen konnen ki rele Mayo Clinic ki di: “Anpil granmoun fè konnen strès yo genyen pa janm sispann ogmante. Jodi a, lavi nan monn sa a chaje ak chanjman ansanm ak evènman ki ka rive sanzatann.” Ann egzamine sèlman kèk nan chanjman ak evènman ki ka rive moun sanzatann ki bay strès:

  • divòs

  • lanmò yon moun pa nou

  • maladi grav

  • gwo aksidan

  • krim

  • mache prese ki gen nan lavi a

  • katastwòf natirèl oswa sa lèzòm lakòz

  • presyon nan travay oswa nan lekòl

  • enkyetid konsènan travay ak ase lajan

“LÈ MOUN PÈDI TRAVAY YO,”

dapre yon asosyasyon ameriken (American Psychological Association), “sa ka lakòz gwo dega, sa ka mete moun ki pa gen travay yo an danje pou yo ta vin malad nan domèn fizik, sa ka lakòz pwoblèm nan maryaj yo, yo ka vin ap enkyete yo anpil, yo ka fè depresyon, e sa ka menm lakòz yo touye tèt yo. Lè moun pèdi travay yo, sa touche tout aspè nan lavi yo.”

STRÈS TIMOUN YO GENYEN

Byen souvan, menm timoun yo konn soufri akoz strès. Gen kèk nan yo ki jwenn brimad nan lekòl yo oubyen yo neglije yo lakay yo. Gen lòt yo fè vyolans sou yo fizikman, yo blese santiman yo oubyen yo fè abi seksyèl sou yo. Anpil ladan yo pè pou yo pa echwe nan egzamen oswa pou yo pa double klas. Gen lòt ankò ki wè jan divòs kraze fanmi yo. Timoun ki strese yo ka fè move rèv, yo ka gen difikilte pou yo aprann lekòl, yo ka fè depresyon oubyen yo ka gen tandans ret poukont yo. Gen kèk ladan yo ki ka vin ap aji yon fason ki dwòl. Yon timoun k ap soufri akoz strès bezwen èd prese prese.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje