BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 4-5
  • Chèche konnen laverite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche konnen laverite
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwoblèm nan
  • Prensip Bib la bay
  • Poukisa l itil pou n konnen laverite sou lòt moun?
  • Men sa w ka fè
  • Èske w kite prejije kontamine w?
    Reveye n! — 2020
  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Montre w gen lanmou
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 4-5
De mesye k ap fè entèvyou ak yon dam pou yon travay nan yon konpayi machin. Dam nan parèt malalèz.

Chèche konnen laverite

Pwoblèm nan

Souvan, prejije baze sou move enfòmasyon. Ann gade egzanp ki vin apre yo:

  • Gen kèk patwon ki fè erè lè yo kwè medam yo pa kalifye pou fè travay syantifik oubyen travay teknik.

  • Ann Ewòp, nan epòk Mwayennaj la, yo te akize Juif yo e yo te fè konnen yo te anpwazonnen pi yo e yo t ap gaye maladi. Pandan rejim Nazi an, yo te lage vèni sou Juif yo ankò. Men fwa sa a, yo te di se yo ki lakoz kriz ekonomik la ann Almay. Nan toude ka sa yo, Juif yo te viktim gwo prejije, gen kèk nan prejije sa yo ki toujou la jodi a.

  • Anpil moun mal panse lè yo kwè tout moun ki gen yon andikap fizik se yon moun ki tris oubyen ki fristre.

Anpil moun ki kwè nan manti sa yo kapab ap chèche egzanp oswa prèv ki pa chita sou anyen pou kore prejije yo genyen. E yo panse nenpòt moun ki pa dakò avèk yo se yon moun sòt.

Prensip Bib la bay

“Li pa bon pou yon moun pa gen konesans.” — PWOVÈB 19:2.

Sa sa vle di? Lè nou pa konn laverite sou yon bagay, nou pran move desizyon. Si n kwè nan manti olye n kwè nan sa ki verite, nou pral mal jije moun yo.

Èske Bib la anseye nou pou n gen prejije?

Gen moun ki pretann Bib la ankouraje prejije. Men, ki sa Bib la anseye toutbonvre?

  • Tout moun soti nan yon sèl moun: Bondye “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon”. — Travay 17:26.

  • Bondye pa gen patipri: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

  • Bondye plis gade sou moun nou ye pa anndan an, olye l gade sou sa moun ka wè: “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7a.

a Jewova se non Bondye jan sa parèt nan Bib la.

Poukisa l itil pou n konnen laverite sou lòt moun?

Si n konnen laverite sou lòt moun, petèt nou pap kouri kwè move bagay y ap di sou yo. Yonfwa nou aprann yo pa t di nou laverite konsènan yon gwoup moun an patikilye, nou ka pa kouri kwè sa nou tande konsènan yon lòt gwoup moun.

Egzanp ki pase toutbon: Jovica (Ewòp)

Jovica, nou te pale de li anvan nan seri atik sa yo, te grandi, toutpandan l te konn tande moun ki soti nan menm peyi avè l, nouvèl ak lòt pwogram televizyon ap di move bagay konsènan yon ti gwoup moun. Li di: “Mwen te gen anpil prejije sou moun sa yo, e mwen te menm rayi yo. Epitou, mwen te panse m te gen rezon santi m konsa.”

“Sepandan, lè m te nan lame, m pa t gen chwa, mwen te oblije viv e travay ak lòt sòlda ki soti nan ti gwoup moun sa a. Avèk letan, mwen te vin aprann plis bagay konsènan gwoup sa a. M te menm kòmanse aprann lang yo a e m te menm konn tande chante ki gen nan kilti yo a. M te kòmanse gen bon relasyon avèk yo e m te kòmanse wè yo yon lòt fason. Men, m konnen m te ka retounen gen santiman negatif yo ankò. Donk, mwen evite suiv nouvèl k ap di move bagay sou gwoup moun sa a. Anplis, m pa gade fim oswa pyès teyat popilè k ap pase yo nan rizib. Mwen konnen prejije kapab mennen nan kòlè ak lahèn.”

Men sa w ka fè

  • Sonje sa, se pa tout sa yo di sou yon gwoup moun ki pou chak moun nan gwoup sa a.

  • Rekonèt ou ka pa gen ase enfòmasyon sou yon gwoup moun.

  • Eseye chèche laverite nan sous ou ka fè konfyans.

Yo te pot laviktwa sou lahèn

Foto ki ansanm: 1.De mesye k ap mache e k ap pale youn ak lòt. 2.Yon mesye ap ri ansanm ak zanmi l yo.

Ki sa k te ede yon Arab ak yon Juif pot laviktwa sou prejije yo te genyen?

Gade videyo ki gen tit Ki lè lanmou fidèl ap pote laviktwa sou lahèn? Chèche tit videyo a sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje