2YÈM PATI
Soti nan delij la pou rive nan liberasyon anba peyi Ejip
Se uit moun sèlman ki te chape anba delij la. Men tan ap pase, yo peple jiskaske yo rive anpil milye moun. Epi, 352 an apre delij la, Abraram te vin fèt. Nou aprann ki jan Bondye te kenbe pwomès li lè l te bay Abraram yon pitit gason yo te rele Izarak. Apre sa, nan de pitit gason Izarak yo, se Jakòb Bondye te chwazi.
Jakòb te gen anpil pitit : li te gen 12 pitit gason san konte pitit fi. Dis nan pitit gason Jakòb yo te rayi Jozèf, ti frè yo a, e yo te vann li pou l vin esklav ann Ejip. Apre sa, Jozèf te vin yon gwo chèf ann Ejip. Lè te vin gen yon gwo grangou, Jozèf te teste frè l yo pou l wè si kè yo chanje. Finalman, tout fanmi Jakòb, tout Izrayelit yo, te bwote al ann Ejip. Sa te pase 290 an apre Abraram te fin fèt.
Izrayelit yo te pase 215 an ankò ap viv ann Ejip. Apre Jozèf fin mouri, yo te fè yo tounen esklav. Apre kèk tan, Moyiz vin fèt. Bondye te sèvi avè l pou l delivre Izrayelit yo anba peyi Ejip. Antou, tout istwa ki nan DEZYÈM pati a te pran 857 ane.