BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 16
  • Izarak jwenn yon bon madanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Izarak jwenn yon bon madanm
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • “Wi, mwen vle ale”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Rebeka te vle fè kè Jewova kontan
    Anseye pitit ou
  • Bondye teste lafwa Abraram
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yon eprèv pou lafwa Abraram
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 16
Izarak wè Rebeka pou premye fwa.

ISTWA 16

Izarak jwenn yon bon madanm

ÈSKE w konnen kiyès dam sa a ki nan foto a ? Li rele Rebeka. Mesye l ap mache vin sou li a rele Izarak. Dam sa a pral vin madanm Izarak. Ki jan sa te fè rive ?

Ebyen, Abraram, papa Izarak, te vle jwenn yon bon madanm pou pitit gason li a. Li pa t vle pou Izarak te marye ak youn nan medam Kanaran yo, paske moun sa yo t ap adore fo dye. Sa Abraram fè, li rele sèvitè l la, li di : ‘ Mwen vle pou w tounen Aràn, kote fanmi m yo ap viv la, pou w al chèche yon madanm pou Izarak, pitit gason mwen an. ’

San pèdi tan, sèvitè Abraram nan pran dis chamo, li vwayaje ale byen lwen. Lè li prèske rive kote fanmi Abraram t ap viv la, li fè yon kanpe bò yon pi. Li te deja fin aprèmidi, se te nan moman kote medam yo nan vil la t ap vin chèche dlo nan pi a. Alò, sèvitè Abraram nan priye Jewova, li di : ‘ Mwen mande w pou w fè jèn fi ou chwazi ki pou madanm Izarak la, vin tire enpe dlo pou mwen ak pou chamo m yo. ’

Yon tikras tan apre, Rebeka vin chèche dlo. Sèvitè Abraram nan te mande l enpe dlo pou l bwè. Non sèlman li te ba l dlo a, men tou li te bay tout chamo yo bwè dlo alòske yo te swaf. Bay chamo bwè dlo se yon gwo travay paske chamo se bèt ki bwè anpil anpil dlo.

Lè Rebeka fini, sèvitè Abraram nan mande l non papa l. Li mande tou si li ka pase nuit lan lakay li. Rebeka di l konsa : ‘ Papa m rele Betouwèl, lèfini, gen plas pou w rete avèk nou. ’ Sèvitè Abraram nan te konnen Betouwèl se pitit Nawò, frè Abraram. Se poutèt sa, li mete ajenou epi li remèsye Jewova paske li te kondui l bò kot fanmi Abraram yo.

Jou swa sa a, sèvitè Abraram nan di Betouwèl ansanm ak Labàn, frè Rebeka a, poukisa li vini. Yo toule de dakò pou Rebeka ale avèk li pou l marye ak Izarak. Ki sa Rebeka te di lè yo te mande l opinyon l ? Li di : ‘ Wi ’, sa vle di li vle ale. Se konsa, nan demen, yo te monte sou chamo yo epi yo te derape pou vwayaje ale jis Kanaran.

Lè yo rive, li te fin aswè. Rebeka wè yon moun k ap mache nan savann nan. Se te Izarak. Li te kontan wè Rebeka. Sara, manman Izarak, te mouri depi twazan. Izarak te toujou chagren. Men kounye a, Izarak te vin renmen Rebeka anpil, sa te fè kè l vin kontan ankò. ’

Jenèz 24:1-67.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje