BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 34
  • Yon nouvo kalite manje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nouvo kalite manje
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Yon koulèv an kuiv
    Liv istwa biblik mwen an
  • Entwodiksyon pou seksyon 5
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon tant pou bay adorasyon
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 34
Yon manman izrayelit ak pitit gason l k ap ranmase lamàn.

ISTWA 34

Yon nouvo kalite manje

ÈSKE w kapab di ki sa moun yo ap ranmase atè a la a ? Li tankou nèj. Li fen, li blan, epi li lejè. Men se pa nèj, se yon bagay pou moun manje.

Sa gen apeprè yon mwa sèlman depi Izrayelit yo kite peyi Ejip. Kounye a yo nan dezè a. Pa prèske gen manje ki pouse nan dezè a. Poutèt sa, pèp la pran plenyen, y ap plede di : ‘ Pito Jewova te touye nou ann Ejip. Omwen, lè nou te lòt bò a, nou te konn manje kantite manje nou vle. ’

Poutèt sa, Jewova di : ‘ Mwen pral fè manje tonbe sot nan syèl la. ’ E se sa Jewova fè. Nan demen maten, lè Izrayelit yo wè bagay blan an ki tonbe atè a, youn mande lòt : ‘ Ki sa sa a ye ? ’

Moyiz di : ‘ Sa a se manje Jewova ban nou pou nou manje. ’ Pèp la rele li LAMÀN. Li gen gou gato ki fèt ak siwo myèl.

Moyiz di pèp la konsa : ‘ Se pou chak moun ranmase valè yo kapab manje. ’ Se sa yo fè chak maten. Epi, lè chalè solèy la kòmanse monte, lamàn ki te ret atè a fonn.

Moyiz di pèp la konsa : ‘ Pinga pèsonn pran lamàn sere pou demen. ’ Men gen moun ki pa tande. Ou konn sa ki pase ? Nan demen maten, lamàn yo te sere a vin plen vè, li kòmanse santi !

Izrayelit yo k ap sanble lamàn.

Men, gen yon jou nan semèn nan Jewova di Izrayelit yo pou yo pran de fwa lavalè lamàn. Se sizyèm jou a. Jewova di pou yo konsève nan lamàn sa a pou demen, paske li pap fè lamàn tonbe setyèm jou a. Lamàn yo te sere pou setyèm jou a pa t fè vè, ni li pa t santi ! Sa a se yon lòt mirak !

Jewova te bay Izrayelit yo manje lamàn pandan tout ane yo te fè nan dezè a.

Egzòd 16:1-36 ; Nonb 11:7-9 ; Jozye 5:10-12.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje