BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 1 p. 83-p. 85 par. 3
  • Li yon fason ki egzak

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li yon fason ki egzak
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè poz ki apwopriye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Li yon fason ki egzak
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 1 p. 83-p. 85 par. 3

LESON 1

Li yon fason ki egzak

Ki sa pou w fè?

Li egzakteman sa yo ekri a awotvwa. Pa sote mo, pa manje kèk pati nan mo yo, ni pa pran yon mo pou yon lòt. Pwononse mo yo byen. Veye sou siy ponktiyasyon yo ak aksan ki sou kèk vwayèl.

Poukisa sa enpòtan?

Yon lekti ki kòrèk e ki fèt avèk swen jwe yon wòl fondamantal nan anseyemoun konesans egzak sou verite ki nan Bib la.

LABIB di Bondye vle pou tout kalite moun “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Nan sans sa a, lè n ap li awotvwa nan Bib la pou lòt moun, dezi nou genyen pou nou fè yo jwenn konesans egzak la ta dwe gen yon enfliyans sou fason n ap li.

Li enpòtan pou ni jèn ni granmoun chèche gen kapasite pou yo li awotvwa nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki esplike mesaj ki nan Bib la. Antanke Temwen Jewova, nou gen responsablite pou nou fè lòt moun konnen Jewova ak fason li aji. Pou nou fè sa, souvan sa mande pou nou li pou yon moun oswa pou yon ti gwoup moun. Nou konn fè lekti tou pou manm fanmi nou. Nan Lekòl ministè teyokratik la, frè ak sè yo, jèn kou granmoun, gen bon okazyon pou yo resevwa konsèy k ap ede yo amelyore fason yo li awotvwa.

Li Labib an piblik, kit se pou kèk moun oubyen pou yon kongregasyon, se yon bagay nou ta dwe pran oserye. Se Bondye ki enspire Labib. Anplis, “pawòl Bondye a vivan e li pisan, [...] li kapab rive disène panse ak entansyon ki nan kè yon moun”. (Ebre 4:12.) Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn yon konesans ki gen anpil valè nou pap jwenn okenn lòt kote. Pawòl Bondye a ka ede yon moun konnen sèl vrè Dye a, li ka ede l vin gen yon bon relasyon avèk Bondye e li ka ede l rive fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a. Li esplike sa pou nou fè pou nou jwenn lavi ki pa janm fini an nan monn nouvo Bondye a. Se sa k fè, nou ta dwe gen objektif pou nou fè tout sa nou kapab pou nou byen li Bib la. — Sòm 119:140; Jer. 26:2.

Jan pou w li yon fason ki egzak. Gen anpil bagay yon moun dwe fè pou l fè yon bon lekti, men, premye bagay la se chèche fè yon lekti ki egzak. Sa vle di, ou dwe chèche li egzakteman sa ki ekri a. Veye pou w pa sote mo, pou w pa manje fen mo yo, ni pou w pa li yon mo pou yon lòt poutèt mo sa yo sanble.

Pou w ka byen li mo yo, ou bezwen konprann kontèks yo itilize yo a. Sa mande pou w fè bonjan preparasyon. Rive yon lè, w ap vin li yon fason ki pi egzak, si w kontinye devlope kapasite w genyen pou w wè plis mo anmenmtan e w kontinye egzamine fason ide yo makònen ansanm.

Siy ponktiyasyon yo ak aksan ki sou kèk vwayèl jwe yon gwo wòl nan sa yon moun ekri. Siy ponktiyasyon yo ka ede w wè ki kote pou w fè poz, konbyen tan poz yo dwe dire, e yo ka ede w wè tou ki kote li nesesè pou w monte vwa w oswa pou w bese l. Nan kèk lang, si yon moun pa chanje ton vwa l lè yon siy ponktiyasyon mande l fè sa, sa ka fè yon kesyon tounen yon afimasyon, oswa sa ka chanje sans fraz la nèt. Natirèlman, pafwa se plis akoz sa gramè lang nan mande ki konn fè yo mete yon siy ponktiyasyon. Nan anpil lang, li enposib pou yon moun li yon tèks yon fason ki egzak si l pa byen veye siy ki sou tèt yon seri lèt oswa ki anba yon seri lèt. Genyen nan siy sa yo yo ekri e genyen se kontèks la k ap ede w konprann yo la. Yo gen yon efè sou fason w dwe pwononse lòt lèt ki avèk yo a. Asire w ou byen konnen fason yo itilize siy ponktiyasyon yo ak aksan yo nan lang pa w la. Se yon aspè enpòtan ou bezwen konprann pou w byen li. Pa bliye sa, objektif ou se ta dwe pou w fè moun k ap koute w yo konprann ide yo, se pa sèlman pou w li mo yo pou yo.

Pou w vin gen kapasite pou w li yon fason ki egzak, li nesesè pou w pran abitid li. Pou kòmanse, lè w ap li yon sijè, li yon paragraf. Li l plizyè fwa jiskaske w ka li l san w pa fè okenn fot. Ansuit, kontinye ak lòt paragraf la. Finalman, fè efò pou w li plizyè paj san w pa sote mo, san w pa repete mo w fin li e san w pa mal li okenn mo. Lè w fin pase etap sa yo, mande yon moun pou l koute w pandan w ap li pou li, epi mande l pou l di w ki fot ou fè.

Gen moun ki gen difikilte pou yo li akoz yo gen pwoblèm je oswa kote yo ye a manke ekleraj. Si l posib pou yo fè yon bagay pou amelyore sitiyasyon an oswa pou rezoud pwoblèm nan, sandout y ap vin li pi byen.

Rive yon lè, yo ka mande frè ki li byen yo pou yo sèvi kòm lektè nan etid biblik kongregasyon an oswa nan etid Toudegad. Men, pou yon moun byen ranpli responsablite sa a, li pa dwe annik kontante l li mo yo byen. Pou w vin yon lektè k ap fè bon lekti an piblik, w ap bezwen devlope bon abitid lè w ap fè lekti poukont ou. Chak mo jwe yon wòl nan yon fraz, e w dwe rekonèt sa. Ou pa ka sote kèk ladan yo epi pou w byen konprann sans fraz la. Si w mal li mo yo, menmsi se pou ou w ap li, sans fraz yo ap chanje. Ou ka mal li yon mo paske w pa byen gade aksan ki sou lèt ki ladan l oswa paske w pa egzamine nan ki kontèks yo itilize mo sa a. Fè efò pou w konprann sa chak mo vle di nan kontèks li parèt la. Anplis, egzamine ki efè siy ponktiyasyon yo genyen sou sans fraz la. Sonje, an jeneral, se gwoup mo yo ki bay ide yo. Ou dwe sonje sa yon fason pou lè w ap li awotvwa, ou li mo yo an gwoup olye w annik li yo grenn pa grenn. Li enpòtan pou w byen konprann sa w ap li, konsa lè w ap li pou lòt moun, w ap kapab ba yo konesans egzak la.

Men sa apot Pòl te ekri Timote, ki te deja yon ansyen ki gen eksperyans: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik.” ​(1 Tim. 4:13). Li klè, nou tout kapab kontinye chèche fè pwogrè nan domèn sa a.

SIY PONKTIYASYON

Pwen (.): Yon pwen montre fraz la fini.

Vigil (,): An jeneral, yon vigil mande pou w fè yon ti poz, piske w pral jwenn lòt mo ankò.

Pwen vigil (;): Sa mande pou w fè yon poz ki gen mwens fòs pase yon pwen, men ki gen plis fòs pase yon vigil.

De pwen (:): Siy sa yo montre yo pral site yon lis bagay oswa yo pral site pawòl yon moun. Sa mande pou w fè yon poz, san w pa bezwen ni monte ton vwa w ni bese l.

Pwen esklamasyon (!): Li la pou fè konnen sa yon moun santi avèk anpil fòs.

Pwen entèwogasyon (?): An jeneral, sa mande pou w li fraz li ladan l lan avèk yon ton vwa ki yon ti jan pi wo oswa pou w monte ton vwa w.

Gimè (« », “ ” oswa ‘ ’): Yo ka montre w ou ta dwe fè poz lè w rive sou mo ki anndan l yo pou w separe yo ak lòt mo yo (poz la ka toupiti si mo ki ant gimè yo fè pati yon fraz, li ka pi long si mo ki ant gimè yo se tout yon fraz).

Tirè (—): Lè yo itilize l pou yo separe mo, an jeneral, sa konn mande pou w fè yon ti chanjman nan ton vwa w oswa nan vitès w ap li a.

Parantèz ( ) ak kwochè [ ]: Yo ka sèvi avèk yo pou yo mete yon seri mo apa, yon seri mo lè w ap li yo, ou dwe fè yon ti bese ton vwa w. Li pa nesesè pou w li referans yo bay ant parantèz yo. Ou pa bezwen chanje ton vwa w lè w ap li mo yo mete ant kwochè yo, yon seri mo ki nesesè pou konplete sans sa w ap li a.

FASON POU W FÈ SA

  • Toujou fè lekti, e fè sa awotvwa.

  • Mande yon moun pou l suiv ou pandan w ap li pou li e pou l montre w fot ou fè.

  • Lè w ap fè etid pèsonèl ou, fè efò pou w li byen.

  • Olye pou w li mo yo grenn pa grenn, aprann li gwoup mo.

EGZÈSIS: Apre w fin byen prepare pou w li Matye chapit 5 rive nan chapit 7, mande yon zanmi w oswa yon manm fanmi w pou l suiv ou pandan w ap li chapit sa yo awotvwa pou li. Mande l pou l kanpe w 1) chak fwa w sote yon mo, 2) chak fwa w mal li yon mo oswa ou chanje mo yo plas oubyen 3) chak fwa w mal pwononse yon mo ki gen lèt ki gen yon aksan, chak fwa w pase sou yon siy ponktiyasyon ki te mande pou w fè yon poz oswa ki te mande pou w monte vwa w oubyen pou w bese l. Li ta bon pou w fè sa de fwa oswa twa fwa pandan omwen dis minit.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje