BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 5 p. 97-p. 100 par. 4
  • Fè poz ki apwopriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè poz ki apwopriye
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Li yon fason ki egzak
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mete aksan sou mo kle ki nan vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale yon fason ki swa
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 5 p. 97-p. 100 par. 4

LESON 5

Fè poz ki apwopriye

Ki sa pou w fè?

Fè bonjan poz kote sa apwopriye nan patisipasyon w ap fè. Pafwa, ou ka fè poz ki kout anpil oswa ou ka tou senpleman fè yon ti bese vwa w pandan yon ti moman. Yon poz apwopriye lè yo fè l nan yon objektif byen presi.

POUKISA SA ENPÒTAN?

Li vrèman enpòtan pou w byen fè poz yo paske sa ap pèmèt moun konprann sa w ap di yo san pwoblèm e pwen enpòtan yo ap parèt klè tou.

LÈ W AP pale, li enpòtan pou w fè poz kote w dwe fè l. Sa valab, kit w ap fè yon diskou, kit w ap pale ak yon moun. Si w pa fè poz, sa w di yo ka tankou yon pakèt bri san sans pou moun yo, ide yo ka pa klè pou yo. Lè w fè poz ki apwopriye, sa fè pawòl ou yo klè. Epitou, poz yo ka pèmèt pwen prensipal yo rete grave nan lespri moun yo pandan lontan.

Ki jan w ka konnen ki lè pou w fè poz? Konbyen tan poz yo dwe dire?

Poz akoz siy ponktiyasyon. Siy ponktiyasyon yo jwe yon wòl enpòtan nan tèks yo ekri. Yo ka montre kote yon fraz fini oswa yo ka fè w konnen lè yon fraz se yon kesyon. Nan kèk lang, yo itilize yo lè y ap site deklarasyon yon moun fè. Gen kèk siy ponktiyasyon ki la pou montre relasyon ki egziste ant yon pati nan yon fraz ak lòt pati yo. Yon moun k ap li pou tèt li ka wè siy ponktiyasyon yo. Men, lè l ap li awotvwa pou lòt moun, vwa l dwe fè moun yo wè siyifikasyon kèlkeswa siy ponktiyasyon ki parèt nan tèks la. (Pou w jwenn lòt detay sou pwen sa a, gade leson 1 an ki gen tit: “Li yon fason ki egzak.”) Si w pa fè poz lè siy ponktiyasyon yo mande sa, li ka difisil pou lòt moun konprann sa w ap li a oswa yo ka menm mal konprann sans tèks la.

Anplis siy ponktiyasyon yo, fason yo eksprime ide yo nan yon fraz ap montre ki kote li apwopriye pou yon moun fè poz. Gen yon gwo mizisyen ki te di yon lè: “Mwen pa jwe nòt yo pi byen pase anpil lòt mizisyen ki jwe pyano. Men, poz mwen fè ant nòt yo, se la sekrè a ye.” Se menm bagay la lè yon moun ap pale. Si w byen fè poz yo, sa ap fè enfòmasyon w te prepare yo pi bèl e y ap gen plis sans.

Lè w ap prepare yon lekti w pral fè, li ka bon pou w mete yon seri mak nan dokiman w pral li a. Fè yon ti trè kanpe kote w ap gen pou w fè yon poz ki kout. Itilize de trè ki kanpe pou yon poz ki pi long. Si w wè gen kèk pati nan yon fraz ki difisil pou ou e w fè poz yon move kote plizyè fwa, avèk yon kreyon, relye tout mo ki fòme pati ki difisil la ansanm. Apre sa, li tout fraz la soti nan kòmansman l pou rive nan fen l. Anpil oratè ki gen eksperyans fè sa.

An jeneral, li pa difisil pou w fè poz nan konvèsasyon w ap fè chak jou, paske ou konnen ki ide ou vle eksprime. Men, si w gen tandans fè poz detanzantan, menmsi ide yo pa mande sa, pawòl ou yo ap manke fòs e y ap manke klè. W ap jwenn kèk konsèy k ap ede w amelyore nan domèn sa a, nan leson 4 la ki gen tit: “Pale yon fason ki swa.”

Poz lè w ap pase nan lòt ide. Lè w ap sot nan yon pwen prensipal pou w al nan yon lòt, si w fè yon poz, sa ka bay moun k ap koute w yo yon okazyon pou yo reflechi, pou yo ajiste panse yo, pou yo rann yo kont ou chanje direksyon e pou yo konprann ide ou pral prezante apre a pi byen. Menm jan li enpòtan pou yon chofè ralanti lè l ap vire nan yon kafou pou l sot nan yon ri pou l al nan yon lòt ri, se konsa tou, li enpòtan pou w fè poz lè w ap sot nan yon ide pou w al nan yon lòt ide.

Youn nan rezon ki fè kèk oratè konn kouri sot nan yon ide pou y al nan yon lòt san yo pa fè poz se paske yo konn ap chèche bay twòp enfòmasyon. Gen kèk nan oratè sa yo ki gen abitid sa a akoz jan yo abitye pale. Petèt, tout moun ki antoure yo pale menm jan an. Men, abitid sa a pap ede yo byen anseye. Si w gen yon bagay pou w di ki merite pou moun koute l e pou yo sonje l, ebyen, pran ase tan pou w di l byen klè. Ou dwe rekonèt poz yo trèzenpòtan pou ede w pale yon fason k ap fè ide yo soti klè.

Si w pral bay yon diskou sou baz yon plan, ou ta dwe òganize enfòmasyon yo yon fason pou w wè byen klè kote pou w fè poz ant pwen prensipal yo. Si se yon diskou maniskri ou pral fè, fè yon mak kote w ap sot nan yon pwen prensipal pou w al nan yon lòt pwen prensipal.

An jeneral, poz nou fè kote n ap sot nan yon ide pou n al nan yon lòt ide pi long pase poz nou fè lè gen yon siy ponktiyasyon. Men, yo pa long nan pwen pou yo fè w ap trennen nan diskou a. Si yo twò long, y ap bay moun yo enpresyon ou pa byen prepare e se chèche w ap chèche sa w pral di.

Poz pou w mete aksan. Yon poz yon moun fè pou l mete aksan, souvan se yon poz ki bay yon sispenns, sa vle di, se yon poz ki vin anvan yon deklarasyon oubyen apre yon deklarasyon, oswa apre moun nan fin poze yon kesyon avèk fòs. Kalite poz sa yo bay moun k ap koute yo okazyon pou yo reflechi sou sa yo sot di yo a oswa yo fè moun yo ap tann sa yo pral di yo a. Toule de efè sa yo pa menm. Chwazi ki metòd ou vle itilize. Men, sonje, yon moun ta dwe itilize kalite poz sa yo lè l ap di yon deklarasyon ki vrèman enpòtan. Si se pa sa, deklarasyon sa yo ap pèdi valè yo.

Lè Jezi t ap li Ekriti yo awotvwa nan sinagòg Nazarèt la, li te byen sèvi ak poz. Toudabò, li te li misyon li te genyen pou l akonpli a nan woulo pwofèt Izayi a. Men, anvan l te fè aplikasyon pòsyon l te fin li a, li woule woulo a, li remèt li bay sèvitè a, epi l al chita. Apre sa, pandan je tout moun nan sinagòg la fikse sou li, li di: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.” — Lik 4:16-21.

Poz lè sikonstans yo egzije sa. Pafwa, gen kèk bagay ki ka oblije w fè yon poz. Bri yon machin, yon avyon oswa yon moto k ap pase oubyen bri yon timoun k ap kriye ka oblije w kanpe konvèsasyon w ap fè ak yon moun nan predikasyon. Si bri k ap fèt kote nou reyini an pa twò fò, ou ka monte vwa w epi w kontinye pale. Men, si bri a fò e li pran yon ti tan pou l sispann, ou dwe fè yon poz. Yon bagay ki klè, sèke pandan bri a ap fèt la moun yo gentan sispann koute w. Donk, byen sèvi ak poz yo pou w ede moun k ap koute w yo byen pwofite tout bon bagay ou vle di yo.

Poz pou w pèmèt moun yo reponn. Menm lè w ap fè yon patisipasyon ki pa mande pou moun k ap koute w yo fè kòmantè, li enpòtan pou w ba yo posiblite pou yo reponn nan kè yo. Si w poze kèk kesyon ki ta dwe fè yo reflechi, men apre, ou pa fè yon poz ki ase long pou w ba yo tan pou yo reflechi, kesyon sa yo ap prèske pa gen efè yo ta dwe genyen yo.

Natirèlman, li enpòtan pou w fè poz nonsèlman lè w ap pale sou estrad la, men tou, lè w ap bay lòt moun temwayaj. Gen kèk moun sanble ki pa janm fè poz. Si w gen pwoblèm sa a, fè gwo efò pou w aprann teknik sa a k ap ede w byen pale. Konsa, w ap amelyore fason w pale ak lòt moun e w ap preche pi byen. Yon poz se yon moman silans, e gen yon moun ki te di yon pawòl enteresan, li te di yon moman silans fè yon ti chanjman, li mete aksan, li atire atansyon e li fè zòrèy yo pran yon souf.

Konvèsasyon n ap fè chak jou yo se yon brase lide ant de oswa plizyè moun. Lè w koute lòt moun lè y ap pale e w montre w enterese nan sa y ap di, sa fè yo plis dispoze koute w. Pou w fè sa, sa mande pou w fè poz, yon poz ki ase long pou w ba yo posiblite pou yo pale.

Lè n ap preche, souvan nou bay yon pi bon temwayaj si nou fè yon konvèsasyon ak moun nan. Anpil Temwen Jewova twouve li bon, apre yo fin salye moun nan e moun nan fin salye yo, pou yo di moun nan sou ki sijè yo vin pale avè l epi pou yo poze l yon kesyon. Yo fè yon ti poz pou yo bay moun nan posiblite pou l reponn yo, e apre sa, yo montre l yo t ap koute sa l t ap di a. Pandan konvèsasyon an, yo konn bay moun nan anpil posiblite pou l pale. Yo konnen yo kapab pi byen ede yon moun, si yo konnen pwennvi l sou sijè y ap pale avè l la. — Pwo. 20:5.

Anfèt, se pa tout moun k ap reponn kesyon w ap poze yo yon fason pozitif. Malgre gen moun ki pa t reponn Jezi yon fason pozitif, sa pa t anpeche l kontinye fè poz ki ase long pou l ba yo posiblite pou yo pale, menm lè se moun ki te opoze avè l (Mak 3:1-5). Si w bay lòt moun w ap pale avè l la posiblite pou l pale, sa ap ankouraje l reflechi, e konsa l ap ka di w sa k nan kè l. An reyalite, lè n ap preche, youn nan objektif nou, se touche kè moun yo. Nou fè sa, lè nou pale avèk yo sou yon seri sijè ki soti nan Pawòl Bondye a, yon liv yo ta dwe kite gide yo nan desizyon y ap pran. — Ebre 4:12.

An reyalite, sa bèl anpil lè nou fè poz lè n ap preche yon moun. Lè nou byen sèvi ak poz yo, ide n ap anseye moun yo pi klè pou yo e souvan y ap sonje ide sa yo pandan lontan.

FASON POU W FÈ SA

  • Lè w ap li awotvwa, byen veye sou siy ponktiyasyon yo.

  • Koute oratè ki kalifye yo avèk atansyon, e gade ki kote yo fè poz e konbyen tan poz yo dire.

  • Apre w fin di yon pwen ou vle lòt moun yo sonje toutbonvre, fè yon poz pou pwen sa a ka rete grave nan lespri yo.

  • Lè w ap fè konvèsasyon ak lòt moun, ankouraje yo eksprime panse yo, e koute repons yo bay. Kite yo fin pale san w pa kanpe yo.

EGZÈSIS: Li Mak 9:1-13 awotvwa. Fè poz ki apwopriye lè gen siy ponktiyasyon. Pa trennen nan lekti a. Apre w fin repete lekti a poukont ou, fè lekti a devan yon moun, mande l pou l koute w e pou l ba w konsèy pou w amelyore fason w fè poz yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje