BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 8 p. 107-p. 110 par. 2
  • Pale ak yon volim vwa ki apwopriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale ak yon volim vwa ki apwopriye
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fè varyasyon nan son vwa w
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè varyasyon nan son vwa w
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Apendis: Kesyon paran yo konn poze
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Gade moun w ap pale avèk yo a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 8 p. 107-p. 110 par. 2

LESON 8

Pale ak yon volim vwa ki apwopriye

Ki sa pou w fè?

Pale avèk ase fòs. Lè w ap chèche wè ki volim vwa ki apwopriye pou w itilize, egzamine 1) ki kantite moun k ap koute w e ki moun yo ye, 2) ki bri ki distrè yo, 3) ki sijè w ap egzamine avèk yo e 4) ki objektif ou genyen.

Poukisa sa enpòtan?

Si moun yo pa kapab tande w san pwoblèm, lespri yo ka pa konsantre sou sa w ap di a e enfòmasyon w ap ba yo a ka pa parèt klè pou yo. Si w pale twò fò, moun yo ka santi w deranje yo e yo ka menm santi w pa gen respè pou yo.

SI YON oratè pa pale ak yon volim vwa ki sifi pou moun k ap koute l yo tande, kèk moun ka kòmanse dòmi. Si yon pwoklamatè pale twò ba nan predikasyon, li ka pa kapte atansyon moun li rankontre a. Si nan reyinyon yo yon moun pa fè yon kòmantè ak yon volim vwa ki ase fò, moun ki la yo pap jwenn ankourajman yo bezwen an (Ebre 10:24, 25). Yon lòt bò, si yon oratè ogmante volim vwa l nan yon moman li pa t dwe fè sa, moun k ap koute l yo ka kòmanse santi yo malalèz, yo ka menm kòmanse santi sa nui yo. — Pwo. 27:14.

Panse ak moun k ap koute w yo. Ak ki moun w ap pale? Ak yon moun? Ak yon fanmi? Devan yon ti gwoup moun ki nan yon reyinyon pou yo soti nan predikasyon? Devan tout kongregasyon an? Oswa devan yon pakèt moun nan yon kongrè? Li klè, yon volim vwa ki apwopriye nan yon sitiyasyon ka pa apwopriye nan yon lòt sitiyasyon.

Gen divès okazyon kote sèvitè Bondye yo te pale devan yon pakèt moun. Nan epòk Salomon an, lè yo t ap fè inogirasyon tanp lan nan Jerizalèm, pa t gen sonorizasyon. Kidonk, Salomon te kanpe sou yon estrad ki wo e “li pale byen fò”, li te beni pèp la (1 Wa 8:55; 2 Kwo. 6:13). Plizyè santèn ane annapre, apre lespri sen te fin desann sou yon ti gwoup kretyen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, gen yon gwo foul moun ki te reyini avèk ti gwoup kretyen sa yo nan Jerizalèm. Nan foul sa a, te gen moun ki enterese nan sa yo t ap di yo, e te gen lòt ki t ap fawouche kretyen yo. Pyè te montre li saj, lè li te ‘leve kanpe, e li te pale byen fò’ devan foul moun yo (Tra. 2:14). Li te bay yon gwo temwayaj.

Ki jan w ka konnen si volim vwa w itilize a apwopriye pou moun w ap pale avèk yo a? Youn nan pi bon fason w ka konnen sa, se suiv fason moun k ap koute w yo reyaji. Si w wè gen moun pami moun k ap koute w yo k ap fè gwo efò pou yo tande w, ou ta dwe chèche ogmante volim vwa w.

Kit w ap pale ak yon moun, kit w ap pale ak yon gwoup moun, li saj pou w panse ak moun k ap koute w yo. Si yon moun tande di, ou ka bezwen pale pi fò. Men, si w ap rele byen fò sou moun ki ka senpleman reyaji yon ti jan pi lan paske yo aje, sa pap fè yo kontan. Yo ka menm konsidere sa kòm yon siy ki montre ou pa gen politès. Nan kèk peyi, lè yon moun pale twò fò ak lòt moun, yo konsidere sa kòm yon siy ki montre moun ki pale twò fò a fache oswa li manke pasyans.

Panse ak bri ki ka distrè moun yo. Lè w ap preche, sitiyasyon ou rankontre yo ka vrèman enfliyanse volim vwa ou bezwen itilize pou w bay temwayaj. Ou ka bezwen kontrekare bri machin, bri yon timoun ap fè, bri yon chen k ap jape, yon mizik oswa yon televizyon k ap jwe fò. Yon lòt bò, nan zòn kote kay yo kole youn ak lòt, sa ka jennen moun ou jwenn nan kay la si w pale tèlman fò, ou menm rive deranje vwazen l yo.

Frè k ap fè diskou nan kongregasyon yo ak nan kongrè yo gen pou yo fè fas ak yon kantite sitiyasyon diferan. Bay yon diskou yon kote ki pa fèmen pa menm ditou ak bay yon diskou nan yon sal fèmen, kote son an ap byen soti. Pa egzanp, ann Amerik latin, sa te rive gen de misyonè ki t ap bay yon diskou piblik nan lakou yon mesye ki enterese nan laverite pandan gen moun ki t ap tire fedatifis sou yon plas ki toupre a e pandan yon kòk t ap plede chante nan zòn nan tou.

Pandan yon oratè ap fè yon diskou, yon bagay ka rive, e sa mande swa pou l fè yon poz jiskaske pwoblèm nan sispann oswa pou l ogmante volim vwa l. Pa egzanp, si y ap fè yon reyinyon nan yon kay ki kouvri an tòl, yon gwo lapli ki vini bridsoukou ka fè l prèske enposib pou moun yo tande oratè a. Yon timoun k ap kriye oswa yon moun ki anreta e k ap deranje lòt moun nan moman l ap antre a ap bay pwoblèm kanmenm. Aprann kontrekare bri sa yo k ap distrè moun k ap koute w yo, yon fason pou yo ka byen pwofite enfòmasyon w ap ba yo a.

Si gen ekipman pou ogmante son an, sa ap ede oratè a, men l ap toujou bezwen ogmante volim vwa l lè sitiyasyon an mande sa. Nan zòn kote ki gen blakawout souvan, oratè yo konn oblije kontinye fè diskou yo san yon mikwofòn pou ede yo.

Panse ak sijè ou pral pale sou li a. Sijè ou pral prezante nan diskou w la gen yon enfliyans tou sou volim vwa ou bezwen itilize. Si sijè a mande pou w pale ak anpil fòs, pa pale twò ba, sa ka fè diskou a manke fòs. Pa egzanp, lè w ap li kondanasyon ki gen nan Bib la, ou ta dwe monte volim vwa w pi wo pase lè w ap li konsèy y ap bay sou fason pou moun montre yo gen lanmou. Adapte volim vwa w ak enfòmasyon yo, men veye pou w pa fè sa yon fason k ap atire atansyon sou ou.

Panse ak objektif ou genyen. Si w vle ankouraje moun k ap koute w yo pou yo zele nan travay predikasyon an, li ka nesesè pou w itilize yon volim vwa ki yon ti jan pi fò. Si w vle yo chanje fason yo panse, pa fè yo santi ou repouse yo akoz ou pale twò fò. Si w vle konsole moun yo, an jeneral, li pi bon pou w itilize yon vwa ki dous.

Bon fason pou w ogmante volim vwa w. Lè w ap chèche kapte atansyon yon moun ki okipe, byen souvan, li bon pou w ogmante volim vwa w. Paran yo konn sa byen, se sa k fè yo ogmante volim vwa yo pou yo rele pitit yo lè timoun yo dwe kite yon jwèt yo t ap jwe. Li ka nesesè tou pou yon frè k ap prezide yon reyinyon kongregasyon an oswa yon sesyon nan yon asanble ogmante volim vwa l lè l ap mande moun yo pou yo pran plas. Lè pwoklamatè yo ap preche, yo ka bezwen salye moun yo ofiramezi y ap pwoche kote moun k ap travay nan lakou lakay yo oswa devan lakay yo.

Menm apre w fin kapte atansyon yon moun, li enpòtan pou w kontinye pale ase fò. Si w pale ba anpil, sa ka fè moun k ap koute w yo gen enpresyon w pa t fè yon bon preparasyon oswa ou manke konviksyon.

Lè yon moun k ap bay yon egzòtasyon monte vwa l, sa ka pouse lòt moun yo alaksyon (Tra. 14:9, 10). Menm jan an tou, lè l pale byen fò, sa ka ede lòt moun evite yon danje. Nan Filip, gen yon gadyen prizon ki t apral touye tèt li paske li te panse prizonye li t ap siveye yo te sove. “Pòl di l byen fò: ‘Pa fè tèt ou mal, paske nou tout la!’” Konsa, li te anpeche mesye sa a touye tèt li. Apre sa, Pòl ak Silas te bay gadyen prizon an ak moun lakay li temwayaj. Yo tout te pran laverite. — Tra. 16:27-33.

Sa pou w fè pou w amelyore volim vwa w. Gen kèk moun ki bezwen fè anpil efò pou yo aprann ki jan pou yo itilize yon volim vwa ki apwopriye. Yon moun ka pa pale ase fò paske li gen yon vwa ki fèb. Men, si l fè efò, li posib pou l amelyore, menmsi li ka toujou pale yon fason ki kalm. Veye sou fason w respire ak fason w kenbe kò w. Fè efò pou w rete dwat, kit ou chita kit ou kanpe. Kenbe zepòl ou byen epi byen respire. Asire w ou ranpli pati anba nan poumon w yo ak lè. Se lè ou stoke a, e ou byen kontwole a, k ap ede w kontwole volim vwa w lè w ap pale.

Gen kèk lòt moun, pwoblèm yo sèke yo pale twò fò. Petèt yo te devlope yon abitid konsa paske yo travay deyò oswa yon kote ki gen anpil bri. Yon lòt bò, yo ka te leve yon kote tout moun toujou ap rele lè y ap pale e kote youn ap koupe pawòl nan bouch lòt. Konsa, yo met nan tèt yo sèl fason pou yo santi yo patisipe nan yon konvèsasyon se lè yo pale pi fò pase tout lòt moun. Ofiramezi y ap aprann konsèy Bib la bay pou yo abiye avèk “yon konpasyon ki pwofon anpil, ak bonte, imilite, dousè ak pasyans”, yo fè ajisteman nan volim vwa y ap itilize lè y ap pale ak lòt moun. — Kol. 3:12.

Lè w fè bonjan preparasyon, lè w priye Jewova e w vin gen plis eksperyans paske w patisipe regilyèman nan travay predikasyon an, sa ap ede w pale avèk yon volim vwa ki apwopriye. Kit w ap pale sou estrad la oswa w ap pale ak yon moun nan predikasyon, chèche konsantre w sou fason ou ka ede moun w ap pale avèk yo a lè w fè yo rive tande sa w ap di yo. — Pwo. 18:21.

LÈ LI KA NESESÈ POU W OGMANTE VOLIM VWA W

  • Pou w kapte atansyon yon foul moun.

  • Pou w kontrekare bri k ap distrè moun yo.

  • Pou w kapte atansyon moun lè w ap di yon bagay ki enpòtan anpil.

  • Pou w pouse moun alaksyon.

  • Pou w kapte atansyon yon moun oswa yon gwoup moun.

SA POU W FÈ POU W AMELYORE

  • Byen gade reyaksyon moun w ap pale avèk yo a; itilize yon volim vwa ki apwopriye yon fason pou yo ka byen tande w.

  • Aprann ranpli pati ki anba nan poumon w yo ak lè lè w ap respire.

EGZÈSIS: Toudabò, li Travay 19:23-41 an silans. Imajine kad la ak kontèks la. Chèche wè kiyès k ap pale e ki atitid li genyen. Apre sa, li pasaj la awotvwa, itilize yon volim vwa ki apwopriye pou chak pòsyon ladan l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje