LESON 9
Fè varyasyon nan son vwa w
LÈ W annik mete aksan sou yon seri mo ak yon seri ekspresyon, w ap ede moun k ap koute w yo konprann sa w ap di yo a. Men, lè w byen fè varyasyon nan volim vwa w, nan vitès w ap pale ak nan ton vwa w, moun yo ka pi kontan koute diskou w la. Sa ki pi enpòtan toujou, sa ka montre yo ki jan w santi w parapò ak sa w ap di yo a. Atitid ou anvè enfòmasyon w ap prezante yo a ka enfliyanse fason yo menm yo santi yo parapò ak enfòmasyon yo. Sa nou di a se vre kit w ap pale sou estrad la, kit w ap pale ak yon moun nan predikasyon.
Vwa moun se yon zouti ki estrawòdinè. Gen yon pakèt bagay nou kapab fè avè l. Si w byen itilize l, ou ka mete vi nan yon diskou w ap fè, ou ka touche kè moun k ap koute w yo e w ka pouse yo aji. Sepandan, pou w rive fè sa, ou pa ka annik kontante w note kote pou w chèche gen yon bon volim vwa, kote pou w chanje vitès w ap pale a oswa kote pou w varye ton vwa w. Si se fason sa yo ou fè varyasyon nan son vwa w, sa pap parèt natirèl. Olye sa mete vi nan diskou w la e olye sa fè l bèl, sa ka fè moun k ap koute w yo santi yo malalèz pito. Se kè w ki pou pouse w byen fè varyasyon nan son vwa w.
Lè yon oratè fè varyasyon nan son vwa l kote l dwe fè l, sa pap atire atansyon sou li. Okontrè, sa ap ede moun k ap koute l yo konprann ide l ap devlope nan sijè a.
Adapte volim vwa w. Youn nan fason ou ka varye son vwa w se lè w adapte volim vwa w. Men, ou pa ta dwe annik monte vwa w oswa bese l yon sèl fason tanzantan. Si w fè l konsa, sa ka chanje sans sa w ap di a. Si w ogmante volim vwa w twò souvan, sa pap enteresan.
Volim vwa w ta dwe apwopriye ak sijè w ap egzamine a. Si w ap li yon lòd ki mande pou moun aji san pèdi tan, tankou lòd ki nan Revelasyon 14:6, 7 la oswa lòd ki nan Revelasyon 18:4 la, oubyen si w ap li pawòl ki montre yon konviksyon ki fèm, tankou sa nou jwenn nan Egzòd 14:13, 14 la, li bon pou w ogmante volim vwa w yon fason ki kòrèk. Menm jan an tou, si w ap li yon mesaj nan Bib la kote y ap pwononse yon jijman kondanasyon, tankou sa nou jwenn nan Jeremi 25:27-38 la, lè w varye volim vwa w, sa ap fè yon seri mo byen soti.
Egzamine objektif ou tou. Èske w vle pouse moun k ap koute w yo aji? Èske w vle fè pwen prensipal yo parèt klè nan diskou w la? Si w monte volim vwa w plis, e w fè sa avèk bon jijman, sa ka ede w atenn objektif sa yo. Men, si se monte w annik monte vwa w, sa ka fè w pa atenn objektif ou. Ki jan? Sa w ap di a ka mande pou w pale avèk afeksyon e avèk santiman olye w monte vwa w. Nou pral pale sou sa nan leson 11 lan.
Lè w byen chwazi moman pou w bese volim vwa w, sa ka pouse moun yo anvi konnen sa w pral di a. Sepandan, an jeneral, sa mande pou w pale avèk plis fòs tousuit apre. Lè w itilize yon volim vwa ki ba ansanm ak yon ton ki yon ti jan toufe, sa ka montre w gen enkyetid oswa w pè. Ou ka itilize yon volim vwa ki ba tou pou w montre sa w ap di a gen mwens enpòtans pase lòt pawòl ki antoure l yo. Men, si volim vwa w toujou ba, sa ka montre w manke konfyans nan sa w ap di a oswa w manke konviksyon oubyen w pa vrèman enterese nan sa w ap di a. Li klè, ou bezwen montre w gen bon jijman lè w vle itilize yon ton ki ba anpil.
Chanje vitès w ap pale a. Nan konvèsasyon n ap fè chak jou, pawòl yo soti san pwoblèm ofiramezi n ap eksprime panse nou. Lè nou kontan anpil, nou gen tandans pale rapid. Lè nou vle lòt moun sonje sa nou di yo egzakteman, nou plis pran san nou pou nou pale.
Men, nan oratè ki pa gen lontan depi y ap fè diskou yo, pa gen anpil ki varye vitès yo lè y ap pale. Sa k fè sa? Yo konsantre twòp sou mo yo pral itilize yo. Ou gendwa wè yo ekri tout sa yo pral di a. Menmsi yo pap bay yon diskou maniskri, yo ka ap chèche sonje prèske tout mo yo te ekri yo. Konsa, yo ka fè tout diskou a san yo pa chanje vitès y ap pale a. Si yo aprann pale apati yon plan, sa ap ede yo korije defo sa a.
Bat pou w pa ogmante vitès w ap pale a bridsoukou, menm jan ak yon chat ki pete kouri paske l wè yon chen. E ou pa ta dwe janm pale tèlman rapid nan pwen pou pawòl ou yo pa soti byen klè.
Pou w ka chanje vitès w ap pale a, pa annik ale rapid epi w ralanti tanzantan. Olye stil sa a fè diskou w la bèl, l ap detounen atansyon moun k ap koute w yo pito. Ou dwe chanje vitès ou selon sa w ap di a, selon santiman ou vle fè pase a e selon objektif ou. Bay diskou a ak yon vitès ki rezonab. Lè w ap montre kontantman w genyen, pale pi rapid, jan w t ap fè nan lavi chak jou. Li bon pou w fè sa tou lè w ap di yon pwen ki gen mwens enpòtans oswa lè w ap rakonte evènman kote detay w ap bay yo pa twò enpòtan. Sa ap fè gen varyete nan diskou w la e sa ap fè l pa twò difisil pou moun yo suiv. Yon lòt bò, ou pa dwe pale twò rapid lè w ap bay prèv ki pi solid yo, lè w ap di pwen prensipal yo e lè w nan moman kle diskou a.
Varye ton vwa w. Imajine yon moun k ap jwe yon enstriman mizik pandan anviwon inèdtan. Pandan tan sa a, li jwe yon sèl nòt. Toudabò, li jwe l fò, ansuit li jwe l ba, pafwa li jwe l vit, apre sa, li jwe l dousman. Li varye volim nòt la, li varye vitès li, men li pa varye ton an. “Mizik la” pap twò enteresan. Se konsa tou, si nou pa varye ton vwa nou, vwa nou pap agreyab nan zòrèy lòt moun.
Nou dwe konnen chanjman yon moun fè nan ton vwa l pa gen menm efè nan tout lang. Nan yon lang tankou chinwa, ki se yon lang ki chita sou ton, si yon moun chanje ton lè l ap pwononse yon mo, li ka chanje sans mo a. Sepandan, menm nan yon lang konsa, gen bagay yon moun ka fè pou l mete plis varyete nan fason l pale. Li kapab chèche amelyore posiblite vwa l genyen pou l sot nan yon ton ki pike pou rive nan yon ton ki grav. Kidonk, li ka monte ton ki wo yo pi wo e li ka bese ton ki ba yo pi ba.
Menm nan lang ki pa chita sou ton yo, yon chanjman ton ka bay plizyè sans. Pa egzanp, yon moun ka monte ton vwa l toupiti epi li ka ogmante volim vwa l nan menm nivo ak ton an pou l mete aksan sou yon ide. Oswa yon moun ka chanje ton vwa l pou l montre gwosè oswa distans. Si yon moun monte ton vwa l nan fen yon fraz, sa ka montre se yon kesyon li poze. Gen kèk lang ki ka mande pou l bese vwa l pito.
Yon moun ka itilize yon ton ki wo pou l eksprime kontantman. (Nan yon lang ki chita sou ton, sa ka mande pou l fè plis varyasyon nan ton vwa l toujou.) Li ka eksprime regrè ak enkyetid si l itilize yon ton ki ba. (Oswa nan yon lang ki chita sou ton, li ka redui ton vwa l.) Santiman yo mansyone la yo se kèk nan santiman k ap ede yon oratè touche kè moun k ap koute l yo. Lè w vle demontre santiman sa yo, pa annik di mo yo. Men, montre nan vwa w ou gen santiman sa yo vre.
Poze yon baz. Donk, depi ki lè w ap kòmanse panse sou fason w ap varye son vwa w? Depi lè w ap rasanble enfòmasyon pou w al fè diskou w la. Si nan diskou w la, se prèv sèlman w ap bay oswa se egzòtasyon sèlman w ap bay, ou pap gen anpil posiblite pou w fè varyasyon ladan l. Kidonk, egzamine chema diskou a, epi asire w ou gen materyo ou bezwen pou w fè yon diskou ki vivan, yon diskou k ap enstwi moun yo.
Ann sipoze nan yon moman nan diskou w la, ou santi w bezwen fè plis varyasyon paske w santi diskou a ap trennen. Ki sa pou w fè? Chanje fason w ap prezante enfòmasyon yo. Ki jan? Youn nan fason w ka fè sa, se ouvri bib ou, mande moun k ap koute w yo ouvri bib pa yo epi li yon vèsè pou yo olye w plede pale. Oswa fè kèk deklarasyon tounen yon kesyon, fè yon poz pou w ka mete aksan sou yon ide. Itilize yon egzanp ki senp. Sa yo se kèk teknik oratè ki gen eksperyans yo konn itilize. Men, kèlkeswa degre eksperyans ou, ou kapab itilize menm ide sa yo lè w ap prepare yon diskou w pral fè.
Nou kapab di lè w varye son vwa w nan diskou a se tankou w mete yon ti epis ladan l. Si w itilize bon epis e w mete kantite egzak ou bezwen an, diskou w la ap gen bon gou, e moun k ap koute w yo ap pran plezi ladan l.