BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 33 p. 197-p. 201 par. 1
  • Montre w pridan lè w ap pale, men montre w fèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w pridan lè w ap pale, men montre w fèm
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • ‘Kontinye konsantre w sou ansèyman w’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou atantif
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 33 p. 197-p. 201 par. 1

LESON 33

Montre w pridan lè w ap pale, men montre w fèm

Ki sa pou w fè?

Montre w pridan nan sa w ap di, nan fason w ap di l ak lè w ap di l, yon fason pou w pa blese santiman lòt moun alòske se pa sa w te vle.

Poukisa sa enpòtan?

Si w montre w pridan lè w ap pale, moun yo ka dispoze koute bon nouvèl la san pwoblèm. Sa ap ede w kontinye gen bon relasyon ak frè ak sè yo nan kongregasyon an tou.

YON moun ki montre l pridan lè l ap pale, se yon moun ki gen kapasite pou l pale ak lòt moun san l pa blese santiman yo. Sa mande pou l konnen ki jan pou l pale e ki lè pou l pale. Sa pa vle di pou l pa respekte sa ki dwat oswa pou l defòme enfòmasyon ki veridik pou l fè moun yo plezi. Lè yon moun montre l pridan lè l ap pale, sa pa vle di li gen krent pou lòm. — Pwo. 29:25.

Fwi lespri a se pi gwo baz pou ede yon moun montre l pridan lè l ap pale. Se sa k fè, lè yon moun kite se lanmou ki pouse l aji, li pap aksepte blese santiman lòt moun, okontrè, l ap dispoze ede yo pito. Yon moun ki bon e ki gen tanperaman dou se yon moun ki janti nan fason l boule ak lòt moun. Yon moun ki pezib chèche fason li ka kontinye gen bon relasyon ak lòt moun. Yon moun ki gen pasyans toujou rete kalm, menm lè l ap boule ak moun ki di. — Gal. 5:22, 23.

Kèlkeswa fason w prezante mesaj ki nan Bib la, gen moun k ap fache. Lefètke majorite Juif nan premye syèk la te gen yon kè ki mechan, Jezi Kris te vin tounen pou yo “yon wòch k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe”. (1 Pyè 2:7, 8.) Men sa Jezi te di anrapò ak travay predikasyon Wayòm nan li t ap fè a: “Mwen vin limen yon dife sou latè.” ​(Lik 12:49). Youn nan aspè ki gen nan mesaj Wayòm Jewova a se nesesite pou lèzòm rekonèt se Kreyatè yo a ki gen dwa pou l dirije, e jiska prezan lèzòm derefize aksepte sa. Anpil moun santi yo fache lè yo aprann, talè konsa, Wayòm Bondye a pral detwi sistèm mechan ki la kounye a. Men, piske nou vle obeyi Bondye, nou kontinye preche. Pandan n ap fè sa, nou gen nan lespri nou konsèy Bib la bay kote l di: “Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” — Wom. 12:18.

Montre w pridan lè w ap pale nan predikasyon. Gen anpil sitiyasyon kote nou ka pale ak lòt moun konsènan lafwa nou. Se vre, nou fè sa nan predikasyon, men tou, nou chèche okazyon ki apwopriye pou nou fè sa lè nou avèk manm fanmi nou, kòlèg travay nou oswa kondisip nou. Nan tout okazyon sa yo, li nesesè pou nou montre nou pridan lè n ap pale ak moun yo.

Si nou prezante mesaj Wayòm nan yon fason ki fè lòt moun santi se moral yo n ap vin fè, yo pap renmen mesaj la. Yo ka santi yo estomake lè nou fè yo konnen yo bezwen pote koreksyon nan vi yo, alòske yo pa t menm mande nou èd nou, ni yo pa t santi yo bezwen sa. Ki jan nou ka fè pou yo pa gen yon move pwennvi sou nou? Si nou aprann gen ladrès nan fè bèl ti konvèsasyon ak lòt moun, sa ka ede nou.

Lè n ap kòmanse konvèsasyon an, fè efò pou nou abòde yon sijè ki enterese moun nan. Si moun sa a se fanmi w, kòlèg travay ou oswa kondisip ou, ou ka deja konnen sa ki enterese l. Menmsi w pa t janm rankontre yon moun anvan, ou ka itilize yon pwen ou te tande nan nouvèl oswa w te li nan yon jounal pou w kòmanse yon konvèsasyon avè l. An jeneral, sijè sa yo konn nan lespri anpil moun. Lè w ap preche kay an kay, montre w se yon bon obsèvatè. Gen kèk bagay, pa egzanp, bagay ki dekore kay la, jwèt ki nan lakou a, bagay ki gen rapò ak relijyon, slogan yo kole sou machin ki nan pakin nan, ki ka bay kèk enfòmasyon sou sa ki enterese moun nan kay la. Lè moun nan pwoche bò pòt la, koute sa l ap di w. Pawòl li di yo ka fè w wè si sa w te panse sou sa ki enterese l ak sou pwennvi l yo se sa, oswa si se pa sa, e y ap ba w lòt enfòmasyon k ap ede w wè ki sa w dwe pran an konsiderasyon anvan w preche l.

Pandan konvèsasyon an, pataje ak moun nan kèk pwen ki soti nan Bib la ak nan piblikasyon yo ki baze sou Bib la, e pwen sa yo dwe gen rapò ak sijè a. Men, pinga w pran konvèsasyon an pou ou sèlman (Ekl. 3:7). Fè moun nan antre nan konvèsasyon an si l dispoze fè sa. Montre w enterese nan sa l panse. Sa ka ba w enfòmasyon ou bezwen pou w konnen ki jan pou w pale avè l san w pa blese santiman l.

Anvan w pale, reflechi sou fason lòt moun nan ap konsidere sa w di a. Pwovèb 12:8 fè elòj pou “moun ki pridan lè l ap pale”. Ekspresyon yo itilize ann ebre nan vèsè sa a gen rapò ak disènman e ak bon konprann. Kidonk, yon moun ki pridan lè l ap pale, se yon moun ki pale avèk rezèv paske l te reflechi sou yon kesyon pou l byen konprann li, konsa l aji yon fason ki saj. Nan vèsè 18 nan menm Pwovèb chapit 12 la, yo di nou pou nou pa “moun ki pale san reflechi, tankou se avèk kout epe”. Li posib pou nou defann verite ki nan Bib la san nou pa blese santiman lòt moun.

Si w montre w gen disènman lè w ap chwazi mo pou w itilize yo, sa sèlman ka ede w evite kreye pwoblèm ki ka anpeche w preche moun yo. Si lè w itilize ekspresyon “Bib la”, sa bay moun yo pwoblèm, ou ka sèvi ak lòt ekspresyon tankou “ekriti sakre yo” oswa “yon liv yo pibliye jodi a nan plis pase 2 000 lang”. Si w panse l ap bon pou w itilize ekspresyon “Bib la”, ou ka mande moun nan ki sa l panse de Bib la, epi fè efò pou w sonje sa l te di w la pandan tout rès konvèsasyon an.

Pou w montre w pridan lè w ap pale, souvan sa mande pou w chèche wè ki lè li apwopriye pou w pale (Pwo. 25:11). Ou ka pa dakò ak tout sa yon moun di, men li pa nesesè ditou pou w korije chak bagay li di ki pa ann amoni ak Bib la. Pa chèche di moun nan tout bagay yon sèl kou. Men sa Jezi te di disip li yo: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” — Jan 16:12.

Lè sa posib, felisite moun w ap pale avè l la ak tout kè w. Menm lè moun nan sou diskisyon, ou ka toujou gen posiblite felisite l dèske l gen yon pwennvi ki presi. Apot Pòl te fè sa lè l t ap pale ak filozòf ki te nan Areyopaj la, yon ti mòn nan vil Atèn tan lontan an, kote pi gwo tribinal peyi a te konn reyini. Filozòf sa yo “te pran diskite avè l”. Ki jan l t ap ka rive di yo kwayans li san l pa blese santiman yo? Anvan sa, li te wè anpil lotèl yo te fè pou dye yo t ap sèvi yo. Olye l kondane moun Atèn yo pou zidòl yo t ap adore yo, li te montre l pridan nan pawòl li lè l te felisite yo poutèt yo te gen yon gwo apresyasyon pou bagay ki gen rapò ak relijyon. Li te di yo: “Selon tout sa mwen wè, sanble nou pi atache ak dye yo pase lòt moun yo.” Fason sa a li te abòde yo a te ba l posiblite pou l prezante yo mesaj li t ap bay konsènan vrè Dye a. Kòm rezilta, gen ladan yo ki te vin kwayan. — Tra. 17:18, 22, 34.

Pa kouri eksite lè yon moun di yon bagay ki montre li pa dakò avè w. Rete kalm. Konsidere sa kòm yon okazyon w genyen pou w konprann sa moun nan panse. Ou ka di l mèsi dèske l fè w konnen pwennvi l. Ki sa pou w fè si l di w bridsoukou: “Mwen gen relijyon pa m”? Avèk ladrès, ou ka mande l: “Èske w nan relijyon sa a depi w fèt?” Ansuit, lè l fin reponn, ou ka mande l: “Èske w panse yon jou l ap posib pou tout moun fè pati yon sèl relijyon?” Sa ka ba w posiblite pou w fè lòt konvèsasyon avè l.

Si nou gen yon bon pwennvi sou tèt nou, sa ka ede nou montre nou pridan lè n ap pale. Nou gen yon konviksyon fèm chemen Jewova yo jis e Pawòl li a se laverite. Nou pale avèk konviksyon konsènan bagay sa yo. Men, pa gen okenn rezon pou nou panse nou pi bon pase lòt moun (Ekl. 7:15, 16). Nou kontan dèske nou konnen laverite e nou jwenn benediksyon nan men Jewova, men nou konnen byen se pa paske nou jis ki fè nou gen apwobasyon l. Nou gen apwobasyon l grasa favè san parèy li a e paske nou gen lafwa nan Kris (Efe. 2:8, 9). Nou rekonèt li nesesè pou nou ‘kontinye verifye si nou nan lafwa e pou nou kontinye teste sa nou menm nou ye’. (2 Kor. 13:5.) Se sa k fè, lè n ap montre moun yo li nesesè pou yo viv ann akò ak prensip Bondye yo, avèk imilite, nou montre nou rekonèt, nou menm tou, nou dwe suiv konsèy Bib la bay. Se pa nou Jewova bay dwa pou jije lòt moun. Li “remèt tout jijman an nan men Pitit la”, e nou tout dwe parèt devan tribinal li a pou sa nou fè. — Jan 5:22; 2 Kor. 5:10.

Lè w ap pale ak fanmi w e lè w ap pale ak frè ak sè yo. Se pa sèl lè nou nan predikasyon nou ta dwe montre nou pridan lè n ap pale. Piske, lè nou montre nou pridan lè n ap pale, nou pwouve nou gen fwi lespri Bondye a, nou ta dwe demontre kalite sa a lè n ap pale ak manm fanmi nou. Lanmou ap pouse nou demontre nou bay santiman lòt moun enpòtans. Mari rèn Estè a pa t yon adoratè Jewova, men Estè te montre li gen respè pou li e li te montre l gen anpil disènman lè l t ap prezante l yon sitiyasyon ki te konsène sèvitè Bondye yo (Estè, chap. 3-8). Nan kèk ka, pou nou montre nou pridan nan fason nou boule ak manm fanmi nou ki pa Temwen, sa ka mande pou nou kite se konduit nou ki fè yo wè chemen nou ye a se chemen verite a, olye nou ba yo esplikasyon konsènan kwayans nou. — 1 Pyè 3:1, 2.

Menm jan an tou, lefètke nou byen konnen moun ki fè pati kongregasyon an, sa pa ban nou dwa pou nou pa byen trete yo oswa pou nou pa montre nou janti avèk yo. Nou pa ta dwe panse lefètke yo gen matirite, yo ta dwe tolere tout bagay nou fè san plenyen. Nitou nou pa ta dwe ap chèche eskiz pou nou fè yo yon seri bagay lè nou di: “Bon, se konsa m ye.” Si nou wè nan fason nou pale, nou blese santiman lòt moun, nou dwe pran desizyon fèm pou nou chanje. Lefètke nou “gen anpil lanmou youn pou lòt”, sa ta dwe pouse nou “fè byen [...] pou moun ki fanmi nou nan lafwa”. — 1 Pyè 4:8, 15; Gal. 6:10.

Lè w ap fè diskou sou estrad la. Moun k ap pale sou estrad la tou dwe montre yo pridan lè y ap pale. Moun k ap koute yo soti divès kote e yo nan sitiyasyon ki diferan. Yo pa nan menm nivo nan pwogrè espirityèl yo. Gendwa gen moun se premye fwa yo vin nan Sal Wayòm nan. Gen lòt moun ki gendwa ap viv yon seri sitiyasyon ki vrèman ba yo strès, bagay oratè a pa konnen. Ki sa ki ka ede yon oratè evite blese santiman moun k ap koute l yo?

Ann amoni ak konsèy apot Pòl te bay Tit la, se pou w gen objektif ‘pou w pa pale pèsonn mal, pou w rezonab, pou w montre yon dousè total anvè tout kalite moun’. (Tit 3:2.) Pa imite moun nan monn nan k ap itilize yon seri mo pou rabese moun ki pa soti nan menm ras ak yo, moun ki pa pale menm lang avèk yo oswa moun ki pa gen menm nasyonalite avèk yo (Rev. 7:9, 10). Avèk franchiz, pale sou prensip Jewova yo epi montre jan li saj pou yon moun aplike yo, men pa fè move kòmantè sou moun ki poko ap mache nan chemen Jewova yo totalman. Okontrè, ankouraje tout moun pou yo chèche konprann volonte Bondye e pou yo fè Bondye plezi. Adousi konsèy w ap bay yo avèk bonjan felisitasyon ki sensè. Nan fason w pale ak nan ton vwa w, montre w gen afeksyon pou frè ak sè yo, afeksyon nou tout dwe genyen youn pou lòt la. — 1 Tes. 4:1-12; 1 Pyè 3:8.

FASON POU W FÈ SA

  • Fè yon konvèsasyon ak moun nan, olye se ou sèl ki pale nètale.

  • Byen reflechi sou fason moun nan ap konprann sa w di yo.

  • Anvan w pale sou yon pwen, reflechi pou w wè si se moman ki apwopriye a.

  • Lè sa posib, felisite moun nan ak tout kè w.

  • Pa kouri eksite lè yon moun di yon bagay ki montre li pa dakò avè w.

  • Evite panse ou pi bon pase lòt moun; pa jije lòt moun.

EGZÈSIS: Byen li istwa ki vin apre yo nan Bib la: 2 Samyèl 12:1-9; Travay 4:18-20. Nan chak istwa, note 1) prèv ki montre moun yo te pridan lè yo t ap pale e 2) sa yo di ki montre yo te pran pozisyon fèm pou chemen Jewova yo ki jis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje