BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 34 p. 202-p. 205 par. 4
  • Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou w ankourajan e se pou w pozitif
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Se pou w ankourajan e se pou w pozitif
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Chèche bay temwayaj enfòmèl
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 34 p. 202-p. 205 par. 4

LESON 34

Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Ki sa pou w fè?

Pa rete ap pale pandan anpil tan sou bagay ki negatif, pale sou bagay k ap pèmèt yon sitiyasyon amelyore oswa sou bagay k ap fè moun yo gen konfyans.

Poukisa sa enpòtan?

Monn nan ki pa gen lanmou ap fini ak moun yo. Anpil moun gen gwo pwoblèm. Lè nou byen prezante mesaj ki nan Bib la, sa fè moun ki gen bon kè yo wè lavi a yon lòt jan, yo vin gen espwa konsènan lavni.

MESAJ yo ban nou preche a se yon bon nouvèl. Men sa Jezi te di: “Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon.” ​(Mak 13:10). Jezi te bay egzanp lan lè l te fè moun yo konnen “bon nouvèl wayòm Bondye a”. (Lik 4:43.) Yo pale de predikasyon apot yo te fè a tou kòm “bon nouvèl Bondye a” e kòm “bon nouvèl sou Kris la”. (1 Tes. 2:2; 2 Kor. 2:12.) Yon mesaj konsa se yon mesaj ki ankourajan e ki pozitif.

Ann amoni ak “bon nouvèl k ap dire pou toutan” “zanj k ap vole nan mitan syèl la” ap anonse a, men sa nou ankouraje moun yo fè: “Krenn Bondye epi ba li glwa.” ​(Rev. 14:6, 7). Nou pale ak tout moun toupatou sou tè a konsènan vrè Dye a, non li, bèl kalite l yo, bèl bagay li fè yo, objektif li genyen ki demontre li renmen nou, responsablite nou genyen anvè l e konsènan sa l vle nou fè. Bon nouvèl la gen ladan l tou mesaj konsènan destriksyon Jewova Dye pral lage sou monn nan, ki pa onore l e ki detwi lavi anpil moun. Men, se pa nou menm ki gen dwa jije moun n ap preche yo. Sa nou ta renmen wè ak tout kè nou, se pou anpil moun byen reyaji devan mesaj ki nan Bib la, yon fason pou l kapab vrèman yon bon nouvèl pou yo. — Pwo. 2:20-22; Jan 5:22.

Pa pale twòp sou bagay ki negatif. Natirèlman, nou konnen gen bagay ki negatif nan lavi a. Nou pa ka fè kòmsi yo pa egziste vre. Pou w kòmanse yon konvèsasyon, ou ka site yon pwoblèm ki okipe lespri moun ki nan tèritwa a epi w ka pale sou li pandan yon ti tan tou kout. Men, an jeneral, li pa twò bon pou w ret pale anpil sou li. Se toutan moun yo ap tande nouvèl ki fè yo tris, donk si w ap pale sou bagay ki negatif ak yo, sa ka fè yo fèmen pòt yo oswa sa ka fè yo pa koute. Byen bonè nan konvèsasyon w ap fè avèk yo, fè efò pou w dirije atansyon yo sou verite ki nan Pawòl Bondye a ki bay moun fòs (Rev. 22:17). Apre sa, menmsi moun yo pa vle kontinye konvèsasyon an, w ap gentan kite yon bagay ki ankourajan pou yo reflechi sou li. Konsa, yo ka pi dispoze koute nan yon lòt okazyon.

Menm jan an tou, si yo ba w fè yon diskou, pa chaje moun k ap koute w yo ak enfòmasyon ki negatif tou senpleman paske w jwenn anpil enfòmasyon konsa. Si yon oratè pase anpil tan ap pale sou echèk dirijan lèzòm yo, sou krim ak vyolans e sou zak imoral k ap fèt toupatou yon fason deplorab, sa ka dekouraje moun k ap koute l yo. Ou ka pale sou kèk aspè ki negatif nan yon sijè sèlman si w wè sa ap itil. Lè yon oratè mete yon ti kantite enfòmasyon ki negatif nan yon diskou l ap fè, sa ka ede moun k ap koute l yo wè jan sijè a enpòtan pou yo. Enfòmasyon sa yo ka montre yo tou kèk bagay ki trèzenpòtan ki te mennen nan yon sitiyasyon, e oratè a ka pwofite itilize yo pou l montre poukisa solisyon ki nan Bib la itil. Lè sa posib, pale sou pwoblèm yo yon fason presi san w pa rete anpil sou yo.

An jeneral, li pa posib pou nou elimine tout enfòmasyon ki negatif nan yon diskou, ni li pa ta bon pou nou fè sa. Sa ki ka reprezante yon defi pou nou se rive prezante ni enfòmasyon ki pozitif ni enfòmasyon ki negatif yon fason ki pèmèt rezilta final la pozitif. Pou w rive fè sa, ou dwe chèche wè ki enfòmasyon pou w pran, ki enfòmasyon pou w pa pran e sou ki sa pou w mete aksan. Nan Sèmon sou montay la, Jezi te egzòte moun ki t ap koute l yo pou yo pa suiv etadespri egoyis espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te demontre a. Epi, li te bay kèk egzanp pou moun yo te ka konprann sa l t ap di a (Mat. 6:1, 2, 5, 16). Men, olye l te rete sou egzanp negatif chèf relijye sa yo te bay, li te mete aksan pito sou enpòtans sa genyen pou yon moun konprann sa Bondye mande nou pou nou fè an reyalite e pou l viv ann amoni ak sa l mande yo (Mat. 6:3, 4, 6-15, 17-34). Sa te gen yon efè ki te vrèman pozitif sou moun yo.

Toujou pale yon fason ki pozitif. Si yo ba w fè yon diskou nan kongregasyon an sou kèk aspè nan aktivite kretyen yo gen pou yo fè a, fè efò pou w ankouraje moun yo olye w kritike yo. Asire w ou fè sa w ap ankouraje lòt moun yo fè a (Wom. 2:21, 22; Ebre 13:7). Se ta dwe lanmou ki pouse w pale ak frè yo. Pa fache kont yo (2 Kor. 2:4). Si w gen konfyans frè ak sè yo vle fè Jewova plezi, sa w ap di a ap montre konfyans sa a, e sa ap gen bon efè sou yo. Gade jan apot Pòl te montre li gen yon konfyans konsa nan 1 Tesalonisyen 4:1-12, 2 Tesalonisyen 3:4, 5 ak Filemon 4, 8-14, 21.

Pafwa, li nesesè pou ansyen yo bay frè ak sè yo kèk mizangad konsènan yon konduit ki pa kòrèk. Men, si yo gen imilite, sa ap ede yo fè sa avèk dousè (Gal. 6:1). Fason y ap pale ta dwe demontre yo gen respè pou moun ki nan kongregasyon an (1 Pyè 5:2, 3). Labib mande jèn frè yo sitou pou yo veye sou sa (1 Tim. 4:12; 5:1, 2; 1 Pyè 5:5). Lè l nesesè pou ansyen yo reprimande kèk moun, pou yo ba yo disiplin e pou yo korije yo, yo ta dwe fè sa ann amoni ak sa Labib di (2 Tim. 3:16). Yon oratè pa dwe fòse aplike vèsè yo nan yon sans ki pa apwopriye, ni li pa dwe tòde yo pou l fè yo kore yon ide li menm li renmen anpil. Menm lè sa nesesè pou l bay konsèy pou l korije yon sitiyasyon, li ka pale yon fason ki pozitif nan diskou a, si l plis mete aksan sou fason pou moun yo evite tonbe nan sa ki mal, fason pou yo rezoud pwoblèm yo, fason pou yo venk difikilte yo, fason pou yo korije yon move konduit ak fason prensip Jewova yo pwoteje nou. — Sòm 119:1, 9-16.

Lè w ap prepare yon diskou, byen reflechi sou fason w ap fini chak ide prensipal ak fason w ap fini diskou a. Souvan moun yo sonje dènye pawòl yon oratè di pandan pi lontan. Èske pawòl sa yo ap pozitif?

Lè w ap pale ak frè ak sè yo. Sèvitè Jewova yo apresye okazyon yo genyen nan reyinyon yo pou yo pale ansanm. Moman sa yo se moman pou yo repran fòs nan domèn espirityèl. Labib mande nou pou nou chèche ‘ankouraje youn lòt’ lè nou reyini ansanm pou nou adore Bondye (Ebre 10:25). Nonsèlman nou fè sa nan diskou ak kòmantè n ap fè pandan reyinyon yo, men nou fè sa tou nan konvèsasyon nou fè ni anvan ni apre reyinyon yo.

Se vre, li nòmal pou nou pale sou sa ki konsène lavi n ap mennen chak jou, men, nou jwenn yon pi gwo ankourajman lè nou pale sou bagay ki gen rapò ak relasyon nou avèk Bondye. Sa gen ladan l eksperyans nou fè nan sèvis sakre a. Lè nou montre nou youn enterese nan lòt yon fason ki kòrèk, sa ankourajan tou.

Nou bezwen fè atansyon pou monn nan pa enfliyanse nou. Lè Pòl t ap ekri kretyen Efèz yo, men sa l te di yo: “Piske kounye a nou kite afè bay manti a, se pou nou chak di pwochen nou laverite.” ​(Efe. 4:25). ‘Di laverite’ olye nou bay manti, sa gen ladan l pou nou pa bay ni moun ni bagay monn nan pran pou zidòl yo glwa. Jezi te ban nou mizangad tou kont “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun”. (Mat. 13:22.) Se sa k fè, lè n ap pale youn ak lòt, nou dwe veye pou nou pa ap fè reklam pou byen materyèl, paske lè sa a se pwomosyon n ap fè pou richès ki gen pouvwa pou l twonpe moun. — 1 Tim. 6:9, 10.

Lè apot Pòl t ap bay konsèy sou nesesite pou nou ankourajan pou lòt moun, li te egzòte nou pou nou pa ni jije ni rabese yon frè ki ka pa vle fè kèk bagay paske “lafwa l fèb”, sètadi paske li pa konprann tout kote libète li genyen antanke kretyen an rive. Anfèt, pou konvèsasyon n ap fè ak lòt moun ankouraje yo, nou dwe pran an konsiderasyon orijin yo, sitiyasyon yo ak nivo pwogrè yo nan domèn espirityèl. Se pa ti tris sa t ap tris si nou ta “met yon obstak devan yon frè [oswa yon sè] ki ka fè l bite oswa yon bagay ki ka lakòz li fè yon fo pa”! — Wom. 14:1-4, 13, 19.

Moun k ap lite ak gwo pwoblèm, pa egzanp, moun ki toujou malad, kontan pou bon ti konvèsasyon moun fè avèk yo ki fòtifye yo. Yon moun ki nan yon sitiyasyon konsa ka fè anpil efò pou l asiste reyinyon yo. Moun ki konnen moun sa a toujou malad ka mande l: “Ki jan w santi w?” Pa gen dout, moun sa a ap kontan lefètke lòt moun enterese nan li konsa. Men, li ka pa twouve se pale sou eta sante l ki se sijè k ap pi ankourajan pou li nan moman an. Pawòl yo di l pou montre jan yo apresye l e pou yo felisite l ka plis touche l. Èske w wè prèv ki montre li kontinye renmen Jewova e ki montre li gen andirans devan sitiyasyon difisil li ye a? Èske w santi w ankouraje lè w tande l k ap fè kòmantè? Èske sa pa t ap pi ankourajan pou w atire atansyon l sou bèl kalite l yo e sou fason li soutni kongregasyon an olye w atire atansyon sou pwoblèm ki limite l la? — 1 Tes. 5:11.

Pou konvèsasyon n ap fè ak lòt moun fòtifye yo, li vrèman enpòtan pou nou reflechi sou pwennvi Jewova anrapò ak sa n ap pale a. Nan Izrayèl tan lontan an, moun ki te pale kont reprezantan Jewova yo e ki te plenyen pou lamàn nan te nan gwo kontravansyon ak Jewova (Nonb 12:1-16; 21:5, 6). Nou montre nou byen konprann egzanp sa yo lè nou gen respè pou ansyen yo e lè nou gen apresyasyon pou manje esklav fidèl ki prevwayan an ban nou nan domèn espirityèl. — 1 Tim. 5:17.

Souvan, li pa difisil pou nou jwenn bagay ki itil pou nou pale avèk frè nou yo sou yo. Men, si yon moun ap di yon seri pawòl pou l kritike lòt moun oswa pou l kritike dispozisyon ki pran, ou bezwen fè efò pou w vire konvèsasyon an sou bagay ki ankourajan.

Kit n ap bay lòt moun temwayaj, kit n ap pale sou estrad la oubyen n ap fè konvèsasyon ak frè ak sè yo, annou sèvi ak disènman pou sa nou rale sot nan trezò ki nan kè nou se “pawòl ki bon pou bati moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo”. — Efe. 4:29.

FASON POU W FÈ SA

  • Sonje misyon nou se preche bon nouvèl la.

  • Se pou w ankouraje moun yo olye w kritike yo.

  • Chèche gen yon pwennvi pozitif sou moun w ap pale avèk yo a.

  • Nan konvèsasyon w ap fè, reflechi sou efè pawòl ou ka gen sou lòt moun.

EGZÈSIS: Vizite yon moun ki andikape oswa ki oblije rete lakay li akoz yon pwoblèm. Kòmanse yon konvèsasyon ankourajan avè l. Montre w konprann nan ki sitiyasyon l ye, men di pawòl ki pozitif. Byen prepare w pou w ka atenn objektif sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje