CHAPIT 32
Fason Jezi te jwenn pwoteksyon
PAFWA, Jewova fè yon seri bagay estrawòdinè pou l pwoteje moun ki piti, moun ki pa anmezi pou yo pwoteje tèt yo. Si w al fè yon ti pwonmennen pandan ou an pwovens, petèt w ap wè yon egzanp sou fason Jewova fè sa. Men, okòmansman, ou gendwa pa konprann sa k ap pase.
Yon zwazo vin poze atè a toupre w. W a di li blese. L ap trennen zèl li e lè w eseye pwoche bò kote l, li deplase. Ou suiv li, e li kontinye avanse devan w. Epi, zwazo a pop li vole l ale. Li pa t okenn blese nan zèl! Ou konn sa zwazo sa a t ap fè? —
Ebyen, toupre kote zwazo a te poze a, ti zwazo l yo te sere anba raje a. Manman an te pè pou w pa jwenn yo e pou w pa fè yo mechanste. Konsa, li fè kòmsi li blese pou l ka fè w soti nan zòn nan. Èske w konnen kiyès ki ka pwoteje nou menm jan yon manman zwazo pwoteje ti zwazo l yo? — Nan Bib la, yo konpare Jewova ak yon zwazo ki rele èg, yon zwazo ki konn ede pitit li yo. — Detewonòm 32:11, 12.
Ki sa manman zwazo sa a fè pou l pwoteje pitit li yo?
Nan tout pitit Jewova, se Jezi, pitit li renmen anpil la, ki gen plis valè nan je l. Lè Jezi te nan syèl la, li te yon espri pisan, menm jan ak Papa li. Li te ka pran swen tèt li poukont li. Men, lè Jezi te vin fèt sou tè a, li te san defans e li te bezwen pwoteksyon.
Pou Jezi te ka fè sa Bondye te mande l pou l fè sou tè a, fòk li te grandi pou l vin yon òm san defo. Sepandan, Satan t ap chèche touye Jezi anvan sa, pandan Jezi toupiti. Èske w ta renmen konnen ki jan Jewova te pwoteje Jezi lè yo te eseye touye l? — Nou pral wè sa, se yon istwa ki pasyonan.
Yon tikras tan apre nesans Jezi, Satan fè yon swadizan etwal klere nan syèl la, nan Lès. Yon seri mesye yo rele astwològ, sa vle di moun ki konn etidye etwal, fè plizyè santèn kilomèt ap suiv etwal la jis yo rive Jerizalèm. Lè yo rive, yo mande ki kote moun ki gen pou vin wa Juif yo dwe fèt. Lè yo mande kèk mesye ki konnen sa Bib la di sou sa, mesye yo reponn: “Betleyèm.” — Matye 2:1-6.
Pou Bondye ka sove Jezi, ki sa l di astwològ yo apre vizit yo a?
Te gen yon move wa Jerizalèm ki te rele Ewòd. Apre li fin tande gen yon nouvo wa ki fèk fèt nan vil Betleyèm, yon vil ki toupre, li di astwològ yo konsa: ‘Chèche timoun nan, epi lè nou jwenn li, vin fè m konn sa.’ Èske w konn poukisa Ewòd vle konnen kote l ka jwenn Jezi? — Se paske li jalou e li vle touye l!
Dapre ou menm, ki jan Bondye ap pwoteje Pitit Gason l lan? — Ebyen, lè astwològ yo jwenn Jezi, yo ba l kado. Apre sa, Bondye di astwològ yo nan yon rèv pou yo pa retounen al wè Ewòd. Konsa, yo fè yon lòt wout pou yo retounen lakay yo, san yo pa pase Jerizalèm. Lè Ewòd rann li kont astwològ yo kite zòn nan, li fache anpil. Pou Ewòd te ka touye Jezi, li fè touye tout tigason nan Betleyèm ki gen mwens pase dezan! Men, anvan sa fèt, Jezi te gentan ale.
Èske w konnen ki jan Jezi fè chape? — Apre astwològ yo deplase pou y al lakay yo, Jewova avèti Jozèf, ki marye ak Mari, pou fè l konnen li dwe leve e li dwe kouri al ann Ejip, kote Jezi t ap ka chape anba men mechan ki rele Ewòd la. Kèk ane apre, lè Mari ak Jozèf sot ann Ejip ak Jezi, Bondye bay Jozèf yon lòt enstriksyon. Li mande l nan yon rèv pou l deplase al Nazarèt, kote Jezi t ap an sekirite. — Matye 2:7-23.
Kòman Bondye sove Jezi yon lòt fwa ankò?
Èske w wè ki jan Jewova pwoteje Pitit Gason l lan? — Kiyès ou ta di ki tankou ti zwazo manman yo kache yo nan raje a, oswa ki tankou Jezi, lè Jezi te timoun piti? Èske se pa konsa ou ye tou? — Ou menm tou, gen moun ki vle fè w bagay ki mal. Ou konn kiyès? —
Bib la di Satan tankou yon lyon k ap gwonde ki vle manje nou. E menm jan lyon yo pi fasil atake ti bèt, se konsa Satan ak demon l yo pi fasil atake timoun (1 Pyè 5:8). Men, Jewova pi fò pase Satan. Jewova ka pwoteje timoun li yo e li ka repare kèlkeswa bagay mal Satan fè yo.
Nan chapit 10 liv sa a, nou te wè Dyab la ak demon l yo ap eseye fè nou fè yon seri bagay. Èske w sonje ki bagay? — Y ap pouse nou pou nou gen relasyon seksyèl Bondye kondane. Men, kiyès sèlman ki gen dwa gen relasyon seksyèl? — Se yon gason ak yon fi ki gran e ki marye youn ak lòt.
Sepandan, gen kèk granmoun malerezman ki renmen gen relasyon seksyèl ak timoun. Apre sa, timoun sa yo vin kòmanse ap fè vye bagay yo aprann nan men granmoun sa yo. Se konsa timoun sa yo tou kòmanse sèvi ak ògàn seksyèl yo yon move fason. Se sa k te rive nan vil Sodòm sa gen trè lontan. Bib la di moun nan zòn sa a, “depi jèn tigason rive nan vye tonton”, te dèyè gen relasyon seksyèl ak mesye ki te vin wè Lòt yo. — Jenèz 19:4, 5.
Donk, menm jan Jezi te bezwen pwoteksyon, ou menm tou, ou bezwen pou yo pwoteje w kont granmoun oswa menm kont lòt timoun ki petèt ap chèche gen relasyon seksyèl avèk ou. An jeneral, moun sa yo ap pran pòz yo se zanmi w. Yo gendwa menm ofri w yon seri bagay si w pwomèt ou pap di pèsonn sa yo vle fè avèk ou a. Men, moun sa yo egoyis menm jan ak Satan ak demon l yo, e se plezi yo sèlman ki enterese yo. E y ap chèche jwenn plezi sa a lè yo gen relasyon seksyèl ak timoun. Se yon bagay ki mal anpil!
Èske w konnen ki sa yo ka fè pou yo jwenn plezi? — Ebyen, yo gendwa ap eseye karese ògàn seksyèl ou. Oswa menm, yo gendwa ap fwote ògàn seksyèl pa yo ak pa w. Men, ou pa dwe janm kite pèsonn jwe ak peni w oswa ak vajen w, li te mèt se frè w oswa sè w oswa manman w oswa papa w. Pati sa yo ki nan kò ou se pati entim ou yo ye.
Ki sa w dwe di e ki sa w dwe fè si yon moun ap eseye manyen w yon fason ki pa kòrèk?
Ki jan w ka pwoteje kò w kont moun k ap fè move bagay sa yo? — Toudabò, pa kite pèsonn jwe ak ògàn seksyèl ou. Si yon moun ap eseye fè sa, di l byen fò: “Pa fè m sa! Mwen pral pot plent pou ou!” E si l pretann sa k rive a se fòt ou, pa kwè l. Se pa vre. Annik al pot plent pou li, kèlkeswa moun li ye a! Ou dwe fè sa, menmsi li di sa n ap fè ansanm nan ap rete yon sekrè ant li menm avè w sèlman. Menmsi moun sa a pwomèt ou l ap ba w bèl kado, menmsi l ap eseye fè w pè, ou dwe kouri ale e ou dwe al pot plent pou li kanmenm.
Ou pa bezwen pè, men, natirèlman, fòk ou pridan. Lè paran w pale w pou w evite yon moun oswa yo di w pou w pa ale yon kote ki ka reprezante yon danje pou ou, se pou w koute yo. Si w fè sa, w ap evite pou yon moun ki mechan jwenn posiblite fè w mal.
Annou li kòman nou ka pwoteje tèt nou kont zak seksyèl ki pa bon, nan Jenèz 39:7-12; Pwovèb 4:14-16; 14:15, 16; 1 Korentyen 6:18; ak nan 2 Pyè 2:14.