BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 3 kesyon 1-3
  • Lè n ap rezoud pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè n ap rezoud pwoblèm
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 PALE SOU PWOBLÈM NAN
  • 2 KOUTE EPI CHÈCHE KONPRANN
  • 3 AJI AN KONSEKANS
  • Fason pou n rezoud pwoblèm yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Montre respè pou konjwen w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Se pou nou fidèl youn ak lòt
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou
    Fanmi w ka gen kè kontan
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 3 kesyon 1-3
Yon mari k ap koute madanm li k ap di l sa l santi.

SEKSYON 3

Lè n ap rezoud pwoblèm

“Se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche.” — 1 Pyè 4:8.

Toutpandan ou menm ak moun ou marye avè l la ap viv ansanm, nou pral rankontre plizyè pwoblèm. Nou ka vin jwenn pwoblèm sa yo akoz nou pa panse menm jan, nou pa leve menm jan, e nou pa wè lavi a menm jan. Mete sou sa, evènman nou pa t atann ak lòt bagay ankò ka lakòz nou jwenn pwoblèm tou.

Nou ka gen tandans fèmen je n sou pwoblèm yo, sepandan, Labib konseye n pou n fè fas ak yo (Matye 5:23, 24). W ap jwenn pi bon solisyon pou pwoblèm yo lè w aplike prensip Bib la bay yo.

1 PALE SOU PWOBLÈM NAN

MEN SA BIB LA DI: “Gen [...] yon tan pou w pale.” ​(Eklezyas 3:1, 7). Ou bezwen asire w ou rezève tan pou w pale ak moun ou marye avè l la sou pwoblèm nan. Fè l konnen franchman jan w santi w e fè l konnen sa w panse sou pwoblèm nan. Se pou w toujou ‘di l laverite’. (Efezyen 4:25.) Menmsi w ta fache anpil, fè gwo efò pou w pa fè gwo diskisyon. Lè w bay yon repons ki dous, sa ka ede w pa kite yon senp ti pwoblèm fè nou nan kont. — Pwovèb 15:4; 26:20.

Menmsi w pa dakò ak moun ou marye avè l la, pa pale lèd, e pa janm bliye montre lanmou ak respè pou li (Kolosyen 4:6). Eseye rezoud pwoblèm nan san pèdi tan, epi pa ret fache youn ak lòt. — Efezyen 4:26.

Mari ak madanm k ap pale de yon pwoblèm.

SA W KA FÈ:

  • Chwazi yon bon moman pou w pale sou pwoblèm nan.

  • Lè se kou pa w pou w koute, fè efò pou w pa entèwonp li. W ap gen moman pa w pou w pale tou.

2 KOUTE EPI CHÈCHE KONPRANN

MEN SA BIB LA DI: ‘Se pou nou gen afeksyon ki pwofon youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt.’ ​(Women 12:10). Fason w koute enpòtan anpil. Eseye konprann pwennvi moun ou marye avè l la avèk “senpati [...] ak imilite”. (1 Pyè 3:8; Jak 1:19.) Pa fè kòmsi w ap koute l. Lè sa posib, fè yon ti kanpe sou sa w ap fè a epi ba l tout atansyon w, oubyen, mande l si w ka pale avè l sou sa pita. Si w konsidere moun ou marye avè l la kòm yon moun ou fòme yon ekip avè l olye w konsidere l kòm yon advèsè, ou pap “prese fache”. — Eklezyas 7:9.

SA W KA FÈ:

  • Se pou w gen yon bon etadespri toutpandan w ap koute l, menmsi sa l ap di w la pa fè w plezi.

  • Chèche wè pi lwen pase sa l ap di yo. Byen gade jès l ap fè yo epi chèche konprann ton vwa l.

3 AJI AN KONSEKANS

MEN SA BIB LA DI: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l. Men, yon moun ki ret ap pale sèlman ap vin pòv.” ​(Pwovèb 14:23). Li pa sifi pou w annik jwenn yon bon solisyon. Ou bezwen fè sa nou toule de te di n ap fè a. Sa ka mande pou n travay di e pou n fè anpil efò, men, sa ap pote bon rezilta (Pwovèb 10:4). Si nou travay ansanm, n ap “gen yon bon rekonpans” pou travay di n ap fè a. — Eklezyas 4:9.

SA W KA FÈ:

  • Chèche wè ki sa nou chak pral fè pou n rezoud pwoblèm nan.

  • Detanzantan, chèche wè ki pwogrè w fè.

FÈ FAS AK PWOBLÈM YO ANSANM

Lè n travay ansanm, n ap ka gen asirans maryaj nou ap djanm e l ap ban nou kè kontan olye pou maryaj la fèb epi l pote chagren (Pwovèb 24:3). Konsantre n sou lavni, epi, pa plede ap pale sou sa k pase (Pwovèb 17:9). Lè n kowopere youn ak lòt e nou aplike prensip biblik yo nan lavi nou, n ap kapab fè fas ak nenpòt pwoblèm.

MANDE TÈT OU...

  • Ki pwoblèm ki pi ijan mwen vle pale ak moun mwen marye avè l la?

  • Ki sa m ka fè pou m konprann sa moun mwen marye avè l la santi toutbon konsènan pwoblèm nan?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje