BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 71 p. 168-p. 169 par. 1
  • Jewova te pwoteje Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova te pwoteje Jezi
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yo suiv yon etwal
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yo chape anba men diktatè a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Yo chape anba men yon dirijan ki mechan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Astwològ yo vin vizite Jezi
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 71 p. 168-p. 169 par. 1
Mari ak ti Jezi sou do yon bourik e Jozèf ap mache bò kote yo.

LESON 71

Jewova te pwoteje Jezi

Nan yon zòn ki nan lès peyi Izrayèl, gen moun ki te kwè zetwal yo kapab gide yo. Yon jou swa, te gen kèk mesye ki soti nan lès ki te wè yon bagay ki sanble ak yon zetwal byen klere k ap deplase nan syèl la, epi yo te suiv li. Swadizan “zetwal” sa a te mennen yo Jerizalèm. Mesye yo te kòmanse mande moun yo: ‘Kote timoun ki pral vin wa Juif yo? Nou vini pou n bese byen ba devan l.’

Lè Ewòd, wa Jerizalèm nan, tande pral gen yon nouvo wa, sa te ba l anpil pwoblèm. Li mande prèt an chèf yo: ‘Ki kote wa sa a gen pou l fèt?’ Yo te di l: ‘Pwofèt yo te di li t ap gen pou l fèt Betleyèm.’ Se sa k fè, Ewòd rele mesye ki sot nan lès yo, epi l di yo: ‘Al Betleyèm, chèche konn ki kote timoun sa a ye. Epi, tounen vin di m kote l ye. Mwen vle bese byen ba devan l tou.’ Men, se manti li t ap bay.

Sa mesye yo te pran pou yon zetwal la te rekòmanse avanse ankò. Mesye yo te suiv li rive Betleyèm. Swadizan “zetwal” la te vin kanpe anlè tèt yon kay, e mesye yo antre nan kay la. Yo te jwenn Jezi ansanm ak manman l, Mari. Yo te bese byen ba devan timoun nan, epi yo te ba l anpil kado, yo te ba l lò, lansan blan ak lami. Èske se Jewova toutbon ki te fè mesye sa yo jwenn Jezi? Non.

Jou swa sa a, men sa Jewova te di Jozèf nan yon rèv: ‘Ewòd vle touye Jezi. Pran madanm ou ak timoun nan, epi kouri al ann Ejip. Rete la jiskaske m di w pa gen pwoblèm pou w retounen lakay ou.’ Menm kote a, Jozèf ak fanmi l al ann Ejip.

Jewova te di mesye ki sot nan zòn lès yo pou yo pa tounen kot Ewòd. Lè Ewòd wè yo pa tounen kote l, li te vin fache anpil. Piske l pa t ka jwenn Jezi, li te bay lòd pou yo touye tout tigason ki Betleyèm ki te gen menm laj ak Jezi. Men, Jezi pa t gen pwoblèm, li te lwen ann Ejip.

Rive yon lè, Ewòd vin mouri. Jewova di Jozèf: ‘Kounye a, pa gen pwoblèm, ou mèt tounen nan peyi w.’ Jozèf, Mari, ak Jezi te tounen ann Izrayèl, e yo t al rete nan vil Nazarèt.

“Se konsa, pawòl ki sot nan bouch mwen ap ye. [...] L ap fè sa m voye l fè a.” — Ezayi 55:11.

Kesyon: Poukisa lavi Jezi te an danje? Ki jan Jewova te pwoteje l?

Matye 2:1-23; Miche 5:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje