BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb p. 122-123
  • Entwodiksyon pou seksyon 9

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Entwodiksyon pou seksyon 9
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jewoyada te gen kouraj
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te vle ede
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon sòlda ak yon tifi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb p. 122-123
Yon tifi izrayelit k ap pale ak madanm yon mesye ki te gen lèp, ki rele Naaman.

Entwodiksyon pou seksyon 9

Nan seksyon sa a, nou pral aprann ki jan kèk moun ki te jèn, kèk pwofèt ak kèk wa te montre yo gen yon gwo lafwa nan Jewova. Te gen yon tifi izrayelit nan peyi Siri ki te kwè pwofèt Jewova a te kapab geri Naaman. Pwofèt Elize te gen konfyans total Jewova t ap pwoteje l kont yon lame ènmi. Jewoyada, yon gran prèt, te riske lavi l pou l pwoteje ti Jewowas pou Atali, granmè l ki te mechan, pa touye l. Wa Ezekyas te gen konfyans Jewova t ap delivre Jerizalèm. Se sa k fè, li pa t kite menas moun peyi Asiri yo fè l fè bak. Wa Jozyas te elimine idolatri nan peyi a, li te fè reparasyon nan tanp lan e l te fè nasyon an retounen nan vrè adorasyon an.

KÈK LESON ENPÒTAN

  • Pèsonn pa janm twò piti pou l pale ak lòt moun de Jewova.

  • Depi nou fè sa ki dwat, Jewova pwomèt l ap avèk nou.

  • Menm jan ak Jonas, aprann suiv enstriksyon Jewova bay e pa plenyen lè bagay yo pa pase jan w ta vle a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje