BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 7
  • Kontinye ede moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye ede moun yo
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Pòl te fè
  • Ki sa nou aprann sou Pòl?
  • Imite Pòl
  • Montre w gen imilite
    Renmen moun, epi fè disip
  • Montre w enterese nan lòt moun
    Renmen moun, epi fè disip
  • Montre w gen pasyans
    Renmen moun, epi fè disip
  • Ki lè pou nou retounen vizite moun ki enterese yo?
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 7

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

Apot Pòl k ap pataje bon nouvèl la ak yon gwoup moun ki nan oditoryòm yon lekòl.

Tra. 19:​8-10

LESON 7

Kontinye chèche ede moun yo

Prensip: ‘Yo te kontinye anseye san rete e yo te kontinye anonse bon nouvèl la.’ — Tra. 5:42.

Sa Pòl te fè

Apot Pòl k ap pataje bon nouvèl la ak yon gwoup moun ki nan oditoryòm yon lekòl.

VIDEYO: Pòl kontinye chèche ede moun Efèz yo

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 19:​8-10. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Olye pou Pòl te bay vag lè l te jwenn opozisyon, ki jan l te kontinye chèche ede moun ki te montre yo enterese nan bon nouvèl la?

  2. Konbyen fwa Pòl te retounen al anseye moun ki te enterese yo, e pandan konbyen tan li te fè sa?

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Nou bezwen pran tan e nou bezwen fè efò pou n retounen fè nouvèl vizit nou yo, epi kòmanse etid Labib ak moun yo.

Imite Pòl

3. Chèche vizite moun nan nan yon lè k ap bon pou li. Mande tèt ou: ‘Ki lè e ki kote k ap pi bon pou m jwenn li? Ki lè e ki kote k ap pi bon pou m pale avè l?’ Pran dispozisyon pou w vizite l, menmsi lè a pa fin bon pou ou.

4. Mande moun nan ki lè ou ka pale avè l ankò. Nan fen chak konvèsasyon, chèche antann ou ak moun nan sou yon lè byen presi ou ka pale avè l ankò. Fè efò pou w respekte randevou a.

5. Kontinye rete pozitif. Pa kouri panse yon moun ou pa jwenn lakay li fasil oswa ki souvan okipe se yon moun ki pa enterese (1 Kor. 13:​4, 7). Kidonk, kontinye fè efò pou w jwenn moun nan, men tou, kontinye byen sèvi ak tan w. — 1 Kor. 9:26.

GADE TOU

Tra. 10:42; 1 Kor. 9:​22, 23; 2 Kor. 4:1; Gal. 6:9

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje