BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 8
  • Montre w gen pasyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen pasyans
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Kontinye demontre pasyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Sèvi ak videyo nou yo pou n anseye moun yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Montre w enterese nan lòt moun
    Renmen moun, epi fè disip
  • Kontinye ede moun yo
    Renmen moun, epi fè disip
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 8

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

Jezi k ap pwoche bò kot frè l, Jak, nan yon atelye ebenis. Jak sezi wè l.

Jan 7:​3-5; 1 Kor. 15:​3, 4, 7

LESON 8

Montre w gen pasyans

Prensip: “Lanmou gen pasyans.” — 1 Kor. 13:4.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap pwoche bò kot frè l, Jak, nan yon atelye ebenis. Jak sezi wè l.

VIDEYO: Jezi ede frè l la avèk pasyans

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 7:​3-5 ak 1 Korentyen 15:​3, 4, 7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Okòmansman, ki jan frè Jezi yo te reyaji devan mesaj li t ap preche a?

  2. Ki sa k fè nou wè Jezi te kontinye chèche ede Jak, ki te frè l?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou bezwen gen pasyans paske gen moun ki pran plis tan pase lòt pou yo aksepte bon nouvèl la.

Imite Jezi

3. Eseye yon lòt metòd. Si yon moun pa aksepte yon etid Labib tousuit, pa fòse l. Lè sa apwopriye, sèvi ak kèk videyo oswa kèk atik pou w ede l konprann ki jan nou fè yon etid Labib e ki byenfè l ap jwenn si l fè yon etid.

4. Pa fè konparezon. Chak moun se yon moun. Si yon moun nan fanmi w oswa yon moun ou retounen vizite renka pou l etidye Bib la oswa pou l aksepte yon ansèyman nan Bib la, chèche wè ki sa k ka fè sa. Èske se yon kwayans nan relijyon l ki vrèman enpòtan pou li? Èske fanmi l oswa vwazen l ap fè presyon sou li? Ba l tan pou l reflechi sou sa w di l yo e pou l wè tout enpòtans sa Bib la anseye yo genyen.

5. Priye Jewova pou l ede w pou w kapab ede yon moun ki enterese. Mande Jewova ede w rete pozitif, epi ede w pale e aji avèk konsiderasyon pou moun nan. Priye l pou l ba w bon konprann pou w ka konnen ki lè pou w sispann vizite yon moun ki pa montre l enterese. — 1 Kor. 9:26.

GADE TOU

Mak 4:​26-28; 1 Kor. 3:​5-9; 2 Pyè 3:9

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje