BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/1 p. 31
  • Konplotè yo pran nan pwòp pyèj yo !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konplotè yo pran nan pwòp pyèj yo !
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan yo te pèdi Paradi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon nonm ki te gen lafwa nan pwomès Bondye yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/1 p. 31

Pou jèn yo

Konplotè yo pran nan pwòp pyèj yo !

Enstriksyon : Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Viv sa ki di nan istwa yo.

ANALIZE SÈN NAN. — LI DÀNYÈL 6:1-28.

Ki jan de moun ou panse Dariyis te ye ? Sèvi ak imajinasyon w pou w dekri ki jan l te ye fizikman. Ki ton vwa ou panse li te itilize pou l pale ? (Reli vèsè 14, 16, 18-20.)

․․․․․

Ki jan twou a ye, e ki jan ou t ap dekri lyon yo ?

․․․․․

Ki sa w panse ki te rive pandan senk premye minit ki te pase apre yo te fin fèmen Dànyèl nan twou lyon an ?

․․․․․

MEDITE PLIS TOUJOU.

Ki sa k fè fonksyonè Dariyis yo te rayi Dànyèl ? (Reli vèsè 3.)

․․․․․

Poukisa Dànyèl te chwazi priye kote tout moun te ka wè l alòske li te kapab fè sa an sekrè ? (Reli vèsè 10, 11.)

․․․․․

Sa k fè Dariyis te wè lwa mesye yo te pwopoze sou lapriyè a te bon ? (Reli vèsè 7.)

․․․․․

APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Kouraj yon moun bezwen genyen lè l devan opozisyon.

․․․․․

Enpòtans lapriyè.

․․․․․

Sousi Jewova genyen pou sèvitè fidèl li yo.

․․․․․

KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA ?

․․․․․

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje