BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/7 p. 28
  • Yon nonm ki te gen lafwa nan pwomès Bondye yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nonm ki te gen lafwa nan pwomès Bondye yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jan yo te pèdi Paradi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Konplotè yo pran nan pwòp pyèj yo !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/7 p. 28

Pou jèn yo

Yon nonm ki te gen lafwa nan pwomès Bondye yo

Enstriksyon: Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo.

ANALIZE SÈN NAN.—LI JENÈZ 12:1-4; 18:1-15; 21:1-5; 22:15-18.

Dekri ki jan Abraram dwe te santi l lè l te tande pwomès Jewova te fè l pou l ba li yon “desandans” ​(NW) ki t ap pote benediksyon pou lemonnantye.

․․․․․

Ak ki sa w imajine twa vizitè yo mansyone nan Jenèz 18:2 yo te sanble?

․․․․․

Ki jan w imajine sa k te pase nan Jenèz 18:6-8 la? (Pa bliye, Abraram te prèske gen 100 an lè sa a.)

․․․․․

MEDITE PLIS TOUJOU.

Konbyen tan ki te pase ant moman Jewova te pwomèt Abraram li t ap gen yon pitit gason an ak lè Izarak te fèt la? (Reli Jenèz 12:4 ak Jenèz 21:5.)

․․․․․

Pandan peryòd Abraram t ap tann nan, ki sa Jewova te di l nan diferan okazyon pou l te ka ba l asirans pwomès li te fè l yo t ap reyalize? (Li Jenèz 12:7; 13:14-17; 15:1-5, 12-21; 17:1, 2, 7, 8, 15, 16.)

․․․․․

Ki sa Jewova te fè pou Abraram lè Abraram te montre li yon ti jan pa t fin sèten l t ap kapab fè yon timoun? (Reli Jenèz 15:3-5, 12-21.)

․․․․․

Ki jan Jewova te revele detay konsènan “desandans” lan ofiramezi?

․․․․․

APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Nesesite pou nou gen lafwa nan pwomès Bondye yo.

․․․․․

Fason Jewova revele volonte l ofiramezi.

․․․․․

KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA?

․․․․․

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje