BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/7 p. 18-19
  • Evite fè move zanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Evite fè move zanmi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jan yo te pèdi Paradi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Konplotè yo pran nan pwòp pyèj yo !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/7 p. 18-19

Pou jèn yo

Evite fè move zanmi

Enstriksyon: Fè egzèsis sa a kote ki pa gen bri. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye konprann santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Fè istwa a vin vivan.

Pèsonaj prensipal: Dina, Chekèm, Jakòb, Simon ak Levi

Rezime: Chekèm vyole Dina, epi frè Dina yo vekse e y al tire revanj.

1 ANALIZE SÈN NAN. — LI JENÈZ 34:1-31.

Ki aktivite ou panse Dina te konn fè ak zanmi li te gen nan peyi Kanaran yo?

․․․․․

Ki rezònman ou panse Chekèm te konn fè ak Dina lè l t ap di l ti pawòl “dous”?

․․․․․

Selon vèsè 30 lan, ki sa w santi nan vwa Jakòb lè l t ap blame Simeyon ak Levi?

․․․․․

2 MEDITE PLIS TOUJOU.

Poukisa w panse Dina te konn al wè medam peyi Kanaran yo regilyèman? (Pa egzanp, ki rapò li dwe te gen ak medam yo? Ki sa petèt li te jwenn nan moun ki te abite nan peyi Kanaran yo li pa t jwenn lakay li?)

․․․․․

Ki kalite Dina te petèt wè lakay Chekèm ki te atire l? (Li vèsè 3, 12 ak 19 ankò.)

․․․․․

Ki jan Bib la montre Dina pa t vle fè sèks ak Chekèm? (Li vèsè 2 a ankò.)

․․․․․

Èske w panse Simeyon ak Levi te gen dwa tire revanj lè yo te touye moun nan vil Chekèm yo? Sa k fè w panse yo te gen dwa oswa sa k fè w panse yo pa t gen dwa?

․․․․․

3 APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

... nesesite pou w byen chwazi moun w ap fè zanmi.

․․․․․

... nesesite pou w gen metriz, menmsi w gen bonjan rezon pou w an kòlè.

․․․․․

LÒT APLIKASYON OU KA FÈ.

Ki sa w ka fè pou w anpeche moun ki pa respekte prensip moral Bondye yo abize w nan domèn seksyèl?

․․․․․

4 KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA?

․․․․․

Si w pa gen bib, mande Temwen Jewova yo pou yo ba w youn, oubyen li Labib sou Entènèt nan www.watchtower.org

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje